Nations Bible

2 Reis 6

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò fis a pwofèt yo te di a Élisée: “Gade byen, plas devan ou kote nou rete a twò piti pou nou. 2Souple, annou ale nan Jourdain an e chak nan nou pran soti la yon poto epi annou fè yon plas pou pwòp tèt nou kote nou kab rete a.”

Li te reponn: “Ale.”

3Alò youn nan yo te di: “Souple, fè dakò pou ale avèk sèvitè nou yo.”

Li te reponn: “M ap prale.” 4Konsa, li te ale avèk yo. Lè yo rive kote Jourdain an, yo te koupe bwa yo. 5Men pandan youn nan yo t ap fè tonbe yon poto, tèt rach la te tonbe nan dlo. Nonm nan te kriye fò e te di: “Anmwey, mèt mwen! Paske se prete li te ye!”

6Epi nonm Bondye a te di: “Se kibò li te tonbe?” Epi lè li te montre li kote a, li te koupe yon bout bwa, e li te voye ladann pou te fè fè a vin monte sou dlo a. 7Li te di: “Ranmase l pou kont ou.” Konsa, li te lonje men li pou te pran l.

8Alò, wa Syrie a te fè lagè kont Israël, epi li te konsilte avèk sèvitè li yo. Li te di: “Antre tèl kote ak tèl kote, ki kote nou va fè kan an.”

9Nonm Bondye a te voye kote wa Israël la. Li te di: “Veye pou ou pa pase nan kote sila a, paske Siryen yo ap desann la.” 10Wa Israël la te voye nan plas kote nonm Bondye a te pale li a pou avèti l. Konsa, plis ke yon fwa oswa de fwa, li te sove li plizyè fwa. 11Alò, kè a wa Syrie a te anraje sou afè sa a. Li te rele sèvitè li yo e te di yo: “Èske ou va di mwen kilès nan nou ki pou wa Israël la?”

12Youn nan sèvitè li yo te di: “Non, mèt mwen, O wa a; men Élisée, pwofèt ki an Israël la ap pale wa Israël la pawòl ke ou pale menm nan chanm dòmi ou.”

13Konsa, li te di: “Ale wè kote li ye a pou m kab voye pran l.”

Epi yo te pale li, e te di: “Gade, li Dothan.”

14Li te voye cheval avèk cha avèk yon gwo lame la. Yo te vini pandan lannwit e te antoure vil la. 15Alò, lè sèvitè a nonm Bondye a te leve bonè pou te sòti deyò, vwala, yon lame avèk cheval ak cha te antoure vil la. Epi sèvitè li a te di li: “Anmwey, mèt mwen! Kisa n ap fè?”

16Konsa, li te reponn: “Pa pè, paske sila ki avèk nou yo plis pase sila ki avèk yo a.” 17Epi Élisée te priye e te di: “O SENYÈ, Mwen priye, ouvri zye li pou li kapab wè.” Epi SENYÈ a te ouvri zye a sèvitè li pou li te wè. Men vwala, tout mòn nan te ranpli avèk cheval avèk cha dife toupatou te antoure Élisée. 18Lè yo te desann kote li, Élisée te priye a SENYÈ a e te di: “Mwen priye, frape pèp sa a pou fè yo vin avèg.”

Konsa, Li te frape yo pou fè yo vin avèg selon pawòl Élisée a.

19Konsa, Élisée te di yo: “Sa se pa chemen, ni se pa vil sa a. Swiv mwen e mwen va mennen ou kote nonm ke w ap chache a.” Epi li te mennen yo rive Samarie. 20Lè yo te rive Samarie, Élisée te di: “O SENYÈ, ouvri zye a moun sila yo pou yo kapab wè.”

Konsa, SENYÈ a te ouvri zye yo pou yo te wè; epi vwala, yo te nan mitan Samarie.

21Konsa, wa Israël la, lè li te wè yo, li te di Élisée: “Papa mwen, èske m dwe touye yo? Èske m dwe touye yo?”

22Li te reponn: “Ou pa pou touye yo. Èske ou ta touye sila ke ou fin pran an kaptivite avèk nepe oubyen ak banza ou? Mete pen avèk dlo devan yo pou yo kab manje ak bwè e ale kote mèt pa yo.”

23Konsa, li te prepare yon gran repa pou yo, epi lè yo te fin manje e bwè, li te voye yo ale. Yo te ale kote mèt pa yo, epi bann piyajè Siryen yo pa t vini ankò nan peyi Israël.

24Alò, li te vin rive apre sa ke Ben-Hadad, wa Syrie a, te rasanble tout lame li a e te monte fè syèj kont Samarie. 25Te gen yon gwo grangou nan Samarie. Konsa, gade byen, yo te fè syèj la jis li rive ke tèt a yon bourik te vann pou katreven sik an ajan e yon ka kab poupou toutrèl pou senk sik ajan. 26Pandan wa Israël la t ap pase sou mi an, yon fanm te kriye fò a li menm e te di: “Fè m sekou, mèt mwen, O Wa a!”

27Wa a te di: “Si SENYÈ a pa ede ou, soti kibò mwen kab ede ou? Depi nan glasi vannen an, oswa avèk aparèy peze rezen an?” 28Epi wa a te mande l: “Kisa ou genyen?”

Epi li te reponn: “Fanm sa a te di mwen: ‘Ban m ti fis ou a pou nou kab manje li jodi a e nou va manje fis pa ou a demen.’ 29Konsa, nou te bouyi fis mwen an e manje li; epi mwen te di li sou jou ki vini an: ‘Ban m fis ou a pou nou kab manje li,’ men li te kache fis li a.”

30Lè wa a te tande pawòl a fanm nan, li te chire rad li—epi koulye a, li t ap pase sou mi an—-e pèp la t ap gade, epi vwala, li te gen twal sak anba vètman a sou kò li. 31Konsa, li te di: “Ke Bondye fè m sa, e menm plis, si tèt a Élisée, fis a Schaphath la rete sou kò li jodi a.”

32Alò, Élisée te chita lakay li a, e ansyen yo te chita avèk li. Epi wa a te voye yon mesye soti nan prezans li; men avan mesaje a te rive kote li, Élisée te di a ansyen yo: “Èske ou wè kijan mesye sa a, fis a yon asasen te voye pou retire pran tèt mwen? Gade, lè mesaje a vini, fèmen pòt la kont li e kenbe pòt la fèmen kont li. Èske se pa son a pye mèt li a ki dèyè li?”

33Pandan li te toujou ap pale avèk yo, men vwala, mesaje a te desann kote li. Li te di: “Men gade, mechanste sa a sòti nan SENYÈ a; poukisa mwen ta dwe tann SENYÈ a ankò?”

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Carruagens de fogo e o cerco de Samaria

  • Dotã, localizada a cerca de 19 quilômetros ao norte de Samaria e conhecida anteriormente como o lugar onde José foi vendido por seus irmãos, foi a cidade onde o exército arameu cercou Eliseu. Quando Eliseu orou para que os olhos de seu servo fossem abertos, o jovem viu as colinas ao redor cheias de cavalos e carruagens de fogo.Fontes: Dothan · o próprio texto bíblico
  • Samaria, a capital de Israel situada em uma colina íngreme, sofreu um cerco devastador por parte de Ben-Hadade da Síria. A fome resultante tornou-se tão extrema que itens normalmente imprestáveis alcançavam preços exorbitantes em prata, e os moradores recorreram ao canibalismo.Fontes: Samaria · Ben-hadad · o próprio texto bíblico
  • Quando Eliseu conduziu a tropa arameia, atingida por cegueira temporária, para dentro da capital fortificada de Samaria, ele proibiu o rei de Israel de matá-los. Em vez disso, o rei preparou um grande banquete para os soldados inimigos e os enviou em paz de volta ao seu senhor.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículos 2, 4
  • Syria · Hoje: Aram · 33.511, 36.306 · versículos 8, 9, 11, 23, 24
  • Aram · 33.511, 36.306 · versículo 14
  • Samaria · 32.276, 35.195 · versículos 19, 20, 24, 25

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.