Atos 11
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, apòt yo ak frè fidèl yo ki te nan tout Judée te tande ke pèp etranje yo osi te resevwa pawòl Bondye a. 2Men lè Pierre te vin monte Jérusalem, sila ki te sikonsi yo te vin pa dakò avèk li. 3Yo t ap di: “Ou te ale kote moun ensikonsi yo, e te manje avèk yo.”
4Konsa, Pierre te kòmanse eksplike yo istwa a nan lòd ke tout bagay te rive yo. Li te di: 5“Mwen te nan vil Joppé, e mwen te nan lapriyè. Nan yon pwofon somèy mwen te fè yon vizyon; yon sèten objè ki te vin desann kon yon gwo dra ki kenbe nan kat kwen soti nan syèl la, e li te vini tou dwat devan mwen. 6Lè m te fikse zye m sou li, e t ap gade l, mwen te wè bèt latè a kat pye, bèt sovaj, reptil, ak zwazo syèl yo. 7Konsa, mwen te tande yon vwa ki te di m: ‘Leve Pierre; touye e manje.’
8“Men mwen te di: ‘Non Senyè, paske anyen ki pa sen, oswa ki pa pwòp pa janm antre nan bouch mwen.’
9“Men yon vwa ki soti nan syèl la te reponn yon dezyèm fwa: ‘Sa ke Bondye fè pwòp, pa konsidere l ankò pa sen.’ 10Sa te fèt twa fwa, epi tout bagay yo te rale monte ankò nan syèl la.
11“Epi gade byen, nan moman sa a, twa mesye ki te voye kote mwen sòti Césarée, te parèt devan kay la kote nou te rete a.
12“Lespri a te di m ale avèk yo san krent. Sis frè sila yo osi te ale avè m, e nou te antre nan kay mesye a.
13“Epi li te rapòte kijan li te wè zanj lan kanpe lakay li a, e te di: ‘Voye Joppé pou fè Simon, ke yo rele osi Pierre, vin isit la. 14Li va pale nou pawòl yo. Ak yo menm nou va sove, nou menm avèk tout lakay nou.’
15“Epi lè mwen te kòmanse pale Lespri Sen an te vin tonbe sou yo menm jan ke li te fè sou nou nan kòmansman an. 16Konsa, mwen te sonje pawòl Senyè a, jan Li te konn di a: ‘Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an.’
17“Donk, si Bondye te bay yo menm don ak nou, lè nou te vin kwè nan Senyè Jésus Kri a, kilès mwen te ye pou m ta kab anpeche Bondye?”
18Lè yo te tande sa a, yo te vin kalme, e te bay Bondye glwa. Yo te di: “Ebyen konsa, Bondye akòde a lòt nasyon yo tou, repantans ki mennen a lavi a.”
19Answit, moun ki te gaye akoz pèsekisyon ki te leve a, ansanm ak zafè Étienne nan, te fè wout yo pou Phénicie, Chypre, ak Antioche, e yo t ap pale pawòl la a Jwif yo sèlman.
20Men te gen nan yo, moun Chypre ak Cyrène ki te vini Antioche. E yo te kòmanse pale ak Grèk yo osi, e t ap preche Senyè Jésus a.
21Men la a Senyè a te avèk yo, e yon gran kantite ki te kwè te vire vè Senyè a.
22Nouvèl yo te rive nan zòrèy a legliz la nan Jérusalem, e yo te voye Barnabas Antioche.
23Konsa, lè l rive, e te wè gras Bondye a, li te rejwi. Li te kòmanse ankouraje yo tout, pou yo avèk yon sèl panse, ta rete fidèl a Senyè a. 24Paske li te yon bon moun. Li te ranpli ak Lespri Sen an, ak lafwa. Konsa, anpil moun te adisyone a Senyè a.
25Barnabas te kite Tarse pou ale jwenn Saul. 26Lè li te twouve li, li te mennen l Antioche. Pandan yon ane antye yo te reyini avèk legliz la, e yo te enstwi anpil moun.
Disip yo te premyèman rele “Kretyen” la a, nan Antioche.
27Alò nan tan sa a, kèk pwofèt te sòti Jérusalem pou rive Antioche.
28Youn nan yo ke yo te rele Agabus te kanpe. Li te kòmanse endike pa Lespri a, ke an verite, t ap gen yon gwo grangou nan tout mond lan. Epi se sa menm ki te rive sou règn Claude la.
29Epi selon mwayen ke nenpòt disip te genyen, yo chak te detèmine pou voye asistans pou sekou a frè yo nan Judée. 30Se konsa yo te fè, e te voye l pa men Barnabas ak Saul pou livre bay ansyen yo.

Você sabia?
Gentios acolhidos e o nome cristão
- Quando Pedro subiu a Jerusalém, os crentes circuncidados o contestaram por ter visitado homens incircuncisos e comido com eles. Ele contou que, enquanto orava em Jope, o principal porto da Judeia, a trinta milhas a noroeste de Jerusalém, teve uma visão, e que o Espírito Santo caiu depois sobre uma família em Cesareia, capital romana da Judeia e sua grande cidade gentia. Uma cronologia desses acontecimentos situa essa defesa em 38 d.C.Fontes: o próprio texto bíblico · Joppa · Caesarea · Peter defends Gentile salvation
- Os que foram dispersos pela perseguição iniciada com Estêvão, o primeiro mártir cristão, chegaram até a Fenícia, Chipre e Antioquia, falando a princípio apenas aos judeus. Antioquia, às margens do Orontes, a cerca de dezesseis milhas do Mediterrâneo e umas trezentas milhas ao norte de Jerusalém, era a metrópole da Síria e ocupava o terceiro lugar em importância entre as cidades do império romano, depois de Roma e Alexandria; era chamada a primeira cidade do Oriente. Ali os discípulos foram chamados cristãos pela primeira vez, o que uma cronologia situa em 40 d.C.Fontes: o próprio texto bíblico · Stephen · Antioch (Syria) · Disciples first called Christians
- A igreja de Jerusalém enviou Barnabé, levita de Chipre a quem o relato chama homem bom, cheio do Espírito Santo e de fé; ele encontrou Saulo em Tarso e o levou a Antioquia, onde ensinaram a igreja durante um ano inteiro. O profeta Ágabo predisse então, pelo Espírito, que uma grande fome se espalharia por todo o mundo, o que a narrativa diz ter ocorrido sob Cláudio. O Easton's Bible Dictionary (1897) identifica Cláudio como o quarto imperador romano, que sucedeu Calígula em 41 d.C. e morreu em 54 d.C., e os discípulos enviaram socorro aos irmãos da Judeia por meio de Barnabé e Saulo.Fontes: o próprio texto bíblico · Barnabas · Agabus · Claudius (4th Roman Emperor)
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Judea · Hoje: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículos 1, 29
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 2, 22, 27, 30
- Joppa · Hoje: Jaffa · 32.054, 34.753 · versículos 5, 13
- Caesarea · Hoje: Caesarea Maritima · 32.500, 34.892 · versículo 11
- Antioch · Hoje: Antioch on the Orontes · 36.227, 36.172 · versículos 19, 20, 22, 26, 27, 29
- Cyprus · 35.000, 33.000 · versículos 19, 20
- Phoenicia · 33.271, 35.196 · versículo 19
- Cyrene · 32.821, 21.851 · versículo 20
- Tarsus · 36.913, 34.892 · versículo 25
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org