Nations Bible

2 Reis 23

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò wa a te voye rasanble vè li menm tout ansyen Juda ak Jérusalem yo. 2Wa a te monte kote kay SENYÈ a ak tout mesye Juda yo, tout moun ki te rete Jérusalem avèk li yo, prèt yo ak pwofèt yo ak tout pèp la, ni gran, ni piti; epi li te li nan zòrèy yo, tout pawòl a liv akò a ki te twouve lakay SENYÈ a. 3Wa a te kanpe akote pilye a pou te fè yon akò devan SENYÈ a, pou mache apre SENYÈ a, pou kenbe kòmandman avèk temwayaj li yo avèk règleman li yo avèk tout kè li ak tout nanm li, pou akonpli pawòl akò a ki te ekri nan liv sa a. Epi tout pèp la te antre nan akò a.

4Konsa, wa a te kòmande Hilkija, wo prèt la e prèt a dezyèm lòd yo avèk gadyen pòtay yo pou mennen fè sòti deyò nan tanp SENYÈ a tout veso ki te fèt pou Baal yo, pou Astarté ak pou tout lame syèl la. Konsa, li te brile yo deyò Jérusalem nan chan Cédron an e li te pote sann yo jis rive Béthel. 5Li te mete deyò tout prèt zidòl ke wa Juda yo te chwazi pou brile lansan nan wo plas yo nan vil Juda yo ak nan andwa Jérusalem yo. Anplis, sila ki te brile lansan a Baal yo, a solèy la, lalin nan, avèk tout gwoup zetwal yo ak tout lame syèl yo. 6Li te fè mete deyò Astarté a soti lakay SENYÈ a rive Jérusalem nan flèv Cédron an, li te moulen l an poud nèt e li te jete pousyè a nan simityè a pèp la. 7Osi, li te kraze kay mal pwostitiye sakre ki te lakay SENYÈ a, kote fanm t ap trese bagay yo kwoke pou Astarté yo. 8Epi li te mennen tout prèt yo soti nan tout vil Juda yo, e li te souye wo plas kote prèt yo te konn brile lansan yo, soti Guéba jis rive Beer-Schéba. Li te kraze wo plas pòtay ki te nan antre pòtay Josué a, majistra vil la, ki te bò kote goch pòtay lavil la. 9Sepandan, prèt wo plas yo pa t monte nan lotèl SENYÈ a Jérusalem, men yo te manje pen san ledven pami frè yo. 10Anplis, li te souye Topheth, ki nan vale fis Hinnom an, pou pèsòn pa t kab fè fis li oswa fi li pase nan dife Moloc la. 11Li te retire cheval ke wa a Juda yo te konn bay a solèy la, kote antre kay SENYÈ a, kote chanm Nethan-Mélec la, ofisye a, ki te nan pwovens yo e li te brile cha solèy yo avèk dife. 12Lotèl ki te sou twati yo, nan wo chanm Achaz ke wa Juda yo te fè a ak lotèl ke Manassé te fè nan de lakou lakay SENYÈ a, wa a te kraze yo. Li te kraze yo e li te jete poud yo nan flèv Cédron an. 13Wo plas ki te devan Jérusalem yo, ki te adwat mòn pèdisyon ke Salomon te bati pou Astarté a, abominasyon a Sidonyen yo, avèk Kemosch, abominasyon a fis Ammon yo, wa a te souye yo. 14Li te kraze an mòso pilye sakre yo, li te koupe Astarté yo e li te plen plas yo avèk zo moun.

15Anplis, lotèl ki te Béthel la avèk wo plas ke Jéroboam, fis a Nebath la, ki te fè Israël peche a, menm lotèl sila a avèk wo plas la a li te kraze. Epi li te kraze wòch li yo, li te moulen yo jis yo te fè poud e li te brile Astarté a. 16Alò, lè Josias te vire gade, li te wè tout simityè ki te sou mòn nan e li te voye pran zo ki te ladann yo, li te brile yo sou lotèl la e te souye li pa pawòl SENYÈ a, ke nonm Bondye a te pwoklame a, sila ki te pwoklame bagay sa yo. 17Alò, li te di: “Se ki moniman sa a ke m wè la a?”

Epi mesye lavil yo te di l: “Li se tonm a nonm Bondye ki te sòti Juda a pou te pwoklame bagay sa yo ke ou te fè kont lotèl Béthel la.”

18Li te di: “Lese li; pa kite pèsòn deranje zo li.” Konsa, yo te kite zo li yo san deranje avèk zo a pwofèt ki te sòti Samarie a. 19Anplis, Josias te retire tout kay nan wo plas ki te nan vil Samarie yo, ke wa Israël la te fè pou te pwovoke SENYÈ a, epi li te fè a yo menm sa ke li te fè Béthel la. 20Tout prèt a wo plas ki te prezan yo, li te touye yo sou lotèl yo, e li te brile zo moun yo sou yo. Konsa, li te retounen Jérusalem.

21Wa a te kòmande tout pèp la. Li te di: “Selebre fèt Pak SENYÈ a, Bondye nou an, jan sa ekri nan liv akò sila a.” 22Anverite, yon Pak tankou sila a pa t selebre depi nan jou a jij ki te jije Israël yo, ni nan tout jou a wa Israël yo avèk wa Juda yo. 23Men nan di-zuityèm ane a Wa Josias la, Pak sila a te obsève Jérusalem.

24Anplis, Josias te retire moun ki te konn rele lespri mò yo, avèk bòkò avèk zidòl lakay yo ak tout lòt zidòl avèk tout abominasyon ki te konn wè nan tout peyi Juda a avèk Jérusalem, pou li ta kapab konfime pawòl lalwa ki te ekri nan liv ke Hilkija, prèt la, te twouve lakay SENYÈ a. 25Avan li, pa t gen wa tankou li ki te vire vè SENYÈ a avèk tout kè li, avèk tout nanm li e avèk tout fòs li, selon lalwa Moïse la. Ni pa t gen okenn moun tankou li ki te leve apre li. 26Malgre sa, SENYÈ a pa t kite chalè gran kòlè Li ki te brile kont Juda, akoz tout pwovokasyon avèk sila Manassé te pwovoke Li yo. 27SENYÈ a te di: “Mwen va retire Juda tou devan zye Mwen, jan mwen te retire Israël la. Mwen va voye jete Jérusalem, vil sila ke M te chwazi a ak tanp sou sila Mwen te di: ‘Non Mwen va la a.’”

28Alò, tout lòt zèv a Josias yo, avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo? 29Nan jou pa li yo, Farawon Néco, wa Égypte la, te monte kont wa Assyrie a nan Rivyè Euphrate la e Wa Josias te ale rankontre li. Epi lè Néco te wè l, li te touye li Méguiddo. 30Sèvitè li yo te kondwi kadav li a nan yon cha soti Méguiddo pou te mennen li rive Jérusalem, e yo te antere li nan pwòp tonm pa li. Konsa, pèp peyi a te pran Joachaz, fis a Josias la, yo te onksyone li, e yo te fè l wa nan plas papa li.

31Joachaz te gen laj a venn-twazan lè l te devni wa a e li te renye twa mwa Jérusalem. Manman li te rele Hamuthal, fi a Jérémie an nan Libna. 32Li te fè mal nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke zansèt li yo te fè. 33Farawon Néco te fèmen li nan prizon nan Ribla nan peyi Hamath pou li pa renye Jérusalem, epi li te enpoze sou peyi a yon amann san talan ajan avèk yon talan lò. 34Farawon Néco te fè Éliakim, fis a Josias la wa nan plas Josias, papa li e te chanje non li an Jojakim. Men li te mennen Joachaz sòti. Li te mennen li an Égypte e li te mouri la. 35Konsa, Jojakim te bay ajan avèk lò a Farawon, men li te egzije kontribisyon sou peyi a pou l ta kab bay lajan lè Farawon te mande li. Li te egzije ajan avèk lò a soti nan pèp peyi a, chak moun selon kalkil valè pa li, pou vèse bay a Farawon Néco. 36Jojakim te gen laj venn-senkan lè l te devni wa a, e li te renye onzan Jérusalem. Non manman li te Zébudda, fi a Pedaja a nan Ruma. 37Li te fè mal nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke papa zansèt li yo te konn fè yo.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

As Reformas de Josias e a Queda dos Reis de Judá

  • A ampla purificação promovida por Josias desmantelou séculos de instalações idólatras em Judá e Samaria. Ele queimou objetos dedicados a Baal e ao exército dos céus, profanou Tofete no vale de Ben-Hinom para encerrar os sacrifícios de crianças a Moloque e destruiu o antigo altar erguido por Jeroboão em Betel.Fontes: o próprio texto bíblico · Josiah · Molech · Bethel (of Palestine)
  • No décimo oitavo ano de seu reinado, Josias restabeleceu a celebração nacional da Páscoa em Jerusalém de acordo com o recém-descoberto Livro da Aliança. O relato bíblico destaca que nenhuma Páscoa semelhante havia sido celebrada desde os dias dos juízes de Israel.Fontes: o próprio texto bíblico · Hilkiah
  • Josias morreu em batalha em Megido ao tentar confrontar o faraó Neco do Egito. Após sua morte, Neco depôs o sucessor de Josias, Jeoacaz, após apenas três meses de reinado, levou-o cativo para o Egito e colocou seu irmão Eliaquim no trono com o nome de Jeoaquim.Fontes: o próprio texto bíblico · Jehoahaz · Jehoiakim · Megiddo

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 2, 4, 5, 6, 8, 9, 13, 20, 23, 24, 27, 30, 31, 33, 36
  • Kidron · Hoje: Kidron River · 31.780, 35.240 · versículos 4, 6, 12
  • Topheth · Hoje: in the Hinnom Valley · 31.769, 35.228 · versículo 10
  • Valley of Hinnom · Hoje: Hinnom Valley · 31.769, 35.228 · versículo 10
  • Ammon · 31.955, 35.934 · versículo 13
  • Moab · Hoje: Moab 1 · 31.181, 35.701 · versículo 13
  • Mount of Olives · 31.778, 35.246 · versículo 13
  • Samaria · 32.276, 35.195 · versículos 18, 19
  • Assyria · 36.359, 43.153 · versículo 29
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 29, 34
  • Euphrates · Hoje: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículo 29
  • Megiddo · Hoje: Tel Megiddo · 32.585, 35.184 · versículos 29, 30
  • Hamath · Hoje: Hama · 35.136, 36.750 · versículo 33
  • Riblah · Hoje: Rableh · 34.460, 36.573 · versículo 33

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.