Nations Bible

1 Samuel 31

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò Filisten yo t ap goumen kont Israël e mesye Israël yo te kouri devan Filisten yo, e yo te tonbe mouri sou Mòn Guilboa. 2Filisten yo te rive sou Saül avèk fis li yo. Konsa, yo te touye Jonathan avèk Abinadab, ak Malkishua, fis a Saül yo. 3Batay la te vire rèd kont Saül. Ekip tire flèch ak banza yo te rive sou li; epi li te gravman blese pa ekip banza yo. 4Konsa, Saül te di a pòtè zam li an: “Rale nepe ou pou frennen m avè l; otreman, Filisten ensikonsi sila yo va vin frennen m nèt e fè spò avè m.” Men pòtè zam nan te refize, paske li te pè anpil. Pou sa Saül te pran nepe li e te tonbe sou li. 5Lè pòtè zam nan te wè ke Saül te mouri avèk twa fis li yo, li tou te tonbe sou nepe li pou te mouri avèk li. 6Konsa Saül te mouri avèk twa fis li yo, pòtè zam li an, ak tout mesye pa l yo ansanm nan jou sa a.

7Lè mesye Israël ki te lòtbò vale a avèk sila ki te lòtbò Jourdain an, te wè ke mesye Israël yo te sove ale e ke Saül avèk fis li yo te mouri, yo te abandone vil yo e te sove ale. Konsa, Filisten yo te vin viv ladan yo. 8Li te vin rive nan pwochen jou a, lè Filisten yo te vini pou depouye mò yo, ke yo te twouve Saül avèk twa fis li yo tonbe sou Mòn Guilboa. 9Yo te koupe tèt li e te retire zam li yo pou te voye yo toupatou nan peyi Filisten yo, pou pote bòn nouvèl la rive lakay zidòl pa yo ak pèp yo a. 10Yo te mete zam li yo nan tanp Astarté yo e yo te tache kadav li nan miray kote Beth-Schan an. 11Alò, lè moun ki te rete Jabès yo te tande sa ke Filisten yo te fè a Saül, 12tout mesye vanyan yo te leve mache tout nwit lan pou te pran kò Saül la avèk kò a fis pa li yo soti nan miray Beth-Schan an. Lè yo te rive Jabès yo te brile yo la. 13Yo te pran zo yo e te antere yo anba pye tamaren Jabès la e yo te fè jèn pandan sèt jou.

Você sabia?

A morte de Saul e o resgate em Bete-Seã

  • No monte Gilboa, Israel sofreu uma derrota esmagadora contra os filisteus. Saul e três de seus filhos — Jônatas, Abinadabe e Malquisua — morreram no campo de batalha no mesmo dia, pondo fim ao reinado do primeiro rei de Israel.Fontes: o próprio texto bíblico · Saul · Jonathan · Mount Gilboa
  • Os filisteus retiraram a armadura de Saul, colocaram-na no templo de seus ídolos de Astarote, cortaram sua cabeça e prenderam seu corpo e os de seus filhos ao muro da cidade de Bete-Seã para divulgar seu triunfo.Fontes: o próprio texto bíblico · Beth-shan
  • Ao ouvirem o que havia sido feito a Saul, homens corajosos de Jabes-Gileade marcharam a noite toda até Bete-Seã para retirar os corpos. Eles os levaram de volta através do Jordão até Jabes, onde queimaram os restos mortais, sepultaram os ossos sob uma tamargueira e jejuaram por sete dias.Fontes: o próprio texto bíblico · Jabesh-gilead · Beth-shan

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Mount Gilboa · 32.434, 35.414 · versículos 1, 8
  • Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 7
  • Valley of Jezreel · Hoje: Jezreel Valley · 32.596, 35.242 · versículo 7
  • Philistia · 31.664, 34.546 · versículo 9

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.