Nations Bible

2 Crônicas 9

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò, depi rèn Séba te tande afè rekonesans a Salomon an, li te vini Jérusalem pou fè pase Salomon a leprèv avèk kesyon ki te byen difisil. Li te gen yon gran konpanyen moun avèk chamo chaje avèk epis ak yon gran kantite lò, avèk pyè presye. Lè li te rive kote Salomon, li te pale avèk li selon tout sa ki te nan kè li. 2Salomon te reponn tout kesyon li yo. Anyen pa t kache a Salomon ke li pa t eksplike li. 3Lè rèn Séba te fin wè sajès a Salomon an, kay ke li te bati a, 4manje sou tab li, aranjman pozisyon chèz sèvitè li yo, konpòtman avèk abiman ministè li yo, eskalye li a sou sila li te konn monte pou rive lakay SENYÈ a, sa te fè l pèdi souf.

5Li te di a wa a: “Se te verite; rapò ke m te tande nan pwòp peyi mwen konsènan pawòl avèk sajès ou. 6Sepandan, mwen pa t kwè rapò yo jiskaske m te rive, e zye m vin wè. Epi vwala, mwatye a grandè a sajès yo pa t pale mwen sa. Ou depase rapò ke m te tande a. 7Jan mesye pa ou yo beni, jan sèvitè ou yo ki kanpe devan ou tout tan pou tande sajès ou yo beni! 8Beniswa SENYÈ a, Bondye ou a, ki te pran plezi nan ou, e ki te mete ou sou twòn Li kòm wa pou SENYÈ a, Bondye ou a, akoz Bondye ou a te renmen Israël, Li etabli yo jis pou tout tan. Pou sa, Li te fè ou wa sou yo, pou fè lajistis avèk ladwati.”

9Apre sa, li te bay wa a san-ven talan lò avèk yon trè gran kantite epis avèk pyè presye. Pa t janm te konn gen epis kon sa yo ke rèn Séba te bay a Wa Salomon an.

10Sèvitè a Huram yo avèk sèvitè a Salomon ki te pote lò sòti nan Ophir yo, anplis te pote bwa sandal avèk pyè presye yo. 11Avèk bwa sandal yo, wa a te fè eskalye pou kay SENYÈ a ak pou palè wa a ak gita, avèk ap pou chantè yo. Epi nanpwen bagay konsa ki te konn wè avan nan peyi Juda. 12Wa Salomon te bay a rèn Séba tout dezi li nan sa li te mande, plis ke sa li te pote bay wa a. Alò, li te vire retounen nan peyi li avèk sèvitè li yo.

13Alò, pwa a lò ki te vini a Salomon nan en an te sis-san-swasann-sis talan an lò, 14anplis de sa ke machann avèk komèsan yo te pote. Tout wa Arabie avèk dirijan peyi sa yo te mennen lò avèk ajan bay Salomon. 15Wa Salomon te fè de-san gran boukliye defans an lò bat, ki te sèvi sis-san sik lò nan chak gran boukliye. 16Li te fè twa-san boukliye ki te sèvi twa-san sik lò sou chak boukliye e wa a te mete yo nan kay Forè Liban an. 17Anplis, wa a te fè yon gran twòn avèk ivwa, e li te kouvri li avèk lò pi. 18Te gen sis mach pye eskalye ki pou rive nan twòn nan ak yon mach pye eskalye an lò ki te tache a twòn nan, avèk manch nan chak kote chèz la, avèk de lyon ki te kanpe akote manch yo. 19Douz lyon yo te kanpe la sou sis etap eskalye sou yon kote ak sou lòt la. Nanpwen anyen tankou li ki te fèt pou okenn lòt wayòm. 20Tout veso pou bwè ke Salomon te genyen yo te fèt an lò, e tout veso nan kay Forè Liban an te lò pi. Ajan pa t konsidere kòm tèlman valab nan jou a Salomon yo. 21Paske wa a te gen bato ki te konn ale Tarsis avèk sèvitè a Huram yo. Yon fwa chak twazan, bato Tarsis yo te antre avèk lò ak ajan, ivwa, makak ak zwazo pan yo.

22Konsa, Wa Salomon te vin pi gran pase tout wa sou latè yo nan richès avèk sajès. 23Epi tout wa latè yo t ap chache prezans a Salomon pou tande sajès ke Bondye te mete nan kè li. 24Yo chak te pote pwòp kado pa yo: bagay an ajan avèk lò, vètman, zam, epis, cheval, milèt, an gran kantite ane pa ane. 25Alò, Salomon te gen kat-mil estasyon separe pou cheval avèk cha e douz-mil chevalye. Li te pozisyone yo nan vil cha yo ak kote wa a nan Jérusalem. 26Li te mèt sou tout wa yo soti nan Rivyè Euphrate la, jis rive nan peyi Filisten yo, e jis rive nan lizyè Égypte la. 27Wa a te fè ajan gaye tankou wòch Jérusalem, e li te fè sèd yo anpil tankou bwa sikomò ki nan ba plèn nan. 28Yo te mennen cheval pou Salomon soti an Égypte avèk tout peyi yo.

29Alò, tout lòt zèv a Salomon yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, èske yo pa ekri nan rekò a Nathan yo, pwofèt la, nan pwofesi Achija a, Silonit lan, ak nan vizyon a Jéedo yo, konseye a Jéroboam nan, fis a Nebath la? 30Salomon te renye pandan karantan Jérusalem ak sou tout Israël. 31Salomon te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere nan lavil papa li, David. Fis li, Roboam te renye nan plas li.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

O esplendor de Salomão e visitas reais

  • A rainha de Sabá representava um reino no sul da Arábia, famoso pelo lucrativo comércio de especiarias e aromas. A caravana dela trouxe a Jerusalém uma quantidade sem precedentes de especiarias, ouro e pedras preciosas para colocar à prova a famosa sabedoria de Salomão.Fontes: Sheba · o próprio texto bíblico
  • Salomão manteve uma aliança comercial com Hirão, rei de Tiro. Juntas, as frotas navegavam para portos distantes como Ofir e traziam ouro, prata, marfim e madeira de sândalo (algum), usada para fazer instrumentos musicais e degraus no palácio e no templo.Fontes: Hiram · Ophir · o próprio texto bíblico
  • Em vez de apresentar um relato exaustivo, o autor de Crônicas remete os leitores a outras fontes proféticas sobre o reinado de Salomão, como a história de Natã, a profecia de Aías, o silonita, e as visões de Ido, o vidente.Fontes: Nathan · Ahijah · Iddo · o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 25, 27, 30
  • Sheba · 15.348, 44.206 · versículos 1, 3, 9, 12
  • Arabia · Hoje: Arabian Peninsula · 23.000, 46.000 · versículo 14
  • House of the Forest of Lebanon · Hoje: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 16, 20
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 26, 28
  • Euphrates · Hoje: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículo 26
  • Shephelah · 31.692, 34.875 · versículo 27
  • Shiloh · Hoje: Khirbet Seilun · 32.056, 35.290 · versículo 29
  • City of David · 31.774, 35.236 · versículo 31

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.