2 Crônicas 5
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Konsa, tout travay ke Salomon te acheve pou kay SENYÈ a te fini. Epi Salomon te mennen fè antre tout bagay ke David, papa li, te dedye yo, menm ajan avèk lò a, tout zouti yo e li te mete yo nan trezò lakay Bondye a.
2Apre, Salomon te rasanble nan Jérusalem ansyen Israël yo, ak tout chèf a tribi yo, chèf lakay papa zansèt a fis Israël yo, pou mennen fè monte lach SENYÈ a sòti andeyò vil David la, ki se Sion. 3Tout mesye Israël yo te rasanble yo kote wa a nan fèt ki te nan setyèm mwa a. 4Konsa, tout ansyen Israël yo te vini. Levit yo te leve pran lach la. 5Yo te mennen lach la fè l monte avèk tant asanble a ak tout zouti sen ki te nan tant yo. Prèt Levit yo te mennen fè yo monte. 6Epi Wa Salomon avèk tout asanble Israël ki te rasanble avèk li devan lach yo, t ap fè sakrifis a yon tèlman gran kantite mouton avèk bèf ke yo pa t kab kontwole ni konte. 7Answit, prèt yo te mennen lach akò a SENYÈ a antre nan plas li, anndan sanktyè enteryè kay la, nan kote ki sen pase tout lòt yo anba zèl a cheriben yo. 8Paske cheriben yo te lonje zèl yo sou plas lach la, jiskaske cheriben yo te fè yon kouvèti sou lach la avèk poto li yo. 9Poto yo te tèlman long ke pwent poto a lach yo te vizib devan sanktyè enteryè a, men yo pa t kab wè pa deyò. Epi yo toujou la jis rive jodi a. 10Pa t gen anyen nan lach la sof ke de tablo ke Moïse te mete ladann nan Horeb yo, kote SENYÈ a te fè yon akò avèk fis Israël yo lè yo te sòti an Égypte la.
11Lè prèt yo te vin sòti nan kote pi sen pase tout lòt kote yo, (paske tout prèt ki te prezan yo te deja sanktifye yo menm san kontwole divizyon sèvis pa yo), 12epi tout chantè Levit yo, Asaph, Héman, Jeduthun, fis pa yo avèk fanmi pa yo, te abiye an twal len fen, avèk senbal, ap, gita, yo te kanpe nan kote lès a lotèl la e avèk yo, san-ven prèt ki t ap soufle twonpèt yo, 13ansanm lè mesye twonpèt yo avèk chantè yo te gen pou fè son yo tande ansanm tankou yon sèl vwa pou lwanj avèk glwa SENYÈ a, lè yo te leve vwa yo akonpanye patwonpèt avèk senbal ak enstriman mizik yo, lè yo te louwe SENYÈ a e te di:
“Paske Li bon,
lanmou dous Li a dire pou tout tan!”
Konsa, lakay SENYÈ a te ranpli avèk yon nwaj, 14jiskaske prèt yo pa t kab kanpe pou fè sèvis akoz nwaj la. Paske glwa SENYÈ a te ranpli kay Bondye a.
Você sabia?
A Arca é Levada para o Templo
- Salomão reuniu os líderes de Israel em Jerusalém para transferir a arca da aliança de Sião, conhecida como a Cidade de Davi, para o santuário interior do templo, o Santo dos Santos. Naquela ocasião, a arca continha apenas as duas tábuas de pedra colocadas por Moisés em Horebe.Fontes: o próprio texto bíblico · Zion · Most Holy Place · Moses
- A celebração musical da consagração reuniu os principais líderes dos coros levíticos—Asafe, Hemã e Jedutum—e seus parentes, vestidos de linho fino e tocando címbalos, harpas e liras, acompanhados por 120 sacerdotes que tocavam trombetas.Fontes: o próprio texto bíblico · Asaph (Levite) · Heman · Jeduthun (Ethan)
- Quando os cantores e corneteiros louvaram a Deus a uma só voz, uma densa nuvem encheu o templo, de tal modo que os sacerdotes não conseguiram permanecer em pé para ministrar.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- City of David · 31.774, 35.236 · versículo 2
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 2
- Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 2
- Most Holy Place · Hoje: on Mount Moriah · 31.778, 35.236 · versículo 7
- Holy Place · Hoje: on Mount Moriah · 31.778, 35.236 · versículos 9, 11
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 10
- Mount Horeb · Hoje: Jebel Musa · 28.540, 33.973 · versículo 10
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org