Nations Bible

2 Crônicas 26

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Tout pèp Juda a te pran Ozias, ki te genyen laj a sèzan e te fè li wa nan plas a papa li, Amatsia. 2Li te bati Élath e te restore li pou Juda apre wa a te dòmi avèk zansèt li yo. 3Ozias te gen sèzan lè l te devni wa a, e li te renye pandan senkann-dezan Jérusalem. Non manman li te Jecolia, de Jérusalem. 4Li te fè sa ki bon nan zye a SENYÈ a selon tout sa ke papa li, Amatsia te konn fè. 5Li te kontinye chache Bondye nan tout jou a Zacharie yo, ki te gen konprann selon vizyon Bondye. Pandan tout tan li t ap chache SENYÈ a, Bondye te fè l reyisi.

6Alò, li te sòti pou fè lagè kont Filisten yo. Li te kraze miray a Gath la, miray a Jabné a, miray a Asdod la, e li te bati vil nan anviwon Asdod pami Filisten yo. 7Bondye te ede li kont Filisten yo, e kont Arab ki te rete Gur-Baal yo, avèk Maonit yo. 8Anplis, Amonit yo te peye taks obligatwa a Ozias, e rekonesans li te rive jis nan lizyè Égypte. Li te vin pwisan anpil. 9Anplis, Ozias te bati fò Jérusalem yo nan Pòtay Kwen an, nan Pòtay Vale a ak nan kwen pilye a pou ranfòse yo toujou. 10Li te bati fò nan dezè yo, e li te fouye anpil sitèn, paske li te gen anpil bèt, ni nan ba plèn nan, ni nan gran plèn nan. Anplis, li te genyen labourè chan yo avèk moun pou pran swen chan rezen nan peyi ti kolin yo ak nan chan bon tè yo, paske li te renmen latè anpil. 11Anplis, Ozias te gen yon lame parèt pou batay, ki te antre nan konba a pa divizyon yo selon nimewo pa yo, prepare pa Jeïel, sekretè a, avèk Maaséja, ofisye a, anba direksyon a Hanania, youn nan ofisye wa yo. 12Nonb total a chèf lakay yo, a gèrye plen kouraj yo te de-mil-sis-san. 13Anba direksyon pa yo, te gen yon lame elit de twa-san-sèt-mil-senk-san ki te kapab fè lagè avèk gwo pouvwa, pou bay wa a soutyen kont lènmi an. 14Anplis, Ozias te prepare pou tout lame a boukliye defans yo, lans yo, kas yo, abiman defans kò yo, banza yo ak wòch fistibal yo. 15Nan Jérusalem, li te fè gwo machin lagè envante pa moun gwo kapasite pou plase sou fò yo pou tire flèch avèk gwo wòch. Pou tout sa, rekonesans li te gaye byen lwen, paske li te resevwa gwo èd jiskaske li te vin byen pwisan.

16Men lè l te vin fò, kè li te vin plen ògèy. Li te aji konwonpi. Li pa t fidèl a SENYÈ a, Bondye li a, paske li te antre nan tanp SENYÈ a pou brile lansan sou lotèl lansan an. 17Konsa, Azaria, prèt la, te antre dèyè li avèk katreven prèt SENYÈ a, mesye ki te plen kouraj. 18Yo te konfwonte Ozias, wa a. Yo te di li: “Se pa ou menm, Ozias, ki pou brile lansan a SENYÈ a, men se prèt yo, fis a Aaron ki konsakre pou brile lansan. Sòti nan sanktyè a, paske ou gen tò, e ou p ap twouve lonè devan SENYÈ a, Bondye a.”

19Men Ozias, avèk veso lansanswa nan men l pou brile lansan an, te anraje. Konsa, pandan li te anraje avèk prèt yo, lalèp te pete sou fon li devan prèt yo lakay SENYÈ a, akote lotèl lansan an. 20Azaria, chèf prèt la avèk tout lòt prèt yo te gade li, e vwala, li te gen lalèp sou fon li. Konsa, yo te fè l sòti la byen vit, e li menm tou te fè vit pou sòti akoz SENYÈ a te frape li. 21Wa Ozias te rete yon moun lalèp jis rive nan jou li te mouri an. Li te rete nan yon kay apa, akoz lalèp la, paske li te entèdi antre lakay SENYÈ a. Jotham, fis li a, te lakay wa a pou te jije pèp peyi a.

22Alò, tout rès a zèv Ozias yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, pwofèt Ésaïe, fis a Amots la, te ekri yo. 23Konsa, Ozias te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li avèk papa zansèt li yo nan chan akote tonm ki te pou wa yo, paske yo te di: “Li gen lalèp”. Epi Jotham, fis li a, te devni wa nan plas li.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A ascensão, o orgulho e a queda do rei Uzias

  • Uzias fortificou Jerusalém com torres e equipou um exército com mais de 300 mil homens com armas especializadas. Ele também mandou criar dispositivos engenhosos instalados sobre as muralhas da cidade, capazes de disparar flechas e lançar grandes pedras.Fontes: o próprio texto bíblico · Uzziah
  • Quando Uzias se tornou poderoso, tentou orgulhosamente queimar incenso no santuário do templo. O sumo sacerdote Azarias e oitenta sacerdotes corajosos confrontaram o rei, explicando que apenas os descendentes consagrados de Arão tinham o direito de queimar incenso.Fontes: o próprio texto bíblico · Azariah
  • Após ser afligido pela lepra dentro do templo, Uzias viveu isolado pelo resto de sua vida e ficou excluído da casa do Senhor. Em razão do confinamento do rei, seu filho Jotão assumiu a administração do palácio real e governou o povo de Judá.Fontes: o próprio texto bíblico · Jotham · Uzziah

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 3, 9, 15
  • Ashdod · Hoje: Tel Ashdod · 31.757, 34.658 · versículo 6
  • Philistia · 31.664, 34.546 · versículo 6
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 8
  • Angle · Hoje: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 9
  • Corner Gate · Hoje: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 9
  • Shephelah · 31.692, 34.875 · versículo 10

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.