Nations Bible

2 Reis 12

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Nan setyèm ane Jéhu, Joas te vin wa a, e li te renye karantan Jérusalem. Non manman li te Tsibja nan Beer-Schéba. 2Joas te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a pandan tout jou li yo depi Jehojada, prèt la, te enstwi li. 3Sèlman, wo plas yo pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e te brile lansan sou wo plas yo.

4Alò, Joas te di a prèt yo: “Tout lajan de afè konsakre yo, ki pote antre nan kay SENYÈ a, nan lajan aktyèl la, lajan ranmase kòm devwa a chak mesye ak tout sa ke kè a yon moun ta pouse li pote lakay SENYÈ a; 5kite prèt yo pran li pou yo menm, yo chak nan men a moun yo konnen. Epi yo va sèvi li pou repare donmaj nan kay la, nenpòt kote yon donmaj ta twouve.”

6Men li vin rive ke nan venn-twazan pouvwa a Wa Joas la, prèt yo pa t ankò repare donmaj kay la. 7Alò, Joas te rele Jehojada, prèt la ak lòt prèt yo, e li te pale yo konsa: “Poukisa ou pa repare donmaj kay la? Alò, pou koz sa a, pa pran kòb ankò nan men moun pa w yo, men pito livre li pou repare donmaj kay la.”

8Pou sa, prèt yo te dakò pou yo pa t pran lajan nan men pèp la, ni fè reparasyon kay la. 9Men Jehojada, prèt la te pran yon kès sere e te pèse yon twou nan tèt bwat la e te mete li akote lotèl la sou kote dwat kote moun antre nan kay SENYÈ a. Epi prèt ki te veye kote papòt la, te mete ladann tout lajan ki te mennen nan kay SENYÈ a. 10Lè yo te wè ke anpil lajan te nan kès la, grefye a wa a avèk wo prèt la te vin monte, te mare li nan sak yo e te konte lajan ki te twouve nan kay SENYÈ a. 11Yo te bay lajan ki te peze a, mete nan men a sila ki t ap fè travay yo, ki te responsab nan kay SENYÈ a. Konsa, yo menm te vèse bay li kòm pèyman a chapant avèk ouvriye ki t ap fè zèv travay la nan kay SENYÈ a. 12Anplis yo te bay a mason yo avèk sila ki t ap taye wòch yo, pou achte gwo bwa avèk wòch taye pou repare donmaj kay SENYÈ a ak tout sa ki te dispoze pou reparasyon li an. 13Men yo pa t fè pou lakay SENYÈ a, anyen an ajan, tas yo, etennwa yo, bòl yo, twonpèt yo, ni veso an lò yo, ni veso an ajan yo avèk lajan ki te mennen antre lakay SENYÈ a; 14paske yo te bay lajan sa a a sila ki te fè travay yo, e avèk li yo te repare lakay SENYÈ a. 15Anplis, yo pa t egzije yon kontwòl kontab nan men mesye ke yo te mete lajan pou peye sila ki te fè travay yo, paske yo te fidèl. 16Lajan ofrann koupab la avèk lajan ofrann peche a pa t antre lakay SENYÈ a. Li te pou prèt yo.

17Alò, Hazaël, wa Syrie a, te monte goumen kont Gath e te kaptire li. Konsa, Hazaël te mete figi li vè Jérusalem. 18Joas, wa Juda a, te pran tout bagay sen ke Josaphat, Joram, ak Achazia, zansèt li yo te konsakre yo ak afè sen pa li yo ak tout lò ki te twouve pami trezò lakay SENYÈ a e li te voye yo bay wa Hazaël, wa Syrie a. Epi Hazaël te kite Jérusalem.

19Alò, tout lòt zèv a Joas yo avèk tout sa li te fè, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda yo? 20Sèvitè li yo te leve fè yon konplo e te frape Joas lakay Millo a pandan li t ap desann kite Silla. 21Paske Jozabad, fis a Shomer la, avèk Yehozabad, fis a Schimeath la, sèvitè li yo, te frape li e li te mouri. Yo te antere li avèk zansèt li yo nan vil David la e Amatsia, fis li a, te devni wa nan plas li.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

O reinado de Joás e as reformas do templo

  • Quando as reformas do templo estagnaram até o vigésimo terceiro ano de seu reinado, Joás reorganizou o sistema de arrecadação. O sacerdote Joiada colocou uma caixa de madeira com um furo na tampa ao lado do altar, permitindo que o escrivão real e o sumo sacerdote pagassem diretamente carpinteiros, pedreiros e cortadores de pedra.Fontes: o próprio texto bíblico · Jehoiada
  • Depois que o rei Hazael da Síria conquistou a cidade filisteia de Gate e avançou contra Jerusalém, Joás evitou o cerco entregando o ouro dos tesouros do palácio e do templo, além dos objetos sagrados dedicados por seus antecessores Josafá, Jeorão e Acazias.Fontes: o próprio texto bíblico · Hazael · Gath
  • Após um reinado de quarenta anos em Jerusalém, Joás foi assassinado por seus próprios servos em Bete-Milo, no caminho que desce para Silá, uma localidade desconhecida, e foi sepultado na Cidade de Davi.Fontes: o próprio texto bíblico · Zabad · Silla

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 17, 18
  • Syria · Hoje: Aram · 33.511, 36.306 · versículos 17, 18
  • Silla · Hoje: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 20
  • City of David · 31.774, 35.236 · versículo 21

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.