Nations Bible

2 Crônicas 32

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Apre zak fidelite sila yo, Sanchérib, wa Assyrie a, te vin atake Juda. Li te fè syèj a tout vil fòtifye yo, e li te fè plan pou pouse antre nan yo pou l domine yo pou kont li. 2Alò, lè Ézéchias te wè ke Sanchérib te vini, e ke li te gen plan pou fè lagè sou Jérusalem, 3li te deside avèk ofisye pa li yo ak gèrye pa li yo, pou koupe kouran dlo ki te ale deyò lavil la, e yo te ede li. 4Pou sa, anpil moun te rasanble e te bouche tout sous avèk flèv ki te kouri nan zòn nan. Konsa, yo te di: “Poukisa wa Asiryen yo ta dwe vini pou jwenn tout dlo sa a?”

5Konsa, li te pran kouraj, e te rebati tout mi ki te kraze yo e te fè yo monte nan nivo tou li yo. Li te ranfòse lòt miray pa deyò pou te fè Millo lavil David la pi solid, e li te fè zam avèk boukliye defans an gran kantite. 6Li te chwazi chèf militè sou pèp la, e te rasanble yo kote li nan plas kote pòtay vil la. Li te pale pawòl ki pou ankouraje yo. Li te di: 7“Rete fò e pran kouraj, pa pè ni dekouraje akoz wa Assyrie a, ni tout gran foul la ki avè l yo; paske sila ki avèk nou an pi gran ke sila ki avè l yo. 8Avèk li menm, se yon bra fèt an chè; men avèk nou, se SENYÈ Bondye pa nou an, pou ede nou goumen nan batay nou yo.” Konsa, pèp la te konte sou pawòl a Ézéchias yo, wa Juda a.

9Apre sa Sanchérib, wa Assyrie a, te voye sèvitè li yo Jérusalem pandan li t ap fè syèj Lakis avèk tout lame li a avèk li kont Ézéchias, wa Juda a, e kont tout Juda ki Jérusalem yo. Li te di: 10Konsa pale Sanchérib, wa Assyrie a: “Sou kilès n ap mete konfyans pou nou ta retire Jérusalem anba syèj? 11Èske Ézéchias p ap egare nou pou fè nou vin mouri avèk grangou ak swaf, pandan l ap di: ‘SENYÈ a, Bondye nou an, va delivre nou soti nan men a wa Assyrie a?’ 12Èske menm Ézéchias sa a pa t retire wo plas Li yo avèk lotèl Li yo, e te di a Juda avèk Jérusalem: ‘Nou va adore devan yon sèl lotèl e sou li, nou va brile lansan?’ 13Èske nou pa konnen sa mwen avèk zansèt mwen yo te fè a tout pèp nan lòt peyi yo? Èske dye nan nasyon yo te gen kapasite menm pou delivre peyi yo anba men mwen? 14Kilès ki te gen pami tout dye a nasyon sila yo ke zansèt mwen yo pa t detwi nèt, ki ta kapab delivre pèp li a sòti nan men m pou Dye pa w la ta kapab delivre ou soti nan men m? 15Alò, pou sa, pa kite Ézéchias pase nou nan tenten, ni egare nou konsa. Ni pa kwè li, paske pa t gen dye nan okenn nasyon oswa wayòm ki te konn delivre pèp li nan men m ni soti nan men a zansèt mwen yo. Konbyen an mwens Dye pa nou an va delivre nou soti nan men m?”

16Sèvitè li yo te pale plis kont SENYÈ a, Bondye a, e kont sèvitè li a, Ézéchias. 17Anplis, li te ekri lèt yo pou meprize SENYÈ a, Bondye Israël la, e pou pale kont Li, epi li te di: “Jan dye nasyon yo ak peyi yo pa t delivre pèp pa yo soti nan men m, konsa Bondye Ézéchias la p ap delivre pèp Li a soti nan men m.” 18Yo te kriye sa byen fò ak gwo vwa nan langaj a Juda, vè pèp Jérusalem ki te sou miray la, pou fè yo pè e teworize yo, pou yo ta kab pran vil la. 19Yo te pale sou Bondye Jérusalem nan kòmsi se youn nan dye a pèp lemond yo, zèv a men de lòm yo.

20Men Wa Ézéchias avèk pwofèt Ésaïe, fis a Amots la, te fè lapriyè sou sa a, e te kriye fò anvè syèl la.

21Konsa, SENYÈ a te voye yon zanj ki te detwi tout gwo gèrye, kòmandan ak chèf nan kan wa Assyrie a. Pou sa, li te retounen nan wont li ale nan pwòp peyi li. Epi lè li te antre nan tanp dye pa li a, kèk nan pwòp pitit pa li yo te touye li la avèk nepe. 22Konsa, SENYÈ a te sove Ézéchias avèk moun Jérusalem yo soti nan men a Sanchérib, wa Assyrie a, soti nan men a tout ènmi li yo, e te gide yo tout kote. 23Epi anpil moun t ap pote don bay SENYÈ a Jérusalem ak kado byen chwazi a Ézéchias, wa Juda a, jis apre, li te fin egzalte nan men a tout nasyon yo.

24Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad jis rive pre lanmò. Li te priye a SENYÈ a. SENYÈ a te pale avèk li e te ba li yon sign. 25Men Ézéchias pa t remèt anyen pou benefis li te resevwa a, paske kè li te plen ògèy. Akoz sa, kòlè SENYÈ a te vini sou li avèk Juda ak Jérusalem. 26Men Ézéchias te vin desann ògèy kè li a, ni li menm, ni pèp Jérusalem nan, jiskaske kòlè pa t rive sou yo pandan jou a Ézéchias yo.

27Alò, Ézéchias te gen anpil richès avèk onè. Li te fè pou kont li trezò an ajan, lò, pyè presye, epis, boukliye defans ak tout kalite bagay ak gwo valè, 28anplis, depo pou konsève sereyal, diven avèk lwil, pak pou tout kalite bèt, avèk pak pou bann mouton yo. 29Li te fè vil pou li menm, e te vin genyen bann mouton avèk twoupo an gran kantite, paske Bondye te ba li anpil richès. 30Se te Ézéchias ki te bouche sous piwo dlo Guihon yo, e te dirije yo rive nan pati lwès lavil David la. Ézéchias te byen reyisi nan tout sa li te fè.

31Men nan afè mesaje ki sòti Babylone yo, ki te voye bò kote li pou aprann tout mèvèy ki te fèt nan peyi a, Bondye te kite li, pou L ta ka pase l nan eprèv pou wè tout sa ki te nan kè l.

32Alò, tout lòt zèv Ézéchias yo avèk zèv fidèl li yo, vwala, yo ekri nan vizyon Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, nan Liv A Wa Juda Avèk Israël Yo. 33Konsa, Ézéchias te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li nan chemen an ki monte kote tonm fis a David yo. Tout Juda avèk pèp Jérusalem nan te onore li nan lanmò li. Fis li a, Manassé te devni wa nan plas li.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A invasão de Senaqueribe e o livramento

  • Diante da ameaça do cerco assírio, Ezequias e seus líderes taparam todas as fontes naturais fora de Jerusalém para privar os invasores de água. O rei também canalizou as águas da fonte superior de Giom diretamente para o lado ocidental da Cidade de Davi, assegurando o abastecimento interno da cidade.Fontes: o próprio texto bíblico · Gihon
  • Enquanto Senaqueribe sitiava a fortaleza judaica de Laquis, ele enviou emissários a Jerusalém para desmoralizar os defensores. Os mensageiros assírios gritaram em alta voz em hebraico para o povo que vigiava sobre as muralhas da cidade, tentando aterrorizá-los para que se rendessem.Fontes: o próprio texto bíblico · Lachish · Sennacherib
  • Em resposta às ameaças assírias, o rei Ezequias e o profeta Isaías, filho de Amoz, uniram-se em oração ao céu por livramento. O relato bíblico registra que outros detalhes do reinado e da devoção de Ezequias foram preservados na visão de Isaías, nos anais reais.Fontes: o próprio texto bíblico · Isaiah · Amoz

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Assyria · 36.359, 43.153 · versículos 1, 4, 7, 9, 10, 11, 13, 21, 22
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 2, 9, 10, 12, 18, 19, 22, 23, 25, 26, 33
  • City of David · 31.774, 35.236 · versículos 5, 30
  • Lachish · Hoje: Tell ed Duweir · 31.565, 34.849 · versículo 9
  • Gihon · Hoje: Gihon Spring · 31.773, 35.236 · versículo 30
  • Babylon · 32.543, 44.422 · versículo 31

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.