Nations Bible

1 Tessalonicenses 2

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Paske nou menm konnen, frè m yo, ke aparans nou pami nou menm nan pa t anven. 2Men apre nou te deja soufri e maltrete nan Philippes, jan nou konnen an, nou te gen kouraj nan Bondye nou an pou pale levanjil la avèk nou malgre anpil opozisyon.

3Paske egzòtasyon nou an pa soti ni nan erè, ni nan salte, ni nan fason pou twonpe moun. 4Men jis jan nou te vin apwouve pa Bondye a pou vin konfye nou levanjil la; alò nou pale, pa pou fè lòm plezi, men pou Bondye ki egzamine kè nou yo.

5Paske nou pa t janm vini avèk pawòl k ap flate moun, jan nou konnen an, ni avèk yon pretèks pou fè lajan (Bondye se temwen) 6ni nou pa t chache glwa ki sòti nan lòm, ni nan nou menm, ni nan lòt yo, menmsi kòm apot a Kris, nou ta dwe montre otorite nou. 7Men nou te pwouve nou plen dousè pami nou, tankou yon manman nouris ki byen pran swen pwòp pitit li.

8Avèk bon jan afeksyon ke nou te gen pou nou an, nou te byen kontan pataje non sèlman levanjil a Bondye a, men osi pwòp lavi nou, paske nou te devni trè chè a nou menm.

9Paske nou sonje, frè yo travay ak difikilte nou. Jan nou te travay lannwit kou lajounen pou nou pa t yon chaj pou okenn nan nou. Konsa nou te pwoklame a nou menm levanjil a Bondye a. 10Nou se temwen, e Bondye osi de jan nou te konpòte ak devwe nou an, dwat e san fot anvè nou menm, kwayan yo.

11Jis kon nou konnen jan nou t ap egzòte, ankouraje e plede ak nou chak, tankou yon papa ta dwe fè pwòp pitit li, 12pou nou ta kab mache nan yon fason ki dign pou Bondye kap rele nou antre nan pwòp wayòm ak laglwa Li a.

13Pou rezon sa a, nou, tout tan, bay Bondye remèsiman ke lè nou te resevwa pawòl Bondye nou te tande de nou an, nou te aksepte li pa kòm yon pawòl a lòm, men pou sa li vrèman ye a, pawòl Bondye a, ki anplis fè travay li nan nou menm ki kwè yo.

14Paske nou menm, frè m yo, nou te devni imitatè a legliz Bondye nan Kris Jésus ki an Judée yo. Konsa, nou te andire menm soufrans sa yo nan men a pwòp moun peyi parèy a nou yo, jan yo menm te andire l nan men a Jwif yo.

15Sila ki te touye Senyè a Jésus ak pwofèt yo, e ki te fòse nou sòti yo. Yo p ap fè Bondye plezi, men yo se lènmi a tout moun. 16Yo anpeche nou pale avèk etranje yo pou yo kapab sove. Kon rezilta yo toujou ranpli mezi peche pa yo. Men lakòlè gen tan vini sou yo pi rèd.

17Men nou menm, frè yo, akoz ke nou te separe de nou pou yon ti tan—kòmsi an pèsòn, men pa an espri—nou tout te pi enpasyan ak lanvi pou wè figi nou. 18Paske nou tout te vle vin kote nou—mwen menm, Paul, plis ke yon sèl fwa—e malgre sa, Satan te anpeche nou.

19Paske kilès ki esperans nou, oubyen lajwa nou, oubyen kouwòn egzaltasyon an? Èske se pa menm nou menm nan, nan prezans a Senyè nou an nan moman retou Li a. 20Paske nou se laglwa ak lajwa nou.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Ministério, sofrimento e um retorno impedido

  • Paulo lembra aos leitores que ele e seus companheiros já haviam suportado sofrimento e tratamento vergonhoso em Filipos e, mesmo assim, tiveram ousadia para anunciar o evangelho apesar de forte oposição. Filipos, antes chamada Crênides, era a capital da província da Macedônia; Filipe da Macedônia fortificou a antiga cidade trácia e deu-lhe o seu próprio nome, e, sob o imperador Augusto, ela se tornou uma colônia romana, um assentamento militar de soldados romanos estabelecido para controlar o distrito recém-conquistado, descrita como uma Roma em miniatura.Fontes: o próprio texto bíblico · Philippi
  • Paulo diz que tentou voltar repetidas vezes, mas Satanás o impediu, embora o desejo de ver os leitores cara a cara tivesse ficado ainda mais intenso. O nome Satanás significa adversário ou acusador, e no Novo Testamento é usado de forma intercambiável com o diabo mais de trinta vezes.Fontes: o próprio texto bíblico · Satan
  • Os leitores são descritos como imitadores das igrejas de Deus na Judeia que estão em Cristo Jesus, tendo sofrido da parte dos seus próprios conterrâneos o que aquelas igrejas sofreram. Sob os romanos, no tempo de Cristo, a Judeia era a mais meridional das três divisões da Palestina e parte da província da Síria, incluindo os territórios de Judá, Benjamim, Dã, Simeão e parte de Efraim.Fontes: o próprio texto bíblico · Judea

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Philippi · 41.012, 24.285 · versículo 2
  • Judea · Hoje: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículo 14

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.