2 Coríntios 10
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Koulye a, mwen menm Paul, mwen ankouraje nou pa imilite ak dousè a Kris la—mwen menm ki enb lè mwen fasafas avèk nou, men plen ak kouraj anvè nou lè m absan! 2Mwen mande ke lè m prezan ke m p ap oblije vin parèt ak menm fòs kouraj la pou mwen ta vin advèsè kèk moun ki konsidere nou tankou moun ki te mache selon lachè. 3Paske malgre ke n ap mache nan lachè, nou pa fè lagè selon lachè, 4paske zam lagè nou yo pa nan lachè, men ranpli ak pwisans Bondye pou detwi barikad yo. 5N ap detwi tout sipozisyon avèk tout ògèy ki vin leve kont konesans Bondye a, e nou ap mennen tout panse kaptif yo nan obeyisans a Kris la. 6Konsa, nou prè pou pini tout dezobeyisans, lè obeyisans nou an fin ranpli.
7Nou menm ap gade bagay yo kòmsi, pa deyò. Si nenpòt moun gen konfyans nan tèt li ke li pou Kris, kite li konsidere sa ankò nan lespri li, ke menm jan li nan Kris la nou menm osi, nou nan Li. 8Paske menm si m ta vante tèt mwen yon ti kras anplis pou otorite nou ke Senyè a te bay pou bati nou menm e pa pou detwi nou, mwen p ap wont. 9Paske mwen pa vle li sanble ke m ta entimide nou pa lèt mwen yo. 10Paske, yo di: “Lèt li yo lou e dyanm, men prezans pèsonèl li pa enpresyonan ditou, e jan li pale vrèman meprizab.” 11Kite yon moun konsa konsidere sa; ke sa nou ye nan lèt nou yo lè nou absan, se menm moun nan ke nou ye nan aksyon lè nou la.
12Paske nou p ap tante sèvi kouraj nou pou konpare oswa klase nou menm avèk kèk nan sila ki rekòmande tèt yo. Men lè yo mezire tèt yo ak yo menm e konpare tèt yo avèk yo menm, yo san konprann. 13Men nou p ap vante tèt nou plis ke mezi nou, men nan domèn kote Bondye te chwazi nou kòm yon mezi, pou menm rive kote nou ye a. 14Paske nou p ap lonje depase kapasite nou menm, kòmsi li pa t rive bò kote nou, paske nou te premye pou vini jis rive kote ou nan levanjil Kris la. 15Nou p ap vante tèt nou depase mezi pa nou, kòmsi, nan zèv a lòt moun, men avèk espwa ke pandan lafwa nou ap grandi, nou va, nan mezi nou, agrandi menm plis akoz nou menm. 16Konsa nou ka preche levanjil menm nan zòn pi lwen nou yo, e pa vante tèt nou nan travay ki te fèt nan landwa a yon lòt. 17Men “Sila k ap vante tèt li a, kite li vante tèt li nan Senyè a.” 18Paske se pa sila ki rekòmande tèt li a ki apwouve, men se sila ki rekòmande pa Bondye a.

Você sabia?
Cartas, presença e uma guerra que não é deste mundo
- Algumas pessoas avaliavam Paulo pela aparência e pela fala. Admitiam que as cartas dele eram pesadas e enérgicas, mas diziam que a presença física não impressionava e que o falar não tinha valor. Ele responde que o que é nas cartas, quando ausente, será também nas ações, quando estiver presente.Fontes: o próprio texto bíblico
- Ele descreve o conflito em termos militares, mas não como uma luta comum. Viver na carne, diz ele, não significa guerrear segundo a carne. As armas de que fala não são as do mundo; têm poder divino para derrubar fortalezas, desfazer argumentos e toda pretensão levantada contra o conhecimento de Deus, e levar todo pensamento à obediência a Cristo.Fontes: o próprio texto bíblico
- Paulo não quer gloriar-se além do campo de influência que Deus lhe designou, um campo que já inclui os leitores, pois foi o primeiro a chegar até eles com o evangelho de Cristo. Quem se gloria, diz ele, deve gloriar-se no Senhor; a aprovação não é de quem recomenda a si mesmo, mas daquele a quem o Senhor recomenda.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Corinth · 37.906, 22.879 · versículo 14
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org