2 Samuel 23
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, sila yo se dènye pawòl a David yo.
David, fis a Jesse a deklare,
Mesye ki te leve anwo a deklare,
Sila ki onksyone pa Bondye a Jacob la,
Chantè dous Israël la,
2Nan mwen, Lespri SENYÈ a te pale,
Pawòl pa Li te sou lang mwen.
3Bondye a Israël la te di,
Wòch Israël la te pale mwen,
Sila ki renye sou lèzòm avèk ladwati Li a,
ki renye avèk lakrent Bondye yo,
4Se tankou limyè maten lè solèy la leve,
Yon maten san nwaj, lè zèb tounèf
Vin sòti nan tè a nan solèy apre lapli.
5Vrèman, se pa konsa lakay mwen ye avèk Bondye?
Paske Li te fè yon akò k ap dire nèt avè m,
An lòd nan tout bagay e byen solid.
Pou tout sali mwen avèk tout dezi mwen,
èske, anverite, Li p ap fè l grandi?
6Men sanzave yo, yo chak va pouse
jete deyò tankou raje pikan.
Konsa, pèsòn p ap kab pran yo an men.
7Men nonm nan ki touche yo,
dwe ame avèk fè ak shaf lans.
Kèlkeswa, yo va vin brile nèt avèk dife,
nan plas kote yo ye a.
8Sila yo se non a mesye vanyan ki te pou David yo: Joscheb-Basschébeth, Tachkemonit lan, youn nan ofisye prensipal yo. Avèk lans li ui-san òm te mouri yon sèl kou yo. 9Apre li menm, se Éléazar, fis a Dodo a, Achochit la. Li te youn nan twa gèrye ki te, ansanm ak David yo, ki te konfwonte Filisten ki te rasanble pou batay yo, lè lòt mesye Israël yo te fè bak yo. 10Li te leve frape Filisten yo jiskaske men li te fatige e te kole a nepe a. Konsa, SENYÈ a te fè parèt yon gran viktwa nan jou sa a. Pèp la te swiv li sèlman pou piyaje mò yo. 11Alò, apre li se te Schamma, fis Agué a, yon Ararit. Filisten yo te rasanble nan yon ekip kote yon mòso tè te plen avèk pwa lantiy e pèp la te kouri devan Filisten yo. 12Men li te kanpe pran pozisyon li nan mitan chan an pou defann tè a. Li te frape Filisten yo; epi SENYÈ a te fè vini yon gran viktwa. 13Alò, twa nan trant mesye pifò yo te desann kote David nan tan rekòlt la kote kavèn Adullam nan pandan ekip Filisten an t ap fè kan nan vale Rephaïm nan. 14Nan tan sa a, David te la nan fò a, pandan ganizon Filisten an te Bethléhem. 15David te gen yon anvi, e li te di: “Men kijan mwen ta kontan si yon moun ta ban m dlo pou bwè ki sòti nan pwi Bethléhem akote pòtay la!” 16Konsa, twa mesye vanyan sa yo te pete antre nan kan Filisten yo. Yo te rale dlo nan pwi Bethléhem ki te akote pòtay la, e yo te pote li bay David. Malgre sa, li te refize bwè l, men li te vide li bay SENYÈ a. 17Konsa, li te di: “Lwen de mwen O SENYÈ! Èske m ta bwè san a mesye ki te mete lavi yo nan gwo danje a?” Pou sa, li pa t bwè li. Se zèv sila yo ke twa mesye vanyan sa yo te fè. 18Abischaï, frè a Joab la, fis a Tseruja a, te chèf a trant yo. Li te voye lans li kont twa san moun, li te touye yo, e li te gen yon non ki vin rekonèt menm jan ak twa yo. 19Li te pi onore pami trant yo. Konsa, li te devni chèf yo. Malgre sa, li pa t rive nan nivo a twa yo. 20Alò, Benaja, fis a Jehojada a, fis a yon mesye vanyan nan Kabtséel, ki te fè zak byen fò, li te touye de fis a Ariel yo nan Moab. Anplis, li te desann e te touye yon lyon nan mitan a yon fòs yon jou pandan lanèj t ap tonbe. 21Li te touye yon Ejipsyen, yon mesye mèvèy. Alò, Ejipsyen an te gen yon lans nan men li, men li te desann kote li avèk yon gwo baton e li te sezi lans lan soti nan men Ejipsyen an e te touye li avèk pwòp lans li an. 22Bagay sa yo, Benaja, fis a Jehojada a te fè e non l te gen repitasyon menm jan ak twa mesye vanyan yo. 23Li te onore pami trant yo, men li pa t rive nan nivo a twa yo. Epi David te plase li kòm chèf sou gad li. 24Asaël, frè a Joab la te pami trant yo; Elchanan, fis a Dodo a Bethléhem, 25Schamma, Awodit la, Élika, Awodit la, 26Hélets, Peletyen an, Ira, fis a Ikkesch la, Tekoyit la, 27Abiézer, Anatotyen an, Mebunnaï, Oushatyen an, 28Tsalmon, Achoachit la, Marahaï, Netofayit la. 29Héleb, fis a Baana a, Netofayit la, Ittaï, fis a Rabaï a nan Guibea, fis a Benjamin yo, 30Benaja, a Pirathon, Hiddaï a Nachalé-Gaasch. 31Abi-Albon, Abatyen an, Azmaveth, Bakoumit lan, 32Eliachba, Shaalbonit lan, Bené-Jaschen avèk Jonathan, 33Schamma a Harar, Achaim, fis a Scharar a, Araryen an, 34Éliphéleth, fis a Achasbaï a, fis a Maakatyen an, Éliam, fis a Achitophel la nan Guillo Éliphéleth, fis a Achasbaï a nan Guillo. 35Hetsraï a Carmel. Paaraï, Arab la. 36Jijueal, fis a Nathan an nan Tsoba, Bani a Gad, 37Tsélek, Amonit lan, Naharaï nan Beéroth la, pòtè zam a Joab yo, fis a Tseruja a. 38Ira a Jéther. 39Urie, Etyen an: an total, trann-sèt òm.
Você sabia?
As últimas palavras e os valentes de Davi
- O oráculo poético de Davi retrata o governante ideal como alguém que lidera com justiça e temor a Deus, comparando tal reinado à luz radiante de uma manhã sem nuvens e ao frescor da chuva que faz brotar a relva.Fontes: o próprio texto bíblico
- Enquanto Davi se abrigava na caverna de Adulão e as forças filisteias ocupavam o vale de Refaim e Belém, três guerreiros de elite romperam as linhas inimigas para buscar água do poço junto à porta de Belém. Comovido pelo perigo que enfrentaram, Davi recusou-se a bebê-la e a derramou como oferta ao Senhor, considerando-a como o sangue de homens que arriscaram a vida.Fontes: o próprio texto bíblico · Adullam · Bethlehem · Valley of Rephaim
- Entre os guerreiros de destaque da lista estava Benaías, filho de Joiada, de Cabzeel, célebre por abater dois valorosos guerreiros de Moabe, descer a uma cova em dia de neve para matar um leão e desarmar um gigante egípcio para feri-lo com a própria lança.Fontes: o próprio texto bíblico · Benaiah · Kabzeel
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Valley of Rephaim · 31.763, 35.219 · versículo 13
- Bethlehem · 31.704, 35.208 · versículos 14, 15, 16, 24
- Moab · Hoje: Moab 1 · 31.181, 35.701 · versículo 20
- Tekoa · Hoje: Khirbet Teku’a · 31.632, 35.210 · versículo 26
- Arabah · 30.417, 35.151 · versículo 31
- Maacah · 33.258, 35.581 · versículo 34
- Zobah · 33.935, 36.151 · versículo 36
- Ammon · 31.955, 35.934 · versículo 37
- Jattir · Hoje: Khirbet Attir · 31.352, 35.016 · versículo 38
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org