Nations Bible

2 Timóteo 2

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Konsa, ou menm, fis mwen an se pou ou dyanm nan gras ki nan Kris Jésus a. 2Bagay ke ou te tande de mwen nan prezans a anpil temwen yo, konfye yo a moun ki fidèl, ki kapab osi enstwi lòt yo.

3Soufri difikilte avèk mwen, tankou yon bon sòlda a Kris Jésus. 4Nanpwen sòlda an sèvis ki mele tèt li nan zafè lavi kotidyèn, pou li kapab fè plezi a sila ki te enskri li kòm sòlda a.

5Osi, si yon moun nan konpetisyon nan spò, li p ap genyen pri a amwenske li fè konpetisyon an selon règ yo.

6Kiltivatè ki travay di a ta dwe premye pou resevwa pòsyon pa l nan rekòlt la.

7Konsidere sa ke m di a, paske Senyè a va ba ou bon konprann nan tout bagay.

8Sonje Jésus Kri leve soti nan lanmò, desandan a David la, selon levanjil mwen an. 9Pou li menm, mwen soufri difikilte, menm anprizone kòm yon kriminèl; men pawòl Bondye a pa anprizone. 10Pou rezon sa a, mwen andire tout bagay, pou koz a sila ki te chwazi yo, pou yo kapab osi vin jwenn sali ki nan Kris Jésus a e avèk li, laglwa etènèl.

11“Sa se yon vre pawòl:

Paske si nou te mouri avèk Li,

nou va osi viv avèk Li.

12Si nou andire,

nou va osi renye avèk Li.

Si nou rejte Li,

Li tou va rejte nou.

13Si nou pa fidèl

Li rete fidèl;

paske Li pa kapab nye pwòp tèt Li.”

14Fè yo sonje bagay sa yo, eanchaje yo solanèlman nan prezans a Bondye pou yo pa goumen sou pawòl yo, ki initil e ki mennen nan destriksyon sila k ap tande yo. 15Se pou ou dilijan pou prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.

16Men evite pale pawòl anven a mond sa a, paske l ap fè nou soti lwen lafwa Bondye a.

17Epi pawòl sa yo va gaye tankou pwazon nan san. Pami yo, Hyménée ak Philète: 18Moun ki te egare kite verite yo nan di ke rezirèksyon an gen tan fèt deja a, e konsa yo te boulvèse lafwa a kèk moun.

19Malgre fondasyon Bondye a kanpe byen fèm, e li gen so sila a sou li: “Senyè a konnen sila ki pou Li yo”, epi: “Ke tout moun ki nonmen non Senyè a rete lwen mechanste.”

20Alò, nan yon gran mezon, pa gen sèlman veso an lò ak lajan, men osi veso an bwa ak kanari. Yon pati pou onore e yon pati pou dezonore. 21Konsa, si yon nonm netwaye tèt li de bagay sa yo, li va yon veso lonè, sanktifye, itil pou Mèt la, prepare pou tout bon zèv.

22Alò, sove kite move dezi a jenès yo; men pouswiv ladwati, lafwa, lanmou ak lapè, avèk sila ki rele non Senyè yo avèk yon kè ki san tach. 23Men refize diskisyon ki sòt e san bon rezon yo, paske ou konnen ke y ap prodwi konfli.

24Yon sèvitè-atache nèt a Senyè a pa dwe renmen fè kont, men se pou li janti ak tout moun, avèk yon kapasite pou l enstwi e pasyan lè yo fè li lenjistis, 25avèk dousè, korije sila ki nan opozisyon yo, pou si petèt Bondye kapab bay yo repantans k ap mennen yo a konesans verite a, 26pou yo kapab twouve bon sans pa yo, pou chape anba pèlen a Dyab la, ki kenbe yo kaptif pou fè volonte l.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Um mestre fiel sob pressão

  • Este capítulo adverte que a conversa de Himeneu e Fileto se espalha como gangrena: eles se desviaram da verdade ao dizer que a ressurreição já aconteceu e assim abalam a fé de alguns. O Easton's Bible Dictionary (1897) situa Fileto, com Himeneu, em Éfeso, e descreve essa afirmação, de que a ressurreição já havia ocorrido, como uma heresia gnóstica sustentada pelos nicolaítas.Fontes: o próprio texto bíblico · Philetus
  • O autor pede que se lembre de Jesus Cristo ressuscitado dentre os mortos e descendente de Davi, a mensagem que ele chama de seu evangelho. O Easton's Bible Dictionary (1897) descreve Davi como o oitavo e mais novo filho de Jessé, cidadão de Belém, cujo trabalho inicial era apascentar as ovelhas do pai nas terras altas de Judá.Fontes: o próprio texto bíblico · David
  • O serviço fiel é ilustrado com três imagens: um soldado que evita assuntos civis a fim de agradar a quem o alistou; um competidor que só recebe a coroa se competir segundo as regras; e um lavrador trabalhador, que deve ser o primeiro a participar da colheita. O autor também diz que sofre acorrentado como um criminoso, mas insiste que a palavra de Deus não pode ser acorrentada.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.