Nations Bible

2 Crônicas 35

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Epi Josias te selebre fèt Pak a SENYÈ a Jérusalem. Yo te touye bèt pou Pak la sou katòzyèm jou nan premye mwa a. 2Li te plase prèt yo nan pozisyon pa yo e te ankouraje yo nan sèvis lakay SENYÈ a. 3Anplis, li te di a Levit ki te enstwi tout Israël yo, e ki te sen a SENYÈ a: “Mete lach SENYÈ a nan kay ke Salomon, fis a David la, wa Israël la, te bati a. Li p ap ankò yon chaj sou zepòl nou. Alò, koulye a sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, avèk pèp Li a, Israël. 4Prepare nou menm selon lakay papa zansèt nou yo nan divizyon nou yo selon ekriti a David la, wa Israël la e selon ekriti a fis li a, Salomon. 5Anplis, kanpe nan lye sen an selon divizyon lakay papa zansèt nou yo ak frè nou yo ak selon Levit yo, pa divizyon lakay papa zansèt nou yo. 6Alò, touye bèt Pak la, sanktifye nou e prepare pou frè nou yo pou fè selon pawòl SENYÈ a, selon Moïse.”

7Josias te fè kontribisyon pou pèp la, tout sa ki te prezan, bann jenn mouton yo ak jenn kabrit yo, tout pou ofrann Pak la, an kantite trant-mil, plis twa-mil towo. Sila yo te sòti nan byen ki te pou wa a. 8Anplis, ofisye pa li yo te fè kontribisyon a yon ofrann bòn volonte a pèp la, prèt yo avèk Levit yo. Hilkija, Zacharie, avèk Jehiel, chèf lakay Bondye yo, te bay a prèt yo pou Pak la, yon ofrann de-mil-sis-san bèt ki sòti nan bann mouton yo, avèk twa-san towo. 9Conania osi avèk Schemaeja ak Nethaneel, frè li yo, Haschabia, Jeïel avèk Jozabad, ofisye Levit yo, te kontribye a Levit yo pou ofrann Pak la, senk-mil ki sòti nan bann mouton an ak senk-san towo.

10Pou sa, sèvis la te fin prepare e prèt yo te kanpe nan estasyon pa yo avèk Levit yo nan divizyon pa yo selon lòd a wa a. 11Yo te touye bèt Pak yo e pandan prèt yo t ap aspèje san ki te resevwa soti nan men Levit yo, epi Levit yo t ap retire pwal yo. 12Yo te retire ofrann brile yo pou yo ta kab bay yo selon divizyon lakay papa zansèt yo pou pèp la pou prezante a SENYÈ a jan sa ekri nan liv Moïse la. Yo te fè sa tou avèk towo yo. 13Konsa, yo te boukannen bèt Pak yo, sou dife selon règleman an, yo te bouyi bagay sen yo nan bonm, chodyè ak nan kaswòl e yo te pote yo avèk vitès a tout pèp òdinè yo. 14Apre yo te prepare pou yo menm e pou prèt yo, akoz prèt yo, fis a Aaron yo t ap ofri ofrann brile avèk grès jis rive nan aswè. Pou sa, Levit yo te prepare pou yo menm ak pou prèt yo, fis a Aaron yo. 15Anplis, chantè yo, fis a Asaph yo te nan estasyon pa yo selon kòmand a David la, Asaph, Héman, avèk Jeduthun, konseye a wa a; epi gadyen pòtay te nan chak pòtay. Yo pa t oblije sòti nan sèvis pa yo akoz frè yo te prepare pou yo.

16Konsa, tout sèvis SENYÈ a te prepare nan jou sa a pou selebre Pak la e pou ofri ofrann brile yo sou lotèl SENYÈ a selon kòmand a Wa Josias la. 17Fis Israël ki te prezan yo te selebre Pak la nan lè sa a ak Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou. 18Pa t janm gen yon selebrasyon Pak tankou sa an Israël depi jou a Samuel yo, pwofèt la. Ni pa te gen okenn nan wa Israël yo ki te selebre yon Pak jan Josias te fè avèk prèt yo, Levit yo, tout Juda, Israël ki te prezan yo ak pèp Jérusalem nan. 19Se te nan uityèm ane règn Josias la, ke Pak sa a te selebre.

20Apre tout sa, lè Josias te mete tanp lan an lòd, Néco, wa Egypte la, te vin monte pou fè lagè Carkemisch, sou rivyè Euphrate la, e Josias te parèt deyò pou rankontre li. 21Men Néco te voye mesaje yo kote li. Li te di: “Kisa nou gen pou fè youn avèk lòt, O Wa Juda a? Se pa kont ou ke m ap vini jodi a, men kont kay avèk sila mwen angaje nan lagè yo. Bondye te kòmande mwen fè prese. Byen avèti ke se Bondye ki avè m nan, pou Li pa detwi ou.”

22Sepandan, Josias te refize vire kite li, men li te kache idantite li pou l ta kab fè lagè avèk li. Li pa t koute pawòl a Néco ki soti nan bouch Bondye a, men li te vin fè lagè sou plèn Méguiddo a. 23Achè yo te tire Wa Josias, e wa a te di a sèvitè li yo: “Ale avè m, sòti, paske mwen blese byen grav.”

24Pou sa, sèvitè li yo te retire li nan cha a, e yo te pote li nan dezyèm cha li te genyen an. Yo te mennen li Jérusalem kote li te mouri, e li te antere nan tonm a papa zansèt li yo. Tout Juda avèk Jérusalem te kriye pou Josias. 25Konsa, Jérémie te chante yon lamantasyon pou Josias. Epi tout chantè yo, ni gason, ni fanm pale sou Josias nan lamantasyon yo jis rive jodi a. Konsa, yo te fè avèk yo yon òdonans an Israël. Men gade, yo ekri nan Lamantasyon yo. 26Alò, tout lòt zèv a Josias yo avèk zèv fidelite pa li yo, jan sa ki ekri nan lalwa SENYÈ yo, 27ak zèv li yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, men vwala, yo ekri nan Liv Wa A Israël Avèk Juda yo.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A Páscoa de Josias e sua última batalha

  • A grande celebração da Páscoa realizada por Josias no décimo oitavo ano de seu reinado foi descrita como incomparável desde a época do profeta Samuel, contando com imensas doações de rebanhos feitas pelo rei, seus oficiais e líderes levitas.Fontes: o próprio texto bíblico · Josiah
  • O rei Josias orientou os levitas a colocarem a arca sagrada permanentemente no templo de Salomão para não precisarem mais carregá-la nos ombros, permitindo que se dedicassem totalmente ao serviço e ao preparo dos sacrifícios para o povo.Fontes: o próprio texto bíblico · Solomon
  • Quando o faraó Neco do Egito marchou em direção a Carquêmis, junto ao Eufrates, Josias saiu para enfrentá-lo disfarçado na planície de Megido, onde foi mortalmente ferido por arqueiros antes de ser levado a Jerusalém para ser sepultado.Fontes: o próprio texto bíblico · Carchemish · Megiddo · Pharaoh-nechoh

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 17, 18, 24
  • Holy Place · Hoje: on Mount Moriah · 31.778, 35.236 · versículo 5
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 20
  • Euphrates · Hoje: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículo 20
  • Megiddo · Hoje: Tel Megiddo · 32.585, 35.184 · versículo 22

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.