Nations Bible

2 Reis 2

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Li te vin rive lè SENYÈ a te prèt pou ranmase Élie monte nan syèl nan yon van toubiyon, ke Élie te ale avèk Élisée sòti Guilgal. 2Epi li te rive ke Élie te di a Élisée: “Rete isit la, souple; paske SENYÈ a te voye mwen jis Béthel.”

Men Élisée te di: “Jan SENYÈ a viv la e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa, yo te desann Béthel.

3Alò, fis a pwofèt ki te Béthel yo te vin sòti kote Élisée e te di li: “Èske ou konnen ke SENYÈ a va pran mèt ou a soti anwo ou jodi a?” Konsa, li te di:

“Wi, mwen konnen. Pa pale!”

4Élie te di li: “Élisée, souple, rete isit la, paske SENYÈ a te voye mwen Jéricho.”

Men li te di: “Jan SENYÈ a viv la, mwen p ap kite ou”. Konsa, yo te vini Jéricho.

5Fis a pwofèt ki te Jéricho yo te vin kote Élisée e te di li: “Èske ou konnen ke SENYÈ a va retire mèt ou a soti anwo ou jodi a?”

Li te reponn: “Wi, mwen konnen; pa pale.”

6Konsa, Élie te di li: “Souple, rete isit la, paske SENYÈ a te voye mwen nan Jourdain an.”

Li te reponn: “Jan Senyè a viv la e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa yo de a te avanse. 7Alò senkant mesye nan fis a pwofèt yo te ale kanpe anfas yo nan yon distans, pandan yo de a te kanpe akote Jourdain an. 8Élie te pran manto li, li te pliye li ansanm, li te frape dlo yo e yo te vin divize isit e la, jiskaske yo de a te travèse sou tè sèch. 9Lè yo te fin travèse, Élie te di a Élisée: “Mande sa ke m ta fè pou ou avan mwen retire m de ou.”

Konsa, Élisée te di: “Souple, kite yon pòsyon doub nan lespri ou a rete sou mwen.”

10Li te di: “Ou te mande yon bagay ki difisil. Si ou wè m lè m retire kite ou, se konsa l ap ye pou ou; men si se pa sa, sa p ap fèt.”

11Pandan yo t ap fè wout yo e t ap prale, men vwala, yon cha dife avèk cheval dife te separe yo de a. Konsa, Élie te monte nan yon toubiyon nan syèl la. 12Élisée te wè e te kriye fò: “Papa m, papa m, cha Israël yo avèk chevalye li yo!”

Epi li pa t wè Élie ankò. Alò, li te kenbe rad li e te chire li an de bout. 13Anplis, li te pran manto Élie ki te sòti tonbe de li, lè l t ap prale a, e li te retounen kanpe akote rebò larivyè Jourdain an. 14Li te pran manto Élie ki te tonbe de li menm nan, e li te frape dlo yo e te di: “Kote SENYÈ a, Bondye Élie a?” Epi lè l te frape dlo a ankò, yo te divize isit e la, epi Élisée te travèse rive lòtbò.

15Alò, lè fis a pwofèt ki te Jéricho yo te wè li, yo te di: “Lespri Élie a poze sou Élisée.” Epi yo te vin rankontre li e te bese yo menm atè devan li. 16Yo te di li: “Men vwala, genyen avèk ou senkant sèvitè ak gwo fòs, souple, kite yo ale chache mèt ou a. Petèt lespri a SENYÈ a te pran li e te jete li sou yon mòn, oswa nan yon vale.”

Li te di: “Ou p ap voye yo.”

17Men lè yo te bourade li jiskaske li te wont, li te di yo: “Voye yo”.

Konsa, yo te voye senkant mesye. Yo te chache pandan twa jou, men yo pa t jwenn li. 18Yo te retounen kote li pandan li te rete Jéricho a. Li te di yo: “Èske mwen pa t di nou ‘Pa ale’?”

19Konsa, mesye lavil yo te di a Élisée: “Gade byen koulye a, sikonstans vil sa a byen bon, jan mèt mwen konn wè a; men dlo a pa bon e tè a pa pwodwi anyen.”

20Li te di: “Mennen ban m yon veso nèf e mete sèl ladann.” Konsa, yo te mennen ba li. 21Li te ale nan sous dlo a. Li te jete sèl la ladann e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mwen te pirifye dlo sa yo! P ap gen lanmò ni move tè a ankò.’” 22Konsa, dlo yo rete bon jis jodi a, selon pawòl Élisée te pale a.

23Alò, soti la, li te monte Béthel. Pandan li t ap monte nan chemen an, jenn gason yo te sòti deyò lavil la. Yo te moke li e te di li: “Ale monte, tèt chòv! Ale monte, tèt chòv!” 24Lè li te gade dèyè li pou l te wè yo, li te modi yo nan non SENYÈ a. Konsa, de lous femèl te sòti nan forè a, e te chire karann-de nan jenn gason pami yo. 25Li te kite la pou rive Mòn Carmel, e soti la, li te rive Samarie.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A partida de Elias e a sucessão de Eliseu

  • O manto de Elias havia marcado inicialmente o chamado de Eliseu quando Elias o lançou sobre os ombros dele no campo. Quando Elias foi levado ao céu em um redemoinho, Eliseu recolheu o manto caído e feriu as águas do Jordão com ele, demonstrando aos profetas que observavam que havia recebido o espírito de Elias e o sucedido como profeta.Fontes: Elisha · o próprio texto bíblico
  • A fonte perto de Jericó, identificada historicamente com Ain es-Sultan ou Fonte de Eliseu, continha água ruim que tornava a terra ao redor estéril. Eliseu purificou a água lançando nela sal de uma tigela nova diretamente no manancial.Fontes: Jericho · o próprio texto bíblico
  • Antes de atravessarem o Jordão, Elias e Eliseu visitaram comunidades dos discípulos dos profetas estabelecidas em Betel e Jericó. Cinquenta homens desses grupos proféticos observaram a travessia miraculosa de longe e depois passaram três dias procurando Elias pelos montes e vales vizinhos.Fontes: Bethel (of Palestine) · Jericho · o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jericho · Hoje: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · versículos 4, 5, 15, 18, 19, 23
  • Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículos 6, 7, 13
  • Mount Carmel · 32.672, 35.023 · versículo 25
  • Samaria · 32.276, 35.195 · versículo 25

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.