Atos 2
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Lè jou Pannkòt la te rive, yo tout te ansanm nan yon sèl plas. 2Sibitman, te sòti nan syèl la yon bwi tankou yon van vyolan k ap kouri, e li te ranpli tout kay kote yo te chita a. 3Konsa, te parèt a yo menm, lang tankou dife, ki t ap gaye pou kont yo, e te vin poze sou yo chak. 4Yo tout te vin ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te kòmanse pale avèk lòt lang jan Lespri a t ap bay yo kapasite eksprime.
5Alò, te gen Jwif ki t ap viv Jérusalem; lèzòm fidèl jwif ki te sòti nan tout nasyon anba syèl la. 6Konsa, lè bwi a te fèt, foul la te reyini ansanm, e te sezi, paske yo tout t ap tande yo pale nan pwòp lang pa yo.
7Yo te etone, yo te sezi e te di: “Alò, èske tout moun sa yo k ap pale la yo pa Galileyen? 8E kijan ke nou tout tande yo nan pwòp lang natal pa nou? 9Patyen yo, Mèd yo, Elamit yo, moun Mésopotamie yo, Judée ak Cappadoce yo Pont ak Asie yo 10Phrygie ak Pamphylie yo, Égypte ak tèritwa Libye yo vwazen ak Cyrène, e sila ki t ap vizite Rome yo, Jwif ak pèp payen ki te konvèti a relijyon Jwif yo, 11Crétois ak Arabe yo, Nou tande yo nan pwòp lang pa nou, k ap pale tout zèv pwisan Bondye yo!”
12Yo tout te toujou sezi, byen konfonn, e te di youn ak lòt: “Kisa sa vle di?”
13Men te gen lòt ki t ap moke yo, e t ap di: “Yo plen avèk diven dous”.
14Men Pierre, ki te kanpe fèm avèk onz yo, te leve vwa li e te deklare a yo menm: “Moun a Judée yo, ak nou tout ki rete Jérusalem yo, kite sa byen konnen pami nou, e prete atansyon a pawòl mwen. 15Paske moun sa yo pa sou, tankou nou ta kwè a paske se sèlman twazyèm è nan jounen an. 16Men sa ki te pale pa pwofèt Joël la:
17‘Epi li va fèt nan dènye jou yo’, Bondye di:
Ke Mwen va vin vide Lespri Mwen sou tout Limanite.
Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize,
Jenn nonm nou yo va fè vizyon yo,
e granmoun nou yo va fè rèv.
18Menm sou sèvitè Mwen yo; ni fi, ni gason,
nan jou sa yo Mwen va vide Lespri Mwen,
e yo va pwofetize.
19Mwen va fè parèt mèvèy anwo nan syèl la,
ak sign anba sou latè;
san avèk dife, avèk vapè lafimen.
20Solèy la va vin nwa, e lalin nan va tounen san,
avan gran jou mèvèy Senyè a vini.
21E li va rive ke tout moun
ki rele Non Senyè a va sove.’
22“Moun Israël yo, koute pawòl sila yo: Jésus, yon nonm Nazareth, ke Bondye te temwaye devan nou pa mirak, mèvèy, ak sign, ke Bondye te acheve nan Li nan mitan nou, jan nou menm byen konnen an, 23nonm sila a, livre selon plan ak avan konesans Bondye, nou te kloue sou yon kwa pa men lèzòm san prensip Bondye yo, e te mete li a lanmò. 24Men Bondye te fè L leve ankò, e te mete fen a doulè lanmò a, paske se te enposib pou li ta kapab kenbe L.
25‘Paske David te di sou Li:
‘Mwen te toujou wè Senyè a devan fas mwen an;
paske Li sou men dwat mwen, pou m pa janm ebranle”.
26Donk, kè m te kontan, e lang mwen te bay lwanj.
Anplis de sa, chè mwen va repoze nan espwa,
27paske Ou p ap abandone nanm mwen nan sejou mò yo,
ni kite Sen Ou an sibi dekonpozisyon an.
28Ou fè m konnen chemen lavi yo;
Ou va ranpli m ak kè kontan avèk Prezans Ou.’
29“Frè m yo, mwen kapab di nou avèk konfyans selon zansèt nou David, ke li te mouri, li te antere, e ke tonm li la avèk nou jiska jodi a. 30Konsa, akoz ke li David te yon pwofèt, e te konnen ke Bondye te sèmante a li menm yon pwomès pou fè youn nan desandan li yo chita sou twòn li an, 31li te gade pi lwen e te pale sou rezirèksyon Kris la ke ‘Li pa t ni abandone nan sejou mò yo, ni kite chè L dekonpoze.’ 32Jésus sila Bondye te fè leve ankò a, de sa, nou tout te temwen.
33“Konsa, akoz Li te leve wo rive kote men dwat Bondye, e te resevwa nan Papa a, pwomès Lespri Sen an, li te fè vide sa ke nou wè, ak tande a.
34“Paske se pa t David ki te monte nan syèl la, men se te li menm ki di:
‘SENYÈ a te di a Senyè m nan, chita bò dwat Mwen
35Jiskaske M fè lènmi ou yo vin yon ti ban pou mete pye ou.’
36“Donk, kite tout lakay Israël la konnen san dout ke Bondye fè Li ni Senyè, ni Kris la —Jésus sila a ke nou te krisifye a.”
37Alò, lè yo te tande sa, yo te vin santi doulè jis nan kè yo, e te di a Pierre ak lòt apòt yo: “Frè yo kisa pou nou ta fè?”
38Pierre te di yo: “Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an. 39Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”
40Avèk anpil lòt pawòl li te temwaye solanèlman e te kontinye egzòte ak ankouraje yo, e te di: “Sove nou de jenerasyon moun mechan sila a!”
41Alò, sa yo ki te resevwa pawòl li yo te batize. E konsa, te vin ogmante nan menm jou a, a anviwon twa mil nanm. 42Yo te toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, nan kase pen, ak lapriyè.
43Tout moun te kontinye sanse gen lakrent ak gran respè, e anpil mèvèy ak sign te toujou ap fèt pa apòt yo.
44Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e te mete tout byen yo ansanm: 45Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak. 46De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè. 47Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo.
Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.

Você sabia?
O Espírito vem no Pentecostes
- Judeus tementes a Deus, de todas as nações debaixo do céu, já moravam em Jerusalém quando um som como o de um vento forte e impetuoso veio do céu e encheu a casa, e os que falavam começaram a anunciar as maravilhas de Deus em outras línguas. Neste capítulo, “Ásia” é a província romana da Ásia Proconsular, na parte ocidental da Ásia Menor, cuja capital era Éfeso — e não o continente com esse nome. O Ponto, ao longo da costa sul do mar Euxino, era uma província romana no tempo dos apóstolos e um lugar frequentado por muitos judeus da Dispersão; a Capadócia era a província mais oriental e a maior da Ásia Menor.Fontes: o próprio texto bíblico · Asia · Pontus · Cappadocia
- A multidão ficou espantada de que os que falavam fossem galileus. Quem se levantou com os Onze e lhes falou foi Simão Pedro, chamado antes Simão — isto é, Simeão, que significa “ouvir” —, um pescador de Betsaida, na costa ocidental do mar da Galileia, a quem seu irmão mais novo, André, levou primeiro a Jesus.Fontes: o próprio texto bíblico · Simon Peter
- Pedro disse que aquilo era o que havia falado o profeta Joel. Joel, o segundo dos doze profetas menores, era filho de Petuel, e sua história pessoal só é conhecida pelo seu livro. Pedro também citou Davi, o oitavo e o mais novo dos filhos de Jessé, de Belém, e disse à multidão que esse patriarca havia morrido e fora sepultado, e que seu túmulo ainda estava com eles em Jerusalém.Fontes: o próprio texto bíblico · Joel · David
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 5, 14
- Galilee · 32.760, 35.527 · versículo 7
- Asia · 38.400, 28.300 · versículo 9
- Cappadocia · 38.671, 34.839 · versículo 9
- Judea · Hoje: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículos 9, 14
- Mesopotamia · Hoje: Aram-naharaim · 36.864, 39.033 · versículo 9
- Pontus · 40.680, 37.830 · versículo 9
- Cyrene · 32.821, 21.851 · versículo 10
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 10
- Libya · 32.821, 21.851 · versículo 10
- Pamphylia · 37.000, 31.000 · versículo 10
- Phrygia · 39.000, 31.000 · versículo 10
- Rome · 41.892, 12.485 · versículo 10
- Nazareth · 32.702, 35.298 · versículo 22
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org