2 Reis 19
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Lè Ézéchias te tande sa, li te chire rad li. Li te kouvri kò li avèk twal sak e li te antre lakay SENYÈ a. 2Epi li te voye Éliakim ki te sou tout kay avèk Schebna, grefye a ak ansyen pami prèt yo, kouvri avèk twal sak kote Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la. 3Yo te di li: “Konsa pale Ézéchias: ‘Jou sa a se yon jou gwo twoub, chatiman, ak abandon; pwiske pitit yo vin parèt pou akouche, men pa gen fòs pou fè l. 4Petèt SENYÈ a, Bondye ou a, va tande tout pawòl a Rabschaké yo ke mèt li a, wa Assyrie a, te voye pou repwoche Bondye Vivan an e va repwoche pawòl ke SENYÈ a, Bondye ou a, te tande a. Pou sa, ofri lapriyè pou retay ki toujou rete a.’”
5Pou sa, sèvitè a wa Ézéchias yo te vin kote Ésaïe. 6Ésaïe te di yo: “Konsa nou va pale a mèt nou an: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Pa krent akoz pawòl ke ou te tande yo, avèk sila sèvitè a wa Assyrie yo te blasfeme Mwen yo. 7Veye byen, mwen va mete yon lespri nan li pou l tande yon fo nouvèl pou retounen nan pwòp peyi pa li. Epi Mwen va fè l tonbe pa nepe nan pwòp peyi li.”’”
8Alò, Rabschaké te retounen e te twouve wa Assyrie a t ap goumen kont Libna; paske li te tande ke li te fin kite Lakis. 9Lè l te tande sa pa Tirhaka, wa Ethiopie a, vwala, li vin parèt pou goumen kont ou, li te ankò voye mesaje yo kote Ézéchias e te di: 10“Konsa ou va pale a Ézéchias, wa Juda a, ‘Pa kite Bondye ou a nan Sila ou mete konfyans ou an twonpe ou e di: “Jérusalem p ap antre nan men a wa Assyrie a.” 11Gade byen, ou konn tande sa ke wa Assyrie a te fè a tout peyi yo, destriksyon konplèt. Èske se konsa ke ou va delivre a? 12Èske dye a nasyon sila yo ke zansèt mwen yo te detwi yo, te delivre yo, menm? Gozan, Charan, Retseph, avèk fis a Éden ki te Telassar yo? 13Kibò wa Hamath la ye, wa Arpad la, wa gran vil Sepharvaïm nan, Henna, avèk Ivva?’”
14Alò, Ézéchias te pran lèt la soti nan men a mesaje yo e li te li li. Li te monte lakay SENYÈ a, e li te louvri li devan SENYÈ a. 15Ézéchias te priye devan SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, ki chita sou twòn li pami cheriben yo, Ou se Bondye a, Ou sèl Ou pami tout wayòm sou latè yo. Ou te fè syèl la avèk tè a. 16Panche zòrèy Ou, O SENYÈ a pou tande. Ouvri zye Ou O SENYÈ pou wè. Koute pawòl a Sanchérib yo, ke li te voye pou repwoche Bondye Vivan an. 17Anverite, O SENYÈ, wa Assyrie yo te devaste nasyon yo avèk peyi pa yo, 18epi yo te jete dye pa yo nan dife, paske se pa dye yo ye, men se zèv a men lèzòm yo, bwa avèk wòch. Pou sa, yo te detwi yo. 19Alò, O SENYÈ, Bondye nou an, mwen priye Ou, delivre nou nan men li pou tout wayòm sou latè yo kab konnen Ou sèl, O SENYÈ, se Bondye a.”
20Epi Ésaïe, fis a Amots la te voye kote Ézéchias e te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Akoz ou te priye a Mwen pou Sanchérib, wa Assyrie a, Mwen te tande.”
21Sa se pawòl ke SENYÈ a te pale kont li an:
“Li te meprize ou e moke ou,
Fi vyèj a Sion an.
Li te souke tèt li dèyè do ou,
Fi a Jérusalem nan!
22Se kilès ou te repwoche e blasfeme a?
Epi kont kilès ou te leve vwa ou a,
avèk ògèy, ou te leve zye ou?
Kont Sila ki Sen a Israël la?
23Pa mesaje ou yo, ou te repwoche SENYÈ a.
Ou te di: “Avèk anpil cha mwen yo,
mwen te rive sou wotè a mòn yo.
Jis rive nan kote pi izole nan Liban an,
mwen va koupe gwo bwa sèd li yo,
avèk bwa pichpen pi chwazi li yo.
Epi mwen va antre jis nan lojman pi izole yo,
nan pi gran rakbwa ki te genyen yo.
24Mwen te fouye pwi yo e te bwè dlo etranje li yo,
Epi avèk pla pye mwen, mwen te seche
tout rivyè Égypte yo.”
25Èske ou pa t tande?
Depi lontan Mwen te fè l;
Depi nan tan ansyen yo, Mwen te planifye l.
Koulye a, Mwen gen tan fè l vin rive,
ke ou ta fè vil fòtifye yo vin pil ranblè.
26Pou sa, abitan pa yo te manke fòs.
Yo te deranje e te vin wont nèt.
Yo te tankou zèb chan, tankou zèb vèt,
tankou zèb sou twati kay ki vin brile avan li kab grandi.
27Men M konnen chita ou, sòti avèk antre pa ou,
ak laraj ke ou konn fè kont Mwen.
28Epi akoz laraj ou kont Mwen,
akoz awogans ou vin monte nan zòrèy Mwen,
pou sa, mwen va mete zen Mwen nan nen ou,
ak brid Mwen, pou antre nan lèv ou,
epi Mwen va vire ou fè ou fè bak
pa menm chemen ke ou te antre a.”
29“Epi sa va sign lan pou ou: Ou va manje nan lane sila a sa ki grandi pou kont li, nan dezyèm ane a, sa ki sòti menm jan an konsa e nan twazyèm ane a, ou va simen, rekòlte, plante chan rezen yo e manje fwi pa yo. 30Retay ki chape lakay Juda a va ankò pran rasin k ap pouse pa anba pou bay fwi pa anlè. 31Paske depi Jérusalem, va vin sòti yon retay e sòti nan Mòn Sion, sila ki chape yo. Zèl SENYÈ a va acheve sa.”
32“Pou sa, pale SENYÈ a selon wa Assyrie a: ‘Li p ap rive nan vil sila a, ni tire yon flèch la. Li p ap rive devan li avèk yon boukliye, ni monte yon ran syèj kont li. 33Pa menm chemen ke li te antre a, pa li menm, li va retounen e li p ap rive nan vil sila a’, deklare SENYÈ a. 34‘Paske Mwen va defann vil sa a pou sove li pou koz Mwen menm ak pou koz sèvitè mwen an, David.’”
35Epi li te vin rive menm nwit sa a ke zanj SENYÈ a te sòti e te frape san-katre-ven-senk-mil moun nan kan Asiryen yo. Lè moun yo te leve granmmaten, men vwala, yo tout te mouri. 36Pou sa, Sanchérib, wa Assyrie a, te sòti e te retounen lakay li pou te rete Ninive. 37Konsa, li te vin rive pandan li t ap adore lakay Nisroc la, dye pa li a, ke Adrammélec avèk Scharetser te touye li avèk nepe, epi yo te chape nan peyi Ararat. Epi Ésar-Haddon, fis li a, te devni wa nan plas li.

Você sabia?
Jerusalém é livre da Assíria
- Quando Ezequias recebeu a carta ameaçadora de Senaqueribe, ele entrou no templo e a estendeu perante Deus, afirmando que, enquanto os deuses de outras nações conquistadas eram mero pau e pedra, o Deus de Israel é o criador dos céus e da terra.Fontes: o próprio texto bíblico · Hezekiah
- Senaqueribe enviou sua segunda mensagem ameaçadora a Jerusalém enquanto lutava contra Libna após deixar Laquis, motivado por notícias de que Tiraca, rei de Cuxe, havia partido para enfrentá-lo.Fontes: o próprio texto bíblico · Tirhakah · Libnah · Lachish
- Depois que o anjo do Senhor feriu 185.000 soldados no acampamento assírio, Senaqueribe recuou para Nínive, onde mais tarde foi assassinado à espada por seus próprios filhos dentro do templo de seu deus Nisroque.Fontes: o próprio texto bíblico · Sennacherib
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Assyria · 36.359, 43.153 · versículos 4, 6, 8, 10, 11, 17, 20, 32, 35, 36, 37
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 8, 9, 10, 21, 31, 32
- Lachish · Hoje: Tell ed Duweir · 31.565, 34.849 · versículo 8
- Cush · Hoje: Cush 1 · 16.935, 33.751 · versículo 9
- Eden · Hoje: Beth-eden · 36.701, 38.087 · versículo 12
- Haran · Hoje: Harran · 36.864, 39.033 · versículo 12
- Hamath · Hoje: Hama · 35.136, 36.750 · versículo 13
- Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 21
- Lebanon · 33.540, 35.584 · versículo 23
- Mount Carmel · 32.672, 35.023 · versículo 23
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 24
- Mount Zion · 31.772, 35.229 · versículo 31
- Nineveh · 36.359, 43.153 · versículo 36
- Ararat · Hoje: Urartu · 39.703, 44.300 · versículo 37
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org