2 Tessalonicenses 3
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Finalman, frè m yo priye pou nou pou pawòl a Senyè a kapab gaye vit e vin glorifye, jis jan sa te fèt osi avèk nou an, 2epi pou nou kapab delivre de moun pèvès e mechan yo, paske se pa tout ki gen lafwa.
3Men Senyè a fidèl, e Li va ranfòse nou e pwoteje nou de mechan an. 4Nou gen konfyans nan Senyè a konsènan nou menm, ke nou ap fè e va kontinye fè sa ke nou kòmande yo. 5Ke Senyè a dirije kè nou nan lanmou Bondye a, ak nan kenbe fèm nan Kris la.
6Alò, nou kòmande nou, frè yo, nan non Senyè nou an, Jésus Kris, pou nou rete lwen de tout frè ki mennen yon vi san prensip e ki pa an akò avèk tradisyon ke nou te resevwa de nou menm yo.
7Paske nou menm, nou konnen jan nou ta dwe swiv egzanp nou an, paske nou pa t aji nan yon fason dezòd pami nou. 8Ni nou pa t manje pen a lòt moun san peye pou li, men avèk travay ak difikilte, nou te kontinye travay lajounen kou lannwit pou nou te kab pa vini yon chaj lou pou okenn nan nou. 9Se pa paske nou pa gen dwa sa a, men pou nou te kab ofri tèt nou kòm yon modèl pou nou, pou nou ta kapab swiv egzanp nou an.
10Paske menm lè nou te avèk nou an, nou te konn bannou lòd sa a: si yon moun pa vle travay, alò, li pa dwe manje nonplis. 11Paske nou tande ke kèk pami nou ap mennen yon vi dezòd, ke yo pa travay menm, men k ap aji kòm antre bouch yo nan zafè a lòt moun. 12Alò, moun konsa yo, nou kòmande e egzòte nan Senyè a, Jésus Kri, pou yo travay nan yon jan ki kalm pou manje pwòp pen pa yo. 13Men pou nou, frè m yo pa fatige nan fè sa ki bon.
14Si yon moun pa obeyi a enstriksyon nou an nan lèt sa, pran nòt de moun sa a, e pa asosye nou avè l pou li kab vin wont. 15Malgre sa, pa gade l kòm yon lènmi, men egzòte li kòm yon frè.
16Koulye a, ke Senyè lapè a, Li menm, kontinye bannou lapè nan tout sikonstans. Ke Senyè a avèk nou tout!
17Mwen, Paul ekri salitasyon sa a avèk pwòp men m, e sa se mak ki idantifye m nan chak lèt; se konsa ke m ekri.
18Ke lagras Senyè nou an, Jésus Kri, rete avèk nou tout. Amen.

Você sabia?
Trabalho, advertência e a mão de Paulo
- Os que enviam a carta contam que, enquanto estavam com os leitores, não comiam a comida de ninguém sem pagar. Trabalhavam noite e dia, no esforço e no cansaço, para não serem um peso, e se ofereceram como exemplo a imitar, embora digam que não lhes faltava o direito de ser sustentados.Fontes: o próprio texto bíblico
- Lembram também a ordem que deram então: quem não quiser trabalhar, que não coma. A carta diz que alguns viviam de modo desordenado, fora da tradição recebida de quem escreve, e não faziam nada além de se intrometer na vida alheia; essas pessoas são exortadas a trabalhar em silêncio e ganhar o próprio sustento.Fontes: o próprio texto bíblico
- Quem não obedece à carta deve ser notado e deixado sem convivência, para que se envergonhe, mas advertido como irmão, e não tratado como inimigo. A saudação final é apresentada como escrita pela própria mão de Paulo, a marca que ele usa em toda carta e o jeito como escreve.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org