2 Crônicas 19
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Konsa, Josaphat, wa a te retounen sof a lakay li Jérusalem. 2Jéhu, fis a Hanani a, konseye a, te sòti pou rankontre li, e te di a Wa Josaphat: “Èske ou ta dwe ede mechan yo, e renmen sila ki rayi SENYÈ yo, e konsa, kite lakòlè SENYÈ a vini sou ou? 3Men gen kèk bagay ki bon nan ou tou, paske ou te retire Astarté a soti nan peyi ou a e ou te bay kè ou pou chache Bondye.”
4Konsa, Josaphat te rete Jérusalem e li te sòti deyò ankò pami pèp la soti Beer-Schéba jis rive nan peyi ti mòn a Éphraïm yo. Epi konsa, li te mennen yo retounen a SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a. 5Li te chwazi jij nan peyi a nan tout vil fòtifye Juda yo, vil pa vil. 6Li te pale a jij yo: “Kontwole sa ke n ap fè a, paske nou pa jije pou yon moun, men pou SENYÈ ki avèk nou an pandan n ap rann jijman an. 7Pou sa, kite lakrent SENYÈ a rete sou nou. Fè anpil atansyon nan sa n ap fè a, paske SENYÈ a, Bondye nou an, p ap patisipe nan sa ki pa dwat, nan patipri, ni nan lajan ki pase anba tab.”
8Nan Jérusalem osi, Josaphat te apwente kèk nan Levit yo avèk prèt yo ak kèk nan chèf lakay zansèt Israël yo, pou fè jijman SENYÈ a, e pou jije konfli pami moun ki te rete Jérusalem yo. 9Li te pase lòd bay yo. Li te di: “Konsa nou va gen lakrent SENYÈ a, avèk fidelite e avèk tout kè. 10Nenpòt lè yon konfli rive devan nou soti nan manm fanmi nou yo ki rete nan vil yo, antre san ak san, antre lalwa avèk kòmandman yo, règleman avèk òdonans yo, nou va avèti yo pou yo pa vin koupab devan SENYÈ a, e pou kòlè pa rive sou nou avèk fanmi nou. 11Kontwole byen, Amaria, chèf prèt la, va chèf sou nou nan tout sa ki apatyen a SENYÈ a, e Zebadia, fis Ismaël la, chèf lakay Juda a, nan tout sa ki apatyen a wa a. Osi, Levit yo va aji kòm ofisye devan nou. Aji avèk kouraj, e SENYÈ a va avèk sila ki fè sa ki jis yo.”

Você sabia?
As reformas de Josafá e o sistema judicial
- Ao retornar a Jerusalém, o rei Josafá foi repreendido pelo profeta Jeú, filho de Hanani, por sua aliança com o rei Acabe de Israel. De forma semelhante, o pai de Jeú, Hanani, havia repreendido o pai de Josafá, o rei Asa, por firmar uma aliança com o rei da Síria.Fontes: o próprio texto bíblico · Jehu · Hanani · Jehoshaphat
- Como parte de suas reformas judiciais em Jerusalém, Josafá estabeleceu um tribunal superior composto por levitas, sacerdotes e chefes de famílias. Ele definiu duas esferas de autoridade: o sumo sacerdote Amarias para os assuntos relacionados ao SENHOR e Zebadias, filho de Ismael, para as questões relativas ao rei.Fontes: o próprio texto bíblico · Amariah · Zebadiah
- Josafá percorreu pessoalmente o seu território, descrito como estendendo-se de Berseba, no sul, até a região montanhosa de Efraim, no norte, para reconduzir a população ao culto a Deus.Fontes: o próprio texto bíblico · Beersheba
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org