Atos 28
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Lè yo tout te fin rive sof nou te vin twouve ke lil la te rele Malte. 2Natif peyi yo te byen resevwa nou ak yon dousè ekstrawòdinè. Akoz lapli a ki te vin fèmen sou nou, avèk anpil fredi, yo te limen yon dife e te resevwa nou tout.
3Men lè Paul te ranmase yon pakèt bwa e te mete yo sou dife a, yon vipè te sòti akoz chalè a e te tache nan men l.
4Lè natif yo te wè bèt la k ap pann soti nan men li, yo te kòmanse di youn ak lòt: “San dout mesye sa a se yon asasen, epi malgre li sove soti nan lanmè a, jistis p ap kite li viv.” 5Konsa, li te souke retire bèt la jete nan dife a, men l pa t gen anyen. 6Men yo t ap atann ke li vin anfle e sibitman tonbe mouri. Men apre yo te tann pandan anpil tan e pa t wè anyen rive li, yo te reflechi yon lòt jan e te kòmanse di ke li te yon dye.
7Alò, toupre kote sila a, te gen tè ki te pou mesye pi enpòtan nan lil la, ke yo te rele Publius, ki te bannou byenveni. Li te byen emab e li te bay nou lojman pandan twa jou.
8Li te vin rive ke papa a Publius te kouche byen malad avèk lafyèv ak dyare. Paul te ale wè li e lè li te fin priye pou li, li te poze men l sou li e te geri li.
9Aprè sa te fin fèt, tout lòt moun sou lil la ki te gen maladi t ap vin kote li e t ap geri. 10Anplis, yo te onore nou avèk anpil mak respè, e lè nou t ap pran vwal, yo te founi nou tout sa nou te bezwen.
11Nan fen twa mwa yo nou te pran vwal sou yon bato Alexandryen ki osi te pase sezon livè a nan lil la. Li te gen Frè Jimo yo kon òneman devan an kòm tèt bato a.
12Apre nou te antre o pò nan Syracuse, nou te rete la pandan twa jou.
13Soti la, nou te pran vwal pou antoure rive nan Reggio. Yon jou pita, yon van sid te parèt, e nan dezyèm jou a nou te rive Pouzzles. 14La nou te twouve kèk frè ki te envite nou rete avèk yo pandan sèt jou, e konsa nou te rive Rome.
15Epi frè fidèl yo, lè yo te tande de nou, te vini la soti nan distans pou rive nan Mache Appuis la avèk Twa Tavernes pou rankontre nou. Lè Paul te wè yo, li te remèsye Bondye e te pran kouraj.
16Lè nou te antre Rome, Paul te jwenn pèmisyon pou rete pou kont li, avèk sòlda ki t ap veye l la.
17Apre twa jou Paul te rele ansanm moun ki te pi enpòtan pami mesye Jwif yo. Lè yo te vin ansanm, li te kòmanse ap di yo: “Frè yo malgre mwen pa t fè anyen kont pèp nou an, oubyen koutim zansèt nou yo, konsa, mwen te livre kòm prizonye soti Jérusalem nan men Women yo. 18Epi lè yo menm te egzamine mwen, yo te dakò pou lage m paske yo pa t twouve baz pou mete m a lanmò. 19Men lè Jwif yo te vin pa dakò, mwen te oblije fè apèl a César, pa akoz ke m te gen okenn akizasyon kont nasyon mwen an. 20Pou rezon sa a, donk mwen te mande wè nou pou pale avèk nou, paske mwen ap pote chenn sa a pou lespwa Israël la.”
21Yo te di li: “Nou pa t ni resevwa lèt sòti Judée konsènan ou, ni pa t gen okenn nan frè yo ki te vin isit la pou rapòte oswa pale anyen mal de ou menm. 22Men nou dezire tande de ou menm sa ke ou panse. Paske konsènan sèkt sa a, se byen koni pami nou menm ke yo pale kont li toupatou.”
23Lè yo te fikse yon jou pou Paul, yo te vini kote lojman li an an gran nonb. Li t ap eksplike yo nan temwayaj klè e konplè de wayòm Bondye a ak nan eseye fè yo kwè konsènan Jésus, soti nan Lalwa Moïse la ak nan pwofèt yo depi granmmaten jis rive nan aswè. 24Kèk te vin kwè akoz bagay ki te pale yo, men lòt yo te refize kwè. 25Lè yo pa t dakò youn avèk lòt, yo te kòmanse pati lè Paul te fin pale dènye pawòl sila a: “Lespri Sen an te gen rezon lè l te pale atravè Ésaïe, pwofèt a zansèt nou yo, 26Lè l te di:
‘Ale nan pèp sa epi di:
“Nou va toujou tande,
men nou p ap konprann.
Nou va toujou gade,
men nou p ap wè anyen.
27Paske kè a moun sa yo vin di.
Zòrèy pa yo, yo manke tande.
E yo fèmen zye yo;
otreman pou yo ta wè avèk zye yo,
tande avèk zòrèy yo,
konprann avèk kè yo,
e retounen, pou Mwen ta geri yo.’
28“Konsa, Kite l byen konnen a nou menm, ke delivrans sila gen tan voye osi a pèp etranje yo. Yo menm va koute.” 29Lè li te fin pale pawòl sa yo, Jwif yo te pati, e yo t ap diskite pami yo menm.
30Konsa, Paul te rete la pandan dezan nan pwòp chanm li ke li te lwe a. Li te trè kontan resevwa tout sila ki te vin wè li yo. 31Li t ap preche wayòm Bondye a, e t ap enstwi konsènan Senyè a Jésus Kri, avèk tout libète, san anpèchman.

Você sabia?
Do naufrágio em Malta até Roma
- A ilha que os viajantes descobriram se chamar Malta é a ilha do Mediterrâneo também conhecida como Melita, a Malta atual. O Easton's Bible Dictionary (1897) diz que ela foi colonizada primeiro pelos fenícios, que o dicionário identifica com os “bárbaros” de Atos 28:2, e que os gregos a tomaram em 736 a.C., passando depois aos cartagineses. Paulo e seus companheiros permaneceram ali três meses, até passar a estação das tempestades.Fontes: Melita · Publius · o próprio texto bíblico
- Perto dali ficava uma propriedade de Públio, o principal da ilha, que acolheu o grupo naufragado e o hospedou com generosidade durante três dias. O Easton's Bible Dictionary (1897) observa que alguns supõem que a palavra grega protos, traduzida como “homem principal”, era propriamente um termo maltês, o título oficial do governador.Fontes: Publius · o próprio texto bíblico
- Depois de três meses, zarparam num navio alexandrino que havia invernado na ilha. Ficaram três dias em Siracusa, na costa sudeste da Sicília, que o Easton's Bible Dictionary (1897) descreve como distinta pelo tamanho e pelo esplendor; depois chegaram a Régio, no estreito de Messina, e a Putéoli, que esse dicionário descreve como o grande porto dos navios alexandrinos de cereais, a cerca de 170 milhas de Roma. De Putéoli seguiram em direção a Roma pela Via Ápia, e irmãos foram ao encontro deles até o Fórum de Ápio e as Três Vendas.Fontes: Syracuse · Rhegium · Puteoli · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Malta · 35.933, 14.412 · versículo 1
- Alexandria · 31.183, 29.896 · versículo 11
- Syracuse · 37.064, 15.293 · versículo 12
- Puteoli · Hoje: Pozzuoli · 40.826, 14.121 · versículo 13
- Rhegium · Hoje: Reggio Calabria · 38.109, 15.644 · versículo 13
- Rome · 41.892, 12.485 · versículos 14, 15, 16, 30
- Forum of Appius · Hoje: Forum Appii · 41.466, 12.998 · versículo 15
- Three Taverns · 41.562, 12.874 · versículo 15
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 17
- Judea · Hoje: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículo 21
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org