2 Coríntios 3
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Èske n ap kòmanse bay pwòp tèt nou lwanj ankò? Oswa èske nou menm bezwen, tankou kèk lòt moun, lèt rekòmandasyon pou nou menm, oswa petèt ki sòti de nou menm? 2Nou menm nan legliz Korent se lèt nou, ki ekri nan kè nou, ki rekonèt e ki li pa tout moun. 3Li parèt klè ke nou se yon lèt ki sòti nan Kris la, ki pran swen pa nou menm, ki pa t ekri avèk lank, men avèk Lespri Bondye vivan an, pa sou tablèt wòch, men sou tablèt kè lòm.
4Yon konfyans konsa ke nou genyen atravè Kris la vè Bondye. 5Se pa ke nou ase fò nan nou menm pou konsidere ke tout bagay kapab sòti nan nou menm, men fòs nou an soti nan Bondye. 6Ki te osi fè nou ase fò tankou sèvitè a yon akò tounèf, pa selon lèt la, men selon Lespri a. Paske lèt la touye, men Lespri a bay lavi.
7Men si zèv lanmò a, ak lèt la byen grave sou wòch te vini avèk glwa, jis pou fis Israël yo pa t kapab fikse atansyon yo sou figi Moïse akoz de glwa a figi li, malgre briyans lan te kòmanse ap bese, 8kòman zèv Lespri a p ap vin pi fò avèk laglwa a? 9Paske si zèv kondanasyon an gen glwa, konbyen anplis zèv ladwati a p ap ranpli avèk glwa? 10Paske anverite, sa ki te gen glwa a, nan ka sa a pa gen glwa, akoz glwa ki depase l la. 11Paske si sa ki disparèt la te avèk glwa, bokou plis sa ki rete a gen glwa.
12Konsa, akoz ke nou gen yon espwa parèy a sa a, nou sèvi ak gran kouraj nan pawòl nou yo. 13Se pa tankou Moïse ki te konn mete yon vwal sou figi l pou fis Israël yo pa t kab gade avèk atansyon sou fen sa ki t ap disparèt la. 14Men tèt yo te vin di; paske jis rive nan jou sa a, nan lekti ansyen akò a, menm vwal la rete toujou san leve, paske se jis nan Kris li vin leve. 15Men jis rive nan jou sa a, lè ekriti Moïse la vin li, yon vwal kouvri kè yo. 16Men nenpòt lè yon moun vire vè Senyè a, vwal la vin sòti. 17Alò, Senyè a se Lespri a; e kote Lespri Senyè a ye, gen libète. 18Men nou tout, avèk figi devwale k ap gade tankou nan yon miwa laglwa Senyè a k ap transfòme nan menm imaj a glwa sa a, jis rive nan glwa ki sòti nan Senyè a, ki se Lespri a.

Você sabia?
Uma aliança mais gloriosa
- O capítulo pergunta se são necessárias cartas de recomendação para os crentes ou da parte deles, como algumas pessoas exigem. Responde que os próprios crentes são uma carta de Cristo, fruto desse ministério, inscrita nos corações dos ministros e conhecida e lida por todos.Fontes: o próprio texto bíblico
- O capítulo contrasta a tinta e as tábuas de pedra com o Espírito do Deus vivo a escrever em corações humanos. Chama de ministério de morte e de condenação o ministério gravado em letras sobre pedra, e descreve uma nova aliança do Espírito, pois a letra mata, mas o Espírito dá vida.Fontes: o próprio texto bíblico
- Os israelitas não conseguiam fitar o rosto de Moisés por causa de uma glória que se desvanecia, e Moisés pôs um véu sobre o rosto para que não contemplassem o fim do que ia passando. O capítulo diz que um véu ainda cobre os corações deles quando se lê Moisés, e que ele é retirado sempre que alguém se volta para o Senhor.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org