1 Reis 21
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, li te vin rive apre bagay sa yo ke Naboth, Jizreyelit la te gen yon chan rezen ki te nan Jizréel akote palè Achab, wa Samarie a. 2Achab te pale a Naboth e te di: “Ban mwen chan rezen ou an, pou m ka genyen li kòm yon jaden legim, paske li toupre lakay mwen e mwen va ba ou yon pi bon chan rezen pase l pou ranplase li. Si ou pito, mwen va ba ou pri li an lajan.”
3Men Naboth te di a Achab: “Ke SENYÈ a ta anpeche m ba ou eritaj zansèt mwen yo.”
4Konsa, Achab te rive lakay li pa kontan e byen vekse akoz pawòl ke Naboth, Jizreyelit la, te pale a li a, paske li te di: “Mwen p ap bay ou eritaj zansèt mwen yo.” Li te kouche sou kabann li, te vire figi li akote e li pa t manje manje. 5Men Jézabel, madanm li, te vin kote li e te di li: “Kijan lespri ou tèlman ba ke ou pa manje manje a?”
6Konsa, li te di li: “Akoz mwen te pale Naboth, Jizreyelit la, e mwen te di li: ‘Ban mwen chan rezen ou an pou lajan; oswa, si li fè ou kontan, mwen va ba ou yon chan rezen pou ranplase li.’ Men li te di: ‘Mwen p ap ba ou chan rezen mwen an.’”
7Jézabel, madanm li te di li: “Èske koulye a se ou ki renye sou Israël? Leve, manje pen e kite kè ou kontan. Mwen va ba ou chan rezen a Naboth, Jizreyelit la.” 8Konsa, li te ekri lèt nan non Achab e te sele yo avèk so pa li pou te voye yo bay ansyen yo avèk prens ki te rete avèk Naboth nan vil pa li a. 9Alò, nan lèt sa yo li te ekri e te di: “Pwoklame yon jèn e fè Naboth chita sou tèt a pèp la. 10Fè chita dèzòm sanzave devan li pou fè temwayaj kont li pou di: ‘Ou te modi Bondye avèk wa a.’ Konsa, pran li deyò e lapide li jiskaske li mouri.”
11Konsa, mesye lavil li yo, ansyen avèk prens ki te rete la yo, te fè jan Jézabel te voye di yo a, jis jan ke li te ekri nan lèt ke li te voye yo. 12Yo te pwoklame yon jèn e te fè Naboth chita sou tèt a pèp la. 13Epi dèzòm sanzave te antre ladann e te chita devan li. Epi de mesye sanzave yo te fè temwayaj kont li, menm kont Naboth, devan pèp la, e yo te di: “Naboth te modi Bondye avèk wa a.” Konsa, yo te pran l mennen deyò lavil la e yo te lapide l jiska lanmò avèk kout wòch. 14Epi yo te voye kote Jézabel e te di: “Naboth te lapide e fin mouri.”
15Lè Jézabel te tande ke Naboth te lapide e te mouri, Jézabel te di a Achab: “Leve, pran posesyon a chan rezen Naboth la, Jizreyelit la, ke li te refize ba ou pou lajan an; paske Naboth pa vivan, men li mouri.”
16Lè Achab te tande ke Naboth te mouri, Achab te leve desann kote chan rezen a Naboth la, Jizreyelit la, pou l te pran posesyon li.
17Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Élie, Tichbit la, e te di: 18“Leve, ale desann rankontre Achab, wa Israël la, ki Samarie. Gade byen, li nan chan rezen Naboth kote li te desann pou pran posesyon li. 19Ou va pale li e di: ‘Konsa pale SENYÈ a: Èske ou te touye e anplis pran posesyon?’” Epi ou va pale avèk li pou di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Nan plas kote chen yo te niche san Naboth la, chen yo va niche san pa ou menm.’”
20Achab te di a Élie: “Èske ou vin jwenn mwen, O lènmi mwen?”
Epi li te reponn: “Mwen te jwenn ou akoz ou te vann tèt ou pou fè mechanste nan zye SENYÈ a. 21Gade byen, Mwen va mennen mal sou ou, Mwen va bale fè ou disparèt e Mwen va koupe retire sou Achab tout gason, ni esklav, ni lib nan tout Israël. 22Mwen va fè lakay ou tankou lakay Jéroboam, fis a Nebath la ak tankou lakay Baescha, fis Achija a, akoz pwovokasyon avèk sila li te pwovoke M a lakòlè a, e akoz ou te fè Israël peche.” 23De Jézabel osi SENYÈ a te pale, e te di: “Chen yo va manje Jézabel nan distri Jizréel la. 24Sila ki apatyen a Achab, ki mouri nan vil la, chen va manje yo e sila ki mouri nan chan an, zwazo syèl yo va manje yo.”
25Anverite, pa t gen moun tankou Achab ki te vann tèt li pou fè mal devan SENYÈ a, akoz madanm li, Jézabel te chofe li. 26Li te aji byen abominab nan swiv zidòl li yo, selon tout sa ke Amoreyen yo te fè, ke SENYÈ a te mete deyò devan fis Israël yo.
27Li te vin rive ke lè Achab te tande pawòl sa yo, li te chire rad li e li te mete twal sak sou li pou te fè jèn. Li te kouche nan twal sak e li te vin mache avèk chagren nèt.
28Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Élie, Tichbit la, e te di: 29“Èske ou wè kijan Achab te vin imilye li devan Mwen? Akoz li te imilye li devan mwen, Mwen p ap mennen mal la nan jou li yo; men Mwen va mennen mal la sou lakay li nan jou a fis li yo.”

Você sabia?
A vinha de Nabote e o juízo divino
- Nabote recusou-se a vender ou trocar sua vinha porque ela era a herança de seus pais, a qual a lei israelita proibia de ser alienada de forma permanente.Fontes: Naboth · o próprio texto bíblico
- A rainha Jezabel articulou a morte de Nabote ao escrever cartas em nome de Acabe e selá-las com o selo real, instruindo os anciãos locais a organizar um julgamento onde duas falsas testemunhas o acusaram de blasfêmia e traição.Fontes: Jezebel · o próprio texto bíblico
- Quando Elias confrontou Acabe na vinha recém-apossada, ele anunciou que a dinastia de Acabe sofreria destruição total, assim como as dinastias anteriores de Jeroboão, filho de Nebate, e de Baasa, filho de Aías.Fontes: Baasha · Jeroboam · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org