Nations Bible

2 Reis 25

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò nan nevyèm ane règn li an, nan dizyèm jou ak nan dezyèm mwa a, Nebucadnetsar, wa Babylone nan te vini. Li menm avèk tout lame li te fè kan kont Jérusalem, e li te bati yon miray syèj ki te antoure li. 2Konsa, vil la te anba syèj jis rive nan onzyèm ane a Wa Sédécias la. 3Nan nevyèm jou ak nan katriyèm mwa a, grangou te tèlman rèd nan vil la ke pa t gen manje pou pèp peyi a. 4Konsa, yo te kase vil la antre e tout mesye lagè yo te sove ale nan nwit lan pa pòtay antre de mi yo akote jaden a wa a, malgre Kaldeyen yo te antoure tout vil la. Konsa, yo te sòti pa chemen dezè a. 5Men lame Kaldeyen yo te kouri dèyè wa a. Yo te rive pran li nan plèn Jéricho a, e tout lame li a te gaye kite li. 6Yo te kaptire wa a e yo te mennen li kote wa Babylone nan Ribla e yo te pase jijman sou li. 7Yo te touye fis a Sédécias yo devan zye li, yo te pete zye a Sédécias, yo te mare l avèk chenn an bwonz yo, e yo te mennen li Babylone.

8Alò, nan setyèm jou ak nan senkyèm mwa a, ki se te diznevyèm ane Nebucadnetsar, wa Babylone nan, Nebuzaradan, kapitèn gad yo, yon sèvitè a wa Babylone nan, te rive Jérusalem. 9Li te brile lakay SENYÈ a, lakay wa a ak tout kay Jérusalem yo. Menm tout gwo kay yo, li te brile yo avèk dife. 10Epi tout lame Kaldeyen yo ki te avèk kapitèn gad la te kraze, chire, tout mi ki te antoure Jérusalem yo. 11Epi tout rès nan moun ki te kite lavil yo, sila ki te dezète al jwenn wa Babylone nan e tout rès pèp la ki te rete, Nebuzaradan, kapitèn gad la, te pote yo ale an egzil. 12Men kapitèn gad la te kite kèk moun pami pi malere yo pou sèvi kòm ouvriye nan chan rezen yo ak pou raboure tè a.

13Alò, pilye an bwonz ki te lakay SENYÈ yo ak baz avèk lanmè an bwonz ki te lakay SENYÈ a, Kaldeyen yo te kraze yo an mòso e te pote bwonz lan Babylone. 14Yo te retire po yo, pèl yo, etennwa yo, kiyè yo ak tout veso an bwonz ki te konn sèvi nan sèvis tanp lan. 15Kòmandan gad la, anplis, te pran tout plato pou resevwa sann yo, avèk basen yo, sila ki te an lò fen ak sila ki te an ajan fen yo. 16De pilye yo, yon sèl lanmè a ak baz ke Salomon te fè pou lakay SENYÈ a, bwonz nan veso sila yo te depase kapasite pou peze. 17Wotè a yon pilye te di-zuit koude e yon tèt an bwonz te sou li. Wotè a tèt an bwonz lan te twa koude, avèk yon griyaj ak grenad ki te antoure li an bwonz. Epi dezyèm pilye a te tankou sila yo avèk yon sistèm griyaj.

18Alò, kapitèn gad la te pran Seraja, wo prèt la, avèk Sophonie, dezyèm prèt la, avèk twa ofisye a tanp lan. 19Depi nan vil la, li te pran yon ofisye ki te chèf mesye lagè yo ak senk nan konseye a wa yo ki te twouve nan vil la; epi grefye a kapitèn lame ki te responsab anrejistre moun nan peyi a; epi swasant moun nan pèp peyi a te twouve nan vil la. 20Nebuzaradan, kapitèn gad la, te pran yo pou te mennen yo kote wa Babylone nan Ribla. 21Alò, wa Babylone nan te frape yo e te mete yo a lanmò nan Ribla nan peyi Hamath. Konsa, Juda te mennen an egzil soti nan peyi li.

22Alò, moun ki te rete nan peyi Juda yo, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te kite, li te chwazi Guedalia, fis a Achikam nan, fis a Schaphan an sou yo. 23Lè tout kapitèn yo avèk sòlda pa yo te tande ke wa Babylone nan te chwazi Guedalia kòm gouvènè, yo te vin kote Guedalia nan Mitspa; pa non, Ismaël fis a Nethania a, avèk Jochanan, fis a Karéach la, Seraja, fis a Thanhumeth la, Netofayit la, avèk Jaazania, fis a Maakatyen an, yo menm avèk mesye pa yo. 24Guedalia te sèmante a yo avèk mesye pa yo a, e te di yo: “Pa pè vin sèvitè a Kaldeyen yo. Viv nan peyi a, sèvi wa Babylone nan e sa va ale byen pou nou.”

25Men li te vin rive nan setyèm mwa a, ke Ismaël, fis a Nethania yo, fis a Élischama yo nan fanmi wayal la, te rive avèk dis òm pou te frape Guedalia e li te mouri ansanm avèk Jwif ak Kaldeyen ki te avèk li nan Mitspa yo. 26Alò, tout pèp la, ni gran ni piti, avèk kapitèn a fòs soulèvman yo te leve ale an Égypte; paske yo te pè Kaldeyen yo. 27Alò, li te vin rive nan trant-setyèm ane an egzil a Jojakin, wa Juda a, nan douzyèm mwa a, nan venn-setyèm jou nan mwa a, ke Évil-Merodac, wa Babylone nan, nan lane ke li te vin wa a, li te lage Jojakin, wa Juda a, soti nan prizon. 28Konsa, li te pale avèk dousè anvè li e li te leve twòn li an piwo pase lòt wa ki te avèk li Babylone yo. 29Jojakin te chanje rad prizonye li yo, e li te vin pran repa l nan prezans a wa a pandan tout rès jou lavi li. 30Epi pou bous li, yon bous nòmal te bay a li menm pa wa a, yon pòsyon pou chak jou pandan tout jou lavi li.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A queda de Jerusalém e o exílio

  • O rei Nabucodonosor comandou a campanha contra Jerusalém a partir de seu quartel-general em Ribla, situada na terra de Hamate, às margens do rio Orontes. Após ser capturado nas campinas de Jericó, o rei Zedequias foi levado a Ribla, onde seus filhos foram mortos diante dele e ele foi cegado antes de ser levado em correntes de bronze para a Babilônia.Fontes: Riblah · Zedekiah · o próprio texto bíblico
  • Quando Nebuzaradã, capitão da guarda, incendiou Jerusalém, os caldeus despedaçaram as monumentais colunas de bronze, os suportes e o grande mar de bronze que o rei Salomão havia feito para o templo, transportando o metal para a Babilônia.Fontes: Nebuzar-adan · Solomon · o próprio texto bíblico
  • Após a destruição da cidade, Nabucodonosor nomeou Gedalias, filho de Aicão, como governador sobre o povo que permaneceu em Mispá. No entanto, Ismael, filho de Netanias e membro da família real, assassinou Gedalias, levando os sobreviventes temerosos a fugirem para o Egito.Fontes: Gedaliah · Ishmael · Mizpah · o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 1, 6, 7, 8, 11, 13, 20, 21, 22, 23, 24, 27, 28, 29
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 2, 8, 9, 10
  • Arabah · 30.417, 35.151 · versículos 4, 5
  • Chaldea · 30.962, 46.104 · versículos 4, 5, 10, 13, 25, 26
  • Jericho · Hoje: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · versículo 5
  • Riblah · Hoje: Rableh · 34.460, 36.573 · versículos 6, 20, 21
  • Hamath · Hoje: Hama · 35.136, 36.750 · versículo 21
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 26

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.