Nations Bible

Atos 25

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Konsa, Festus, apre twa jou nan pwovens lan, te kite Césarée pou monte Jérusalem.

2Chèf prèt yo ak dirijan a pèp Jwif yo te pote chaj kont Paul. Konsa, yo t ap mande yo favè 3ke li ta fè pa yo nan jijman a kont Paul, pou fè l vini Jérusalem. Men yo te gen lentansyon pou touye l nan wout.

4Answit Festus te reponn ke Paul t ap kenbe nan gadavi Césarée, e ke li menm t ap sòti talè. 5“Konsa”, li te di: “Kite prensipal moun pami nou yo ale avè m, e si gen yon bagay ki mal nan nonm sa a, kite yo pouswiv sa nan lajistis.”

6Apre Festus te fin pase plis ke di jou pami yo, li te desann Césarée. Nan pwochen jou a li te pran chèz li devan tribinal la, e te kòmande yo fè Paul vini.

7Apre Paul te rive, Jwif ki te desann sòti Jérusalem yo te kanpe antoure li. Yo t ap pote anpil chaj byen serye kont li ke yo pa t kab pwouve.

8Paul te di nan pwòp defans li: “Mwen pa fè okenn ofans ni kont Lalwa Jwif yo, ni kont tanp lan, ni kont César.”

9Men Festus ki te vle plè Jwif yo, te reponn Paul. Li te di: “Èske ou dakò pou monte Jérusalem pou pase nan jijman devan mwen sou chaj sila yo?”

10Men Paul te di: “Mwen kanpe devan tribinal César a, kote mwen dwe jije a. Mwen pa fè okenn mal a Jwif yo, jan ou menm osi byen konnen an. 11Si konsa, mwen se yon malfektè, e mwen fè yon bagay ki merite lanmò, mwen pa refize mouri; men si okenn nan bagay sila ke yo akize m yo pa verite, pèsòn pa kapab livre mwen a yo. Mwen fè apèl mwen a César.”

12Konsa Apre Festus te fè yon konferans avèk konseye li, li te reponn: “Se a César ke ou fè apèl; se a César ke ou va ale.”

13Alò lè kèk jou te pase, Wa Agrippa avèk Bérnéice te rive Césarée pou prezante omaj yo a Festus. 14Pandan yo t ap pase anpil jou la, Festus te mete ka a Paul la devan wa a, e t ap di: “Genyen yon sèten nonm ke Félix te kite kòm prizonye. 15Epi lè m te Jérusalem, chèf prèt avèk ansyen Jwif yo te pote chaj kont li, pou mande yon santans kondanasyon kont li.

16“Mwen te reponn yo ke se pa koutim a Women yo pou livre okenn moun avan sila ki akize a wè akizatè li yo fasafas e vin gen chans pou fè defans li kont chaj yo. 17Donk, apre yo te fin ransanble la a, mwen pa t fè reta, men nan pwochen jou a, te pran chèz mwen sou tribinal la, e te kòmande mesye sila a vin devan mwen. 18Lè akizatè yo te kanpe, yo te kòmanse pote chaj krim, men pa tankou mwen ta sipoze a. 19Yo te senpleman gen kèk pwen malantandi sou relijyon pa yo, ak sou yon sèten mesye mouri, Jésus, ke Paul te pwoklame toujou vivan. 20Kòmsi mwen pa t menm konprann jan pou m ta fè yon ankèt sou bagay sila yo, mwen te mande si li te dakò pou ale Jérusalem pou pase nan jijman sou zafè sila yo. 21Men lè Paul te fè apèl pou desizyon Anperè a, mwen te kòmande li kenbe nan gadavi jiskaske m voye li kote César.”

22Answit Agrippa te di a Festus: “Mwen ta renmen osi tande mesye sa mwen menm”.

Li te reponn: “Demen ou va tande l”.

23Konsa, nan pwochen jou a, lè Agrippa te parèt ansanm avèk Bérnéice, pami gwo zafè, li te antre nan sal odyans lan, akonpanye ak kòmandan yo ak lòm pi enpòtan nan vil yo, epi sou kòmand Festus, Paul te mennen antre.

24Festus te di: “Wa Agrippa, e tout moun ki prezan avèk nou la a, ou wè nonm sila a, sou kilès tout pèp Jwif la te fè vin kote mwen, ni nan Jérusalem, ni isit la, pou te deklare byen fò ke li pa t dwe viv ankò a. 25Men mwen te twouve ke li pa t fè okenn bagay ki te merite lanmò; epi akoz ke li menm te fè apèl a Anperè a, mwen te deside voye l.

26“Deja mwen pa gen anyen definitif pou ekri a mèt mwen. Donk mwen mennen li devan nou tout, e espesyalman devan ou, Wa Agrippa, pou lè ankèt la fèt, pou mwen kapab gen yon bagay pou m ekri. 27Paske li sanble dwòl pou mwen voye yon prizonye, epi pou m pa endike osi chaj kont li.”

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

O apelo de Paulo a César

  • Cesareia, no Mediterrâneo, cerca de setenta milhas a noroeste de Jerusalém, era a capital da província romana da Judeia e a sede dos procuradores. Herodes, o Grande, a construiu e lhe deu o nome em honra de César Augusto, e foi ali que Festo se sentou no tribunal; subir a Jerusalém e descer a Cesareia segue o caminho entre essa capital costeira e a cidade montanhosa.Fontes: Caesarea · Jerusalem · o próprio texto bíblico
  • O Easton's Bible Dictionary (1897) identifica Festo como o procurador da Judeia que sucedeu a Félix; poucas semanas depois de Festo assumir o cargo, foi-lhe apresentado o caso de Paulo, a quem Félix deixara preso em Cesareia. O mesmo dicionário diz que ele não encontrou nada digno de morte ou de prisão e teria libertado Paulo se este não tivesse apelado a César; após o apelo, Festo consultou o conselho e respondeu que Paulo iria a César.Fontes: Portius Festus · Felix · o próprio texto bíblico
  • Agripa II, nascido em Roma e irmão de Berenice, foi nomeado pelo imperador Cláudio superintendente do templo de Jerusalém e, mais tarde, rei sobre a tetrarquia de Filipe e Lisânias. Ele e Berenice desceram a Cesareia para apresentar cumprimentos a Festo, que, sem saber como investigar contendas sobre a própria religião dos judeus e sobre um Jesus que Paulo afirmava estar vivo, levou Paulo perante o rei para ter acusações definidas a escrever ao imperador.Fontes: Agrippa · Bernice · o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Caesarea · Hoje: Caesarea Maritima · 32.500, 34.892 · versículos 1, 4, 6, 13, 24
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 3, 7, 9, 15, 20, 24
  • Rome · 41.892, 12.485 · versículos 25, 27

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.