1 Samuel 9
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, te gen yon mesye nan Benjamin ki te rele Kis ki te fis Abiel la, fis Tseror, fis Becorath, fis Aphiach, ki te fis a yon Benjamit. Se te yon nonm fò e plen kouraj. 2Li te gen yon fis ki te rele Saül, yon jennonm ki te byen bèl. Pa t gen yon moun ki te pi bèl pami fis Israël yo. Depi zepòl li monte, li te piwo pase tout moun nan pèp la.
3Alò, bourik ki te pou Kis yo, papa a Saül te pèdi. Epi Kis te di a Saül: “Alò, pran koulye a avè w youn nan sèvitè yo; leve, al chache bourik yo.” 4Li te pase nan peyi ti kolin Éphraïm nan e te pase nan Schalisha, men yo pa t jwenn yo. Alò, yo te pase nan peyi Schaalim, men yo pa t twouve anyen. Alò, li te pase nan peyi Benjamin yo, men yo pat jwenn anyen.
5Lè yo te rive nan peyi Tsuph, Saül te di a sèvitè ki te avèk li a: “Vini! Annou retounen, oswa papa m va sispann okipe afè bourik pou enkyete pou nou menm.”
6Li te di li: “Gade byen konsa, genyen yon nonm Bondye nan vil sila a, yon nonm onore. Tout sa ke li konn di anverite vin pase. Alò, annou ale la. Petèt li kapab pale nou sou vwayaj ke nou kòmanse fè a.”
7Alò Saül te di a sèvitè li a: “Men gade byen, si nou ale, kisa nou va pote pou nonm sa a? Paske pen an fini nan sak nou e nanpwen kado pou pote bay nonm Bondye a. Kisa nou genyen?”
8Sèvitè a te reponn Saül ankò e te di: “Gade byen, mwen gen nan men m yon ka sik ajan ke mwen va bay a nonm Bondye a, e li va pale nou chemen nou an.” 9(Lontan an Israël, lè yon nonm te monte pou konsilte Bondye li te konn di: “Vini, annou ale kote divinò a”, paske sila ki, koulye a, yo rele yon pwofèt la, lontan, te konn rele divinò.)
10Saül te reponn a sèvitè a: “Byen pale! Vini, annou ale.” Konsa, yo te ale nan vil kote nonm Bondye a te ye a. 11Pandan yo te monte pant vè vil la, yo te twouve jenn fanm yo ki te sot rale dlo. Yo te mande yo: “Èske divinò a isit la?”
12Yo te reponn yo e te di: “Li la! Gade devan nou an! Fè vit, paske li fenk antre nan vil la jodi a. Pèp la gen yon sakrifis nan wo plas la jodi a. 13Depi nou antre nan vil la, nou va jwenn avèk li avan li monte nan wo plas pou manje, paske pèp la p ap manje jiskaske li vini, akoz li oblije beni sakrifis la. Apre sa, sila ki envite yo va manje. Pou sa, monte, paske nou va jwenn li talè.”
14Konsa, yo te monte lavil la. Pandan yo te antre nan vil la, vwala, Samuel t ap sòti bò kote yo pou monte nan wo plas la.
15Alò, yon jou avan Saül te vini, Senyè a te montre sa a Samuel e te di: 16“Vè lè sa a demen Mwen va voye yon mesye ki sòti nan peyi Benjamin yo kote ou menm. Konsa, ou va onksyone li kòm chèf sou pèp Mwen an, Israël, e li va delivre pèp Mwen an anba men a Filisten yo. Paske Mwen te gade sou pèp mwen an, akoz kri pa yo gen tan rive kote Mwen.”
17Lè Samuel te wè Saül, SENYÈ a te di li: “Gade byen, men mesye ke m te pale ou a! Sila a va renye sou pèp Mwen an, Israël.”
18Saül te vin pwoche Samuel nan pòtay la e te di: “Souple, di m kote kay a divinò a ye.”
19Samuel te reponn Saül e te di: “Se mwen menm ki divinò a. Monte devan mwen nan wo plas la, paske w ap manje avè m jodi a. Epi nan demen, mwen va kite ou ale e mwen va fè ou konnen tout sa ki nan lespri ou. 20Pou afè bourik ou yo ki te pèdi twa jou pase yo, pa okipe yo, paske yo gen tan twouve. Epi se kilès ke tout Israël pito? Èske se pa ou ak pou tout lakay papa ou?”
21Saül te reponn: “Èske mwen pa yon Benjamit? Pi piti nan tout tribi Israël yo? Fanmi pa m nan ki pi piti ke tout fanmi nan tribi Benjamin an? Poukisa ou pale mwen konsa?”
22Alò, Samuel te pran Saül avèk sèvitè li a. Li te mennen yo antre nan gran sal la, e li te ba yo yon plas devan, nan tèt sila ki te envite yo, ki te anviwon trant mesye. 23Samuel te di chèf kwizin nan: “Mennen pòsyon ke m te di ou a, sila ke m te di ou a, Mete li akote.” 24Alò chèf kwizin nan te pran janm nan avèk sa ki te sou li a e li te plase li devan Saül. Konsa, Samuel te di: “Men sa ki te sere! Mete li devan ou e manje paske li te kenbe pou ou jis rive nan lè apwente a, akoz mwen te di ou ‘mwen te envite moun yo.’” Konsa, Saül te manje avèk Samuel nan jou sa a.
25Lè yo te kite plas anwo a pou antre nan vil la, Samuel te pale avèk Saül anwo twati a. 26Yo te leve bonè. Lè li fenk jou, Samuel te rele Saül sou twati a. Li te di: “Leve pou m kab voye ou ale.” Konsa, Saül te leve, e li menm ansanm ak Samuel te ale nan lari. 27Pandan yo t ap desann pou prèske fin kite vil la, Samuel te di Saül: “Pale sèvitè a pou l ale avanse devan nou. Men ou menm, rete kanpe koulye a pou m kapab fè ou tande pawòl Bondye a.”

Você sabia?
A busca de Saul e o encontro com Samuel
- A jornada de Saul em busca das jumentas perdidas de seu pai o levou pela região montanhosa de Efraim, pelas terras de Salisa e Saalim, e finalmente ao distrito de Zufe, onde ficava Ramá, a cidade natal de Samuel.Fontes: o próprio texto bíblico · Saul · Zuph
- O relato observa que o título 'profeta' substituiu o termo mais antigo 'vidente' na época em que o texto foi registrado. Consultar um homem de Deus costumava envolver a entrega de uma modesta oferta de cortesia, como o quarto de siclo de prata oferecido pelo servo de Saul.Fontes: o próprio texto bíblico
- Nos banquetes sacrificiais locais realizados em lugares altos, o profeta ou sacerdote precisava abençoar a refeição antes que os convidados comessem. Samuel honrou Saul colocando-o no lugar principal entre cerca de trinta convidados e servindo-lhe uma porção especial previamente reservada.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org