1 Samuel 29
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, Filisten yo te rasanble tout lame pa yo ansanm nan Aphek, pandan Izrayelit yo t ap fè kan akote sous ki nan Jizreel la. 2Konsa, mèt Filisten yo t ap avanse pa santèn e pa milye e David avèk mesye pa li yo t ap avanse pa dèyè avèk Akisch.
3Alò, kòmandan a Filisten yo te di: “Se kisa Ebre sa yo ap fè isit la?”
Epi Akisch te di a kòmandan Filisten yo: “Èske sa se pa David, sèvitè a Saül la, wa Israël la, ki te avèk mwen nan jou sa yo, oswa pito di ane sa yo, e mwen pa t twouve okenn fot nan li soti nan jou ke li te sòti a, jis jodi a?”
4Men kòmandan Filisten yo te fache avèk li. Yo te di li: “Fè nonm nan ale retounen, pou li kapab retounen nan plas li kote yo te ba li ransèyman an. Pa kite li desann nan batay la avèk nou, oswa nan batay la, li kapab devni yon lènmi nou. Paske se kilès ki ta k ap fè nonm sa a vin zanmi ak mèt li a? Èske sa pa tèt a mesye sila yo? 5Èske sa se pa David, a sila yo te chante nan dans pa yo e di:
‘Saül te touye dè milye
e David dè di-milye?’”
6Alò, Akisch te rele David. Li te di l: “Jan SENYÈ a viv la, ladwati ou ak tout antre sòti ou avèk mwen nan lame a se yon plezi nan zye m; paske mwen pa t jwenn mal nan ou depi jou ke ou te antre kote mwen an, jis rive jodi a. Sepandan, ou pa yon plezi nan zye a lòt chèf yo. 7Alò, pou sa, retounen ale anpè, pou ou pa fè mèt Filisten yo pa kontan.”
8David te di a Akisch: “Men kisa mwen te fè? Epi kisa ou te twouve nan sèvitè ou a depi nan jou ke m te vini devan ou an jis rive Jodi a, pou m pa kapab ale goumen kont lènmi a mèt mwen an, wa a?”
9Men Akisch te reponn David: “Mwen konnen ke ou se yon plezi nan zye m, tankou yon zanj Bondye! Sepandan, kòmandan Filisten yo te di: ‘Fòk li pa monte avèk nou nan batay la.’ 10Alò, pou sa, leve bonè nan maten avèk sèvitè a mèt ou ki te vini avèk ou yo, e lamenm lè ou leve nan maten bonè, pati.”
11Konsa, David te leve bonè, li avèk mesye pa li yo, pou pati nan maten pou retounen nan peyi a Filisten yo. Epi Filisten yo te monte Jizreel.
Você sabia?
Davi Dispensado pelos Comandantes Filisteus
- Aquis, o governante filisteu que havia concedido refúgio a Davi e lhe dado a cidade de Ziclaque, confiava plenamente em sua lealdade. Contudo, os comandantes filisteus temeram que Davi se voltasse contra eles durante o combate para recuperar o favor do rei Saul, exigindo que ele fosse dispensado antes do início da batalha.Fontes: Achish · o próprio texto bíblico
- Os filisteus reuniram seus exércitos em Afeque, enquanto Israel acampou junto à fonte em Jezreel. Afeque servia como ponto estratégico de concentração militar para as tropas filisteias que avançavam para o norte em direção ao vale de Jezreel.Fontes: Aphek · o próprio texto bíblico
- Os príncipes filisteus reconheceram Davi ao citar o famoso cântico de vitória que anteriormente havia provocado os ciúmes de Saul: 'Saul matou seus milhares, e Davi, suas dezenas de milhares.'Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Aphek · Hoje: Tell Ras el Ain · 32.105, 34.930 · versículo 1
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org