2 Samuel 21
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, te gen yon gwo grangou nan jou a David yo pandan twazan, ane apre ane. Epi David te chache prezans a SENYÈ a. SENYÈ a te di: “Se akoz Saül ak kay sanglan li an, akoz li te mete Gabawonit yo a lanmò.”
2Pou sa, wa a te rele Gabawonit yo pou te pale yo. (Alò, Gabawonit yo pa t nan fis Israël yo men yo te nan retay Amoreyen yo e fis Israël yo te fè yon akò avèk yo. Men Saül te chache touye yo nan zèl li genyen pou fis a Juda yo avèk Israël yo.) 3Konsa, David te di a Gabawonit yo: “Kisa mwen ta dwe fè pou nou? Epi kijan mwen kapab fè ekspiyasyon, pou nou kapab vin beni eritaj SENYÈ a?”
4Alò, Gabawonit yo te di li: “Nou pa sou afè ajan, ni lò avèk Saül, ni lakay li, ni pou nou ta mete okenn moun a lanmò an Israël.”
Epi li te di: “Mwen va fè pou nou nenpòt sa ke nou mande.”
5Pou sa, yo te di a wa a: “Nonm ki te vin manje nou an e ki te fè plan pou detwi nou nèt la rache nou soti nan lizyè Israël la, 6kite sèt mesye soti nan fis li yo vin bay a nou menm. E nou va pann yo devan SENYÈ a nan Guibea pou Saül, sila ki te chwazi pa SENYÈ a.”
Epi wa a te di: “Mwen va bay yo.”
7Men wa a te bay pwotèj a Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül la, akoz sèman a SENYÈ a ki te fèt antre yo, antre David ak fis a Saül la, Jonathan. 8Konsa, wa a te pran de fis a Ritspa yo avèk fi a Ajja a, Armoni ak Méphiboscheth ke li te fè pou Saül la, senk fis a Mérab yo, fi a Saül la, ke li te fè pou Adriel, fis a Barzillaï a, Meyolayit la; 9Epi li te livre yo nan men a Gabawonit yo e yo te pandye yo nan mòn nan devan SENYÈ a, jiskaske yo sèt te tonbe ansanm. Yo te mete a lanmò nan premye jou a rekòlt la, nan kòmansman rekòlt lòj la.
10Epi Rizpa, fi a Ajja a te pran twal sak e te ouvri li sou wòch la, soti nan kòmansman rekòlt la jiskaske li te fè lapli sou yo soti nan syèl la. Li pa t kite ni zwazo syèl yo vin poze sou yo nan lajounen, ni bèt chan yo pandan lannwit. 11Lè li te pale a David sa ke Rizpa, fi a Ajja a, ti mennaj a Saül la te fè a, 12alò, David te ale pran zo a Saül ak zo a Jonathan, fis li a soti nan men a mesye Jabès-Galaad la, ki te vòlè yo nan laplas Beth-Schan kote Filisten yo te pandye yo nan jou ke Filisten yo te frape Saül nan Guilboa a. 13Li te mennen zo a Saül ak zo a Jonathan yo monte, fis li soti la e yo te ranmase zo a sila ki te pandye yo. 14Yo te antere zo a Saül yo avèk Jonathan, fis li nan peyi Benjamin nan Tséla, nan tonm a Kis, papa li. Konsa, yo te fè tout sa ke wa a te kòmande yo. Apre sa, Bondye te satisfè akoz lapriyè pou peyi a.
15Alò, lè Filisten yo te fè lagè ankò avèk Israël, David te desann avèk sèvitè li yo. Epi pandan yo t ap goumen kont Filisten yo, David te vin bouke. 16Epi Jischbi-Benob ki te pami desandan a jeyan yo, avèk yon lans ki te peze twa-san sik an bwonz, te gen yon nepe nèf nan senti l e li te gen entansyon pou l ta touye David. 17Men Abischaï, fis a Tseruja a te ede li, li te frape Filisten an pou te touye li. Epi mesye David yo te fè ve a li e te di: “Wa David, ou p ap sòti avèk nou ankò nan batay la pou ou pa vin etenn lanp Israël la.”
18Alò, li te vin rive apre sa ke te gen lagè ankò avèk Filisten yo nan Gob. Epi Sibbecaï, Oushatit la te frape Saph, ki te pami desandan a jeyan yo. 19Te gen gè avèk Filisten yo ankò Gob e Elchanan, fis a Jaaré-Oreguim nan Bethléhem te touye Goliath, moun Gath la. Shaf lans li an te tankou travès a yon machin yo konn tise. 20Te gen lagè avèk Gath ankò, kote te gen yon mesye gran tay avèk sis dwèt nan chak men ak sis zòtèy nan chak pye, venn-kat antou. Li menm osi te ne de jeyan yo. 21Lè li te leve tèt li kont Israël, Jonathan, fis a Schimea a, frè David la, te frape li. 22Se kat sila yo ki te ne de jeyan nan Gath yo, e yo te tonbe pa men David e pa men a sèvitè li yo.
Você sabia?
Os Gibeonitas e as Batalhas contra Gigantes
- Uma fome de três anos levou Davi a consultar o Senhor, revelando que Saul havia violado o juramento de Israel com os gibeonitas, um grupo amorreu remanescente. Para reparar a ofensa, sete descendentes masculinos de Saul foram entregues e executados em Gibeá. Rispa, concubina de Saul, manteve uma vigília solitária sobre os corpos expostos numa rocha, protegendo-os de aves e feras até a chegada das chuvas.Fontes: o próprio texto bíblico · Rizpah · Gibeah
- Durante confrontos posteriores com os filisteus em Gobe e Gate, Davi ficou exausto em combate, levando seus soldados a proibirem sua ida para o campo de batalha. Os guerreiros de Davi derrotaram em seguida quatro temíveis combatentes filisteus descendentes de Rafa, incluindo homens de grande estatura e portadores de armas enormes.Fontes: o próprio texto bíblico · the giant in Gath · Gob · Gath
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Gibeon · Hoje: El Jib · 31.847, 35.183 · versículo 9
- Mount Gilboa · 32.434, 35.414 · versículo 12
- Bethlehem · 31.704, 35.208 · versículo 19
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org