Nations Bible

Atos 23

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Paul te gade konsèy la avèk atansyon, e te di: “Frè yo mwen viv lavi m avèk yon trè bon konsyans devan Bondye jiska jodi a.”

2Wo prèt la, Ananias te kòmande sila ki te kanpe akote l yo pou frape l sou bouch li.

3Konsa, Paul te di li: “Bondye pral frape ou, ou menm miray ki blanchi avèk lacho! Èske ou chita pou jije m selon Lalwa a, e nan vyolasyon Lalwa a, ou pase lòd pou yo frape m?”

4Men sila ki te akote yo te di: “Èske se ensilte w ap ensilte wo prèt Bondye a?”

5Paul te reponn: “Mwen pa t okouran, frè m yo, ke li te wo prèt la. Paske sa ekri: ‘Nou pa pou pale mal a yon chèf a pèp nou an’”.

6Men byen konprann ke yon pati se te Sadiseyen yo, e lòt la, Farizyen yo, Paul te kòmanse kriye fò nan konsèy la: “Frè m yo, mwen menm se yon Fariziyen, yon fis a Farizyen. Mwen ap jije devan tribinal a pou esperans nan rezirèksyon a mò yo!”

7Pandan li te di sa, te vin rive gen yon gran dezakò antre Farizyen yo ak Sadiseyen yo, epi asanble a te divize. 8Paske Sadiseyen yo di ke nanpwen rezirèksyon, ni zanj, ni lespri, men Farizyen yo rekonèt yo tout.

9Konsa, te vin rive gen yon gwo tapaj. Kèk nan skrib pati Farizyen yo te kanpe e te kòmanse diskite byen cho. Yo t ap di: “Nou pa twouve okenn fot avèk nonm sila a. Si se yon lespri oswa yon zanj te pale ak li, annou pa goumen kont Bondye!”

10Pandan konfli a t ap devlope, kòmandan an te pè pou yo pa ta chire Paul an mòso. Konsa, li te kòmande sòlda yo pou desann, retire li pami yo ak lafòs, e mennen l nan kazèn nan.

11Men nan nwit swivan an, Senyè a te kanpe akote l e te di: “Pran kouraj, paske menm jan ke ou temwaye seryezman e konplètman pou kòz mwen Jérusalem nan, menm jan an ou oblije temwaye nan Rome osi.”

12Lè jounen an te rive Jwif yo te fòme yon konplo. Yo te vin mare ansanm anba yon sèman, pou yo pa ta ni manje, ni bwè jiskaske yo te touye Paul. 13Te gen plis ke karant moun ki te fòme konplo sila a. 14Yo te vini a chèf prèt ak ansyen yo, e te di: “Nou vin mare ansanm anba yon sèman serye e konplè pou pa goute anyen jiskaske nou touye Paul. 15Alò, konsa, ou menm avèk konsèy la avèti kòmandan an pou l mennen l desann kote nou, kòmsi nou t ap pral detèmine ka li a pi pre. E pou pati pa nou, nou prè pou touye l avan li rive pre kote a.”

16Men fis a sè Paul la te tande afè konplo sila a, e li te vin antre kazèn nan pou te enfòme Paul.

17Konsa, Paul te rele youn nan santenye kote l yo e te di li: “Mennen jennonm sila a kote kòmandan an paske li gen yon rapò pou bay li.”

18Alò li te pran li, e te mennen li bay kòmandan an e te di l: “Paul prizonye a te rele mwen vè jennonm sila a pou vin kote w akoz li gen yon bagay pou di w.”

19Kòmandan an te pran l pa lamen, e te rale l akote pou mande l an prive: “Kisa ou gen kòm rapò pou ban mwen an?”

20Li te di: “Jwif yo gen tan fin dakò pou mande ou mennen Paul devan konsèy la demen, kòmsi yo t ap pral mande plis enfòmasyon sou li menm. 21Pa kwè yo, paske plis ke karant nan yo ap tann pou atake l. Yo gen tan mare yo menm anba yon sèman pou yo pa ni manje ni bwè jiskaske yo touye l; koulye a y ap tann ou vin bay pèmisyon.”

22Kòmandan an te kite jennonm nan ale. Li te di l: “Pa di pèsòn ke ou pale bagay sa yo avè m.”

23Konsa, li te rele de nan santenye yo. Li te di yo: “Ale fè de-san sòlda prè pou twazyèm lè nwit lan, pou pati pou Césarée, avèk swasann-dis chevalye, ak de-san sòlda ak lans.” 24Yo te gen osi pou prepare cheval pou mete Paul, pou fè l rive sof kote Félix gouvènè a. 25Epi li te ekri yon lèt nan fòm sila a:

26Claude Lysias, a trè ekselan Gouvènè Félix; Salitasyon.

27“Lè mesye sa a te arete pa Jwif yo, e te prèt pou l te touye pa yo, mwen te vini sou yo avèk sòlda yo pou sekouri l, akoz ke m te vin konprann ke li te yon sitwayen Women. 28Epi akoz ke mwen te vle konprann chaj ke yo te pote kont li an, mwen te fè l rive devan Konsèy pa yo a. 29Konsa, mwen te vin twouve ke li te akize sou kesyon konsènan pwòp lwa pa yo, men pa anba okenn akizasyon ki te merite lanmò oubyen prizon.

30“Lè m te enfòme ke ta gen yon konplo kont li, mwen te voye li kote ou sibitman, e osi te enstwi akizatè li yo pou mennen chaj kont li yo devan ou.”

31Konsa, sòlda yo selon lòd pa yo, te pran Paul pou mennen l nan nwit lan devan Antipatris. 32Men nan pwochen jou a yo te kite chevalye yo ale avè l, e yo te retounen nan Kazèn nan. 33Lè sa yo te rive Césarée e te livre lèt la bay Gouvènè a, yo te prezante Paul devan l.

34Lè li te fin li l, li te mande nan ki pwovens li te sòti, e lè li te vin aprann ke se te Cilicie, 35li te di: “Mwen va bay ou yon odyans apre akizatè ou yo vin rive tou.” Konsa, li te bay lòd pou yo ta kenbe l nan Pretwa Hérode la.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Paulo diante do Sinédrio e a caminho de Cesareia

  • Ananias era o sumo sacerdote perante quem Paulo foi levado enquanto Félix era procurador. Depois que Paulo disse que se havia conduzido diante de Deus com toda a boa consciência, Ananias ordenou aos que estavam por perto que o ferissem na boca; Paulo chamou-o de parede branqueada e, quando protestaram que ele havia insultado o sumo sacerdote de Deus, respondeu que não sabia que Ananias ocupava esse cargo. O Easton's Bible Dictionary (1897) observa que essa resposta tem ocasionado certa dificuldade.Fontes: Ananias (High Priest) · o próprio texto bíblico
  • Mais de quarenta homens se comprometeram sob juramento a não comer nem beber até que matassem Paulo, e soldados o levaram de noite de Jerusalém até Antipátride. Antipátride, construída por Herodes, o Grande, e nomeada em honra de seu pai Antipater, ficava na grande estrada romana de Cesareia a Jerusalém, a cerca de vinte e oito milhas de Cesareia. Cesareia, na costa do Mediterrâneo, a cerca de setenta milhas a noroeste de Jerusalém, era a capital da província romana da Judeia e a sede dos procuradores.Fontes: o próprio texto bíblico · Antipatris · Caesarea
  • Cláudio Lísias, descrito pelo Easton's Bible Dictionary como um grego que havia comprado a cidadania romana e tomado o nome de Cláudio, escreveu ao governador Félix que as acusações envolviam questões da lei judaica e que não havia acusação digna de morte ou prisão. Félix, o procurador romano da Judeia, perguntou de que província Paulo era; ao saber que era da Cilícia, onde Tarso, cidade natal de Paulo, era uma das principais cidades, ordenou que Paulo fosse mantido sob guarda no Pretório de Herodes até que os acusadores chegassem.Fontes: Claudius Lysias · Felix · Cilicia · o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 11
  • Rome · 41.892, 12.485 · versículo 11
  • Caesarea · Hoje: Caesarea Maritima · 32.500, 34.892 · versículos 23, 32, 33
  • Aphek · Hoje: Tell Ras el Ain · 32.105, 34.930 · versículo 31
  • Cilicia · 36.913, 34.892 · versículo 34

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.