Nations Bible

2 Samuel 12

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò, SENYÈ a te voye Nathan kote David. Li te vin kote li e te di: “Te genyen de mesye nan yon vil, youn te rich e lòt la te pòv. 2Nonm rich la te gen anpil bann mouton avèk twoupo, 3men pòv la, pa t gen anyen sof ke yon sèl ti mouton femèl, ke li te achte e li te nouri. Konsa, li te vin gran ansanm avèk li menm avèk pitit li yo. Li ta manje nan pen li, bwè nan tas li, kouche sou vant li e se te tankou yon fi pou li. 4Alò, yon vwayajè te vin kote nonm rich la e li pa t dakò retire nan pwòp bann mouton ak twoupo pa li yo, pou fè pwovizyon pou li. Sof ke sa, li te pran mouton femèl a pòv sila pou prepare pou nonm ki te rive kote li a.”

5Alò, kòlè a David te brile fò kont nonm nan, e li te di a Nathan: “Jan SENYÈ a viv la, anverite, mesye ki te fè sa a merite lanmò. 6Fòk li bay rekonpans pou ti mouton an kat fwa; paske li te fè bagay sa a san pitye.”

7Alò, Nathan te di David: “Mesye a se ou menm! Konsa di SENYÈ a, Bondye a Israël la: ‘Se Mwen ki te onksyone ou kòm wa sou Israël e se mwen ki te delivre ou soti nan men a Saül. 8Se Mwen menm tou ki te ba ou lakay mèt ou a ak madanm a mèt ou yo pou ou ta pran swen e Mwen te ba ou lakay Israël la avèk Juda. Epi si sa te twò piti, mwen t ap menm ajoute ba ou ankò anpil lòt bagay tankou sila yo! 9Poukisa ou te meprize pawòl SENYÈ a e fè mal devan zye Li? Ou te fè tonbe Urie, Itit la avèk nepe, ou te pran madanm li kòm madanm ou e ou te touye li avèk nepe a fis Ammon yo. 10Koulye a, pou sa, nepe p ap janm kite lakay ou, akoz ou te meprize Mwen e te pran madanm a Urie, Itit la pou devni madanm ou.’

11“Konsa pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen va fè leve mal kont ou soti nan pwòp kay ou. Mwen va menm pran madanm ou yo devan zye ou e bay a zanmi parèy ou e li va kouche avèk madanm ou yo gwo lajounen. 12Anverite, ou te fè l an sekrè; men Mwen va fè bagay sa a devan tout Israël ak anba solèy la.’”

13Epi David te di a Nathan: “Mwen te peche kont SENYÈ a.”

Nathan te di a David: “SENYÈ a, anplis, te retire peche ou; ou p ap mouri. 14Malgre sa, akoz zak sa a, ke ou te bay okazyon a lènmi a SENYÈ yo pou fè blasfèm, pitit la ki va fèt a ou menm nan va anverite, mouri.” 15Konsa, Nathan te ale lakay li.

Epi SENYÈ a te frape pitit ke vèv Urie te fè pou David la, jiskaske li te vin byen malad. 16Pou sa, David te mande Bondye pou pitit la. Li te fè jèn e li te ale kouche tout nwit lan atè. 17Ansyen lakay li yo te kanpe akote li pou leve li atè a, men li pa t dakò e li pa t manje avèk yo. 18Konsa, li te vin rive nan setyèm jou a ke pitit la te vin mouri. Epi sèvitè a David yo te krent pou di l ke pitit la te mouri, paske yo te di: “Gade byen, pandan pitit la te vivan an, nou te pale avèk li e li pa t tande vwa nou. Konsa, kòman nou kab di li ke pitit la mouri, paske li kab fè tèt li mal?”

19Men lè David te wè ke sèvitè li yo t ap pale an kachèt ansanm, David te apèsi ke pitit la te mouri. Pou sa, David te di a sèvitè li yo: “Èske pitit la mouri?”

Yo te di: “Li mouri.”

20Konsa, David te leve soti atè a. Li te lave tèt li, li te onksyone kò l, e li te chanje rad li. Konsa, li te antre lakay SENYÈ a pou te adore. Epi li te vin nan pwòp kay li. Lè li te mande, yo te mete manje devan li pou l te manje. 21Sèvitè li yo te di li: “Se ki bagay sa ou te fè a? Pandan pitit la te vivan an, ou te fè jèn e te kriye, men lè pitit la te mouri, ou te leve pou te manje.”

22Li te di: “Pandan pitit la te vivan an, mwen te fè jèn e te kriye; paske mwen te di: ‘Kilès ki te kab konnen, SENYÈ a ta kab petèt fè m gras, pou pitit la te kab viv.’ 23Men koulye a, li fin mouri. Poukisa mwen ta fè jèn? Èske mwen kapab fè l retounen ankò? Mwen va ale jwenn li, men li p ap retounen kote mwen.”

24Konsa, David te rekonfòte madanm li, Bath-Schéba. Li te antre nan li e li te kouche avèk li. Li te bay nesans a yon fis e li te rele li Salomon. Alò, SENYÈ a te renmen li. 25Li te voye nouvèl la pa Nathan, pwofèt la e Nathan te rele li Jedidja pou koz SENYÈ a.

26Alò, Joab te goumen kont Rabba, moun nan fis Ammon yo, e li te kaptire vil wayal la. 27Joab te voye mesaje yo a David. Li te di: “Mwen te goumen kont Rabba e te kaptire vil dlo yo. 28Pou sa, rasanble rès pèp la, e fè kan kont vil la oswa, ma pran pou kont mwen pou l gen non pa m nan.”

29Konsa, David te rasanble tout pèp la pou te ale Rabba. Li te goumen kont li e te kaptire li. 30Li te pran kouwòn a wa pa yo a soti nan tèt li. Li te peze yon talan (anviwon trann-kat kilo) an lò, e ladann yon kantite pyè presye. Yo te mete li sou tèt David. Epi li te mennen piyaj la deyò vil la an gran kantite. 31Anplis, li te mennen moun ki te ladan l deyò. Li te fè yo travay ak si, avèk pikwa, ak rach an fè, e te fè yo travay nan fou brik. Se konsa li te fè a tout vil ki te pou fis Ammon yo. Epi David avèk tout moun li yo te retounen Jérusalem.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A repreensão de Natã e a queda de Rabá

  • Natã confrontou o rei Davi por seu adultério com Bate-Seba e a morte de Urias contando uma parábola sobre um homem rico que roubou a única cordeira de um homem pobre. Quando Davi declarou indignado que o homem rico merecia morrer, Natã revelou: "Você é esse homem!", levando Davi a confessar seu pecado.Fontes: o próprio texto bíblico · Nathan · Uriah
  • Após a morte de seu primeiro filho, Davi e Bate-Seba tiveram um filho chamado Salomão, que significa "pacífico". O profeta Natã também deu ao menino o nome de Jedidias, que significa "amado do Senhor".Fontes: o próprio texto bíblico · Solomon · Nathan · Bathsheba
  • Enquanto sitiava a capital amonita de Rabá, Joabe capturou o suprimento de água da cidade e pediu que Davi liderasse o ataque final, para que o triunfo pertencesse ao rei e não a Joabe.Fontes: o próprio texto bíblico · Joab · Rabbah

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Ammon · 31.955, 35.934 · versículos 9, 26, 31
  • Rabbah · Hoje: Amman · 31.955, 35.934 · versículos 26, 27, 29, 31
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 31

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.