Nations Bible

2 Pedro 3

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Sa se koulye a, byeneme yo, dezyèm lèt ke m ekri nou an. Ladann mwen ap eseye kiltive nan nou kèk refleksyon serye, pou fè nou sonje, 2pou nou kab sonje pawòl ki te pale oparavan pa pwofèt sen yo e kòmandman a Senyè ak Sovè a ki te pale pa apot nou yo.

3Konnen sa dabò, ke nan dènye jou yo mokè yo va vin moke, sila k ap swiv pwòp dezi lachè yo, 4epi yo va di: “Kote pwomès ke L ap vini an? Paske depi papa nou yo te vin mouri, tout bagay kontinye jis jan li te ye depi kòmansman kreyasyon an.”

5Paske lè yo kalkile konsa a, sa vin chape de remak yo ke selon pawòl Bondye a, syèl yo te egziste depi lontan e latè te fòme avèk dlo e pa dlo. 6Pa dlo sa a mond lan te detwi, lè l vin kouvri avèk dlo. 7Men, pa pawòl Li syèl avèk tè ki la koulye a, ap rezève pou destriksyon avèk dife, yo kenbe pou jou jijman an ak destriksyon moun mechan yo.

8Men pa kite sa chape de atansyon nou, byeneme yo, ke avèk Senyè a, yon jou se tankou mil ane, e mil ane se tankou yon jou. 9Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.

10Men jou a Senyè a va vini kòm yon vòlè. Konsa syèl la va disparèt avèk yon gwo bwi, eleman yo va detwi avèk yon gwo chalè, e latè ak zèv li yo va vin brile nèt.

11Akoz ke tout bagay sa yo dwe detwi nan jan sa a, ki kalite moun nou ta dwe ye selon kondwit ki sen e fidèl? 12Moun k ap chache toujou pou avanse jou a Bondye, k ap fè syèl yo detwi avèk dife, e tout eleman yo fann avèk gwo chalè a! 13Men selon pwomès Li, n ap chache syèl ki tounèf yo ak yon tè tounèf, kote ladwati abite.

14Konsa, byeneme yo, akoz ke n ap chache bagay sa yo, se pou nou dilijan pou Li jwenn nou anpè san tach e san fot. 15Konsidere pasyans a Senyè a kòm sali nou. Menmjan an osi ak frè byeneme nou an, Paul, te ekri nou, selon sajès ke li te resevwa a, 16kòm osi nan tout lèt li yo, li te pale ak yo de bagay sa yo. Ladan yo, gen kèk bagay ki difisil pou konprann, ke sila ki san konprann e ki pa stab yo defòme, jan yo te fè osi ak tout lòt Ekriti sen yo, ki va gen kòm rezilta, pwòp destriksyon pa yo.

17Konsa, nou menm, byeneme yo, ki konnen sa davans, rete vijilan pou nou pa pote ale pa erè a moun san prensip yo, e tonbe kite pwòp fidelite nou. 18Men grandi nan lagras ak konesans Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri.

A Li menm, laglwa, menm koulye a, e nan jou letènite a. Amen.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Zombadores e o Dia do Senhor

  • Este capítulo diz que, nos últimos dias, virão zombadores, seguindo os próprios desejos maus, e perguntarão onde está a promessa da vinda dele. Afirmarão que, desde que os pais adormeceram, tudo continua como desde o princípio da criação. A carta responde que eles ignoram de propósito que, pela palavra de Deus, os céus já existiam e a terra foi formada da água e por meio da água, que o mundo daquele tempo pereceu no dilúvio e que os céus e a terra de agora estão reservados para o fogo até o dia do juízo.Fontes: o próprio texto bíblico
  • A carta pede aos leitores que não deixem passar isto: para o Senhor, um dia é como mil anos, e mil anos são como um dia. Diz que o Senhor não tarda em cumprir a promessa, como alguns entendem a demora, mas é paciente, não querendo que ninguém pereça, e sim que todos cheguem ao arrependimento. Acrescenta que o Dia do Senhor virá como um ladrão e que o autor e seus leitores aguardam, segundo a promessa de Deus, um novo céu e uma nova terra, onde habita a justiça.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O autor chama Paulo de irmão amado que também escreveu a esses leitores, com a sabedoria que Deus lhe deu, sobre esses assuntos, e diz que Paulo escreve assim em todas as suas cartas. Algumas partes dessas cartas são chamadas de difíceis de entender, e pessoas ignorantes e instáveis as distorcem, como fazem com o restante das Escrituras, para a própria destruição. O Dicionário Bíblico de Easton (1897) identifica Paulo com Saulo e o descreve como natural de Tarso, capital da Cilícia, província romana no sudeste da Ásia Menor; afirma que o nome Paulo provavelmente lhe foi dado na infância para uso no mundo gentio.Fontes: o próprio texto bíblico · Paul

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.