2 Coríntios 13
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Sa se twazyèm fwa m ap vin kote nou. “Chak sa ki fèt dwe konfime pa temwayaj a de oubyen twa temwen.” 2Mwen te di nou oparavan lè m te la nan dezyèm fwa a, e byenke m pa la koulye a, mwen di davans a sila yo ki te peche nan tan pase yo e a tout rès moun yo tou, ke si m vini ankò, mwen p ap epagne pèsòn. 3Paske se konsa nou ap chache prèv a Kris ki pale nan mwen an, e ki pa fèb anvè nou an, men byen pwisan nan nou. 4Paske malgre Li te krisifye akoz de feblès, deja Li vivan akoz de pwisans Bondye a. Paske nou osi, nou fèb nan Li, malgre nou va viv avèk Li akoz de pwisans Bondye anvè nou.
5Fè prèv tèt nou pou wè si nou nan lafwa. Egzamine tèt nou! Oubyen èske nou pa rekonèt sa nan ou menm, ke Jésus Kri nan nou—-amwenske anfèt nou ta echwe nan tès la? 6Men mwen gen konfyans ke ou va vin reyalize ke nou menm, nou pa echwe nan tès la.
7Koulye a, n ap priye Bondye pou ou pa fè okenn mal; se pa pou nou kapab parèt kòmsi nou vin apwouve, men pou ou kapab fè sa ki bon, menmsi li sanble nou pa apwouve. 8Paske nou pa kapab fè anyen kont verite a, men sèlman pou verite a. 9Paske nou rejwi lè nou fèb e ou menm vin gen fòs. Se pou sa n ap priye; ke ou kapab vin konplè. 10Pou rezon sa a, mwen ap ekri bagay sa yo pandan mwen pa la a, jis pou lè m la, mwen p ap bezwen itilize severite mwen, selon otorite ke Senyè a te ban mwen pou bati e pa pou detwi.
11Finalman, frè m yo, rejwi. Vin konplè, vin rekonfòte vin gen yon sèl panse. Viv nan lapè, epi Bondye lanmou ak lapè a va avèk nou. 12Salye youn lòt avèk yon beze ki sen.
13Tout sen yo salye nou.
14Ke lagras Senyè a Jésus Kri, lanmou Bondye a, ak dous kominyon Lespri Sen an, rete avèk nou tout. Amen.

Você sabia?
Uma terceira vinda e um apelo final
- O autor diz que esta é a terceira vez que vai até os leitores e que já os advertiu na segunda vez em que esteve com eles. Ele cita a frase de que toda questão deve ser confirmada pelo testemunho de duas ou três testemunhas e adverte tanto os que pecaram antes quanto todos os demais: se voltar, não poupará ninguém.Fontes: o próprio texto bíblico
- Os leitores exigem prova de que Cristo fala por meio do autor. Ele contrapõe fraqueza e poder: Cristo foi crucificado em fraqueza, mas vive pelo poder de Deus; embora o autor e os que estão com ele sejam fracos em Cristo, ele diz que, pelo poder de Deus, viverão com ele para servir aos leitores. Ele pede que os leitores se examinem e se ponham à prova, para ver se estão na fé, e espera que reconheçam que ele e os que estão com ele não falharam nessa prova.Fontes: o próprio texto bíblico
- Ele escreve essas coisas estando ausente para que, quando estiver presente, não precise ser severo no uso da autoridade que o Senhor lhe deu — autoridade para edificar os leitores, e não para derrubá-los. Ele encerra exortando-os a alegrar-se, buscar a harmonia perfeita, encorajar uns aos outros, ter o mesmo modo de pensar e viver em paz, e acrescenta que o Deus de amor e de paz estará com eles. Pede também que se saúdem uns aos outros com um beijo santo, transmite saudações de todos os santos e termina com uma bênção que nomeia a graça do Senhor Jesus Cristo, o amor de Deus e a comunhão do Espírito Santo.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org