Nations Bible

Atos 21

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Lè nou te rive nou te kite yo pou pran bato a vwal.

Nou te kouri toudwat pou Cos, jou apre a pou Rhodes, epi soti la a pou Patara.

2Lè nou te twouve yon bato ki t ap travèse vè Phénicie, nou te monte e pran vwal. 3Lè nou te vin wè Chip, kite l agoch, e te kontinye kouri bato pou Syrie, e te rive nan Tyr, paske se la bato a te gen pou debake chaj li.

4Apre nou fin twouve disip yo, nou te rete la pandan sèt jou. Yo menm te kontinye ap di Paul selon Lespri a pou l pa mete pye l Jérusalem.

5Lè l rive ke jou nou yo pou rete la te fini, nou te pati fè wout nou, pandan yo menm avèk madanm ak timoun yo te akonpanye nou jiskaske nou te kite vil la. Apre nou te mete nou ajenou bòdmè a pou fè lapriyè, nou te di orevwa a youn lòt. 6Answit, nou te monte bato a, e yo te retounenlakay yo ankò.

7Lè nou te fin fè vwayaj la sòti Tyr, nou te rive Ptolémaïs. Lè nou te fin salye frè yo, nou te rete avèk yo pandan yon jou.

8Nan jou apre a nou te sòti e te rive Césarée. Nou te antre lakay Philippe, evanjelis la, ki te youn nan sèt yo. Nou te rete avèk li. 9Alò, nonm sa te gen kat fi vyèj ki te pwofetès.

10Pandan nou te rete la pandan kèk jou, yon sèten pwofèt ki te nome Agabus te desann sòti Judée. 11Epi lè l te vini kote nou, li te pran sentiwon a Paul; li te mare pwòp pye l ak men l, e te di: “Men sa ke Lespri Sen an di: Se konsa ke Jwif nan Jérusalem yo va mare nonm ki mete sentiwon sila a e va livre li nan men pèp etranje yo.”

12Lè nou te tande sa, nou menm, menm jan avèk rezidan lokal yo, nou te kòmanse mande l pou pa monte Jérusalem.

13Paul te reponn yo: “Kisa nou ap fè la a, n ap kriye pou kase kè m? Paske mwen prepare non sèlman pou m mare, men menm pou m ta mouri Jérusalem pou non Senyè Jésus a.”

14Epi Akoz ke li pa t kab konvenk, nou te tonbe an silans e t ap di: “Ke volonte a Senyè a fèt!”

15Apre jou sa yo, nou te prepare pou kòmanse fè wout nou pou monte Jérusalem. 16Anplis, Kèk nan disip Césarée yo te vini avèk nou, e te mennen nou kote Mnanson ki sòti Chypre, yon disip depi anpil tan avèk sila nou te vin rete.

17Apre nou te rive Jérusalem frè fidèl yo te resevwa nou avèk kè kontan.

18Jou swivan an Paul te antre avèk nou vè Jacques, epi tout ansyen yo te la. 19Apre li te salye yo, li te kòmanse pale youn pa youn, tout bagay ke Bondye te fè pami pèp etranje yo atravè ministè pa li a.

20Lè yo te tande sa yo te kòmanse bay glwa a Bondye. Yo te di li: “Ou wè, frè, konbyen milye ki gen pami Jwif yo nan sila ki te kwè yo, e yo tout te ranpli ak zèl pou Lalwa a. 21Konsa, yo konn tande de ou, ke w ap enstwi tout Jwif k ap viv pami pèp etranje yo pou renonse a Moïse, e k ap pale yo pou yo pa sikonsi pitit yo, ni pou yo pa mache selon koutim nou yo. 22Alò, kisa ki dwe fèt? Sètènman yo va tande ke ou gen tan vini.

23“Alò, fè sa ke nou di ou a. Nou gen kat mesye ki anba yon ve. 24Pran yo avèk ou, pirifye ou menm ansanm avèk yo, e peye depans pou yo kapab taye tèt yo. Konsa, tout moun va konnen ke pa gen anyen nan tout sa ke moun di de ou yo, men ke ou menm osi mache nan lòd, epi swiv Lalwa a.

25“Men konsènan pèp etranje, ki te kwè yo, nou te ekri selon desizyon nou, ke yo ta dwe evite vyann ki ofri kon sakrifis a zidòl, ak san, ak sa ki toufe, e ak imoralite seksyèl.”

26Alò Paul te pran mesye yo avè l nan jou swivan an. Li te pirifye li menm ansanm avèk yo. Yo te antre nan tanp lan e te bay avètisman ke yo t ap konplete jou pirifikasyon yo jiskaske sakrifis la te ofri pou yo chak.

27Lè sèt jou yo te prèske fini Jwif Asie yo, lè yo te wè l nan tanp lan, te kòmanse soulve foul la pou mete men sou li. 28Yo t ap kriye fò: “Mesye Israël yo, vin bay nou konkou! Sa se mesye ki preche a tout moun kont pèp nou an ak Lalwa a, ak kote sila a. Anplis de sa, li gen tan fè Grèk yo antre nan tanp lan, e te souye lye sen sa a.” 29Paske avan yo te konn wè Trophime, Efezyen an nan vil la avèk li, e yo te sipoze ke Paul te mennen l nan tanp lan.

30Alò tout vil la te leve, e pèp la te kouri ansanm pou te kenbe Paul. Yo te rale l deyò tanp lan, epi nan menm moman an, pòt yo te vin fèmen. 31Pandan yo t ap chache pou touye l, yon rapò te rive devan kòmandan Kowòt Women an, ke tout Jérusalem te boulvèse. 32Lapoula li te pran sòlda yo avèk santenye yo, e te kouri desann kote yo. Lè yo te wè sòlda yo avèk kòmandan an, yo te sispann bat Paul.

33Kòmandan an te parèt, e te kenbe li. Li te kòmande pou li mare avèk de chenn, e li te kòmanse mande l ki moun li te ye, ak kisa li fè. 34Men pami foul la kèk t ap rele yon bagay, e kèk yon lòt bagay. Lè l pa t kapab twouve laverite ki koze tout boulvèsman an, li te mande yo mennen l nan kazèn nan. 35Lè l te rive nan eskalye a, sòlda yo te pote li akoz vyolans a foul la; 36paske yon gran foul moun te kontinye ap swiv yo, e t ap rele: “Touye li!”

37Pandan Paul te prèt pou antre nan kazèn nan, li te mande kòmandan an: “Èske m kapab di ou yon bagay?”

E li te reponn: “Ou konn pale Grèk? 38Alò se pa ou menm Ejipsyen an ki kèk tan pase te soulve yon revòlt, e te mennen kat mil òm asasen pou rive nan dezè a?”

39Men Paul te di: “Mwen se yon Jwif ki sòti Tarse nan Cilicie, yon sitwayen a yon vil ase enpòtan. Mwen mande w, kite m pale avèk pèp la.”

40Lè l te bay permisyon, Paul, te vin kanpe sou eskalye a. Li te fè sinyal a foul la avèk men l. Lè te vin gen yon gwo silans, li te pale avèk yo nan lang Ebre, e te di,

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A viagem de Paulo a Jerusalém e sua prisão no templo

  • Em Cesaréia, o profeta Ágabo transmitiu um aviso simbólico vívido ao pegar o cinto de Paulo e amarrar as próprias mãos e pés. Ele predisse que os judeus em Jerusalém amarrariam Paulo e o entregariam nas mãos dos gentios.Fontes: Agabus · o próprio texto bíblico
  • Durante sua viagem, Paulo hospedou-se em Cesaréia na casa de Filipe, o evangelista, um dos Sete escolhidos para servir à igreja primitiva em Jerusalém. Filipe tinha quatro filhas solteiras que tinham o dom de profecia.Fontes: Phillip the Evangelist · o próprio texto bíblico
  • O violento tumulto que resultou na prisão de Paulo pelos romanos começou quando judeus da província da Ásia presumiram que Paulo havia introduzido Trófimo, um cristão gentio de Éfeso, no pátio sagrado do templo.Fontes: Trophimus · o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Cos · Hoje: Kos · 36.815, 27.110 · versículo 1
  • Patara · 36.260, 29.314 · versículo 1
  • Phoenicia · 33.271, 35.196 · versículo 2
  • Cyprus · 35.000, 33.000 · versículos 3, 16
  • Syria · Hoje: Syria 2 · 33.511, 36.306 · versículo 3
  • Tyre · 33.271, 35.196 · versículos 3, 7
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 4, 11, 12, 13, 15, 17, 18, 21, 31
  • Ptolemais · Hoje: Acre · 32.921, 35.069 · versículo 7
  • Caesarea · Hoje: Caesarea Maritima · 32.500, 34.892 · versículos 8, 16
  • Judea · Hoje: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículo 10
  • Asia · 38.400, 28.300 · versículo 27
  • Ephesus · 37.939, 27.341 · versículo 29
  • Cilicia · 36.913, 34.892 · versículo 39
  • Tarsus · 36.913, 34.892 · versículo 39

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.