1 Reis 17
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, Élie, Tichbit la, ki te pami fondatè Galaad yo, te di a Achab: “Jan SENYÈ a, Bondye Israël la, viv la, devan sila mwen kanpe a, anverite p ap gen ni lawouze, ni lapli nan ane sila yo, sof ke pa pawòl mwen.”
2Pawòl SENYÈ a te vini a li e te di: 3“Kite andwa sila a, vire vè lès e kache akote flèv Kerith ki nan lès a Jourdain an. 4Li va fèt ke ou va bwè nan flèv la e mwen te kòmande zwazo kòbo pou ba ou pwovizyon.” 5Konsa, li te ale e te fè selon pawòl SENYÈ a; paske li te ale viv akote flèv Kerith la, ki te vè lès a Jourdain an. 6Kòbo yo te mennen ba li pen avèk vyann, e nan aswè li ta bwè nan flèv la. 7Li te vin rive apre yon tan ke flèv la te vin sèch, akoz pa t gen lapli nan peyi a.
8Konsa, pawòl SENYÈ a te vini a li e te di: 9“Leve ale Sarepta, ki pou Sidon e rete la. Gade byen, Mwen te kòmande yon vèv ki la pou okipe ou.”
10Konsa, li te leve ale Sarepta e lè li te rive nan pòtay vil la, vwala, yon vèv te la e t ap ranmase bwa. Li te rele li e te di: “Souple, chèche yon ti dlo nan yon veso, pou m kab bwè.”
11Pandan li t ap pral chèche l, li te rele kote li e te di: “Souple, pote ban m yon ti pen nan men ou.”
12Men li te di: “Jan SENYÈ a, Bondye ou a, viv la, devan sila mwen kanpe a, mwen pa gen pen, sèlman yon men farin nan bòl la avèk yon ti kras lwil nan bokal la. Gade byen, mwen ap ranmase kèk mòso bwa pou m kab antre prepare pou mwen avèk fis mwen an, pou nou kab manje l e mouri.”
13Élie te di li: “Pa pè. Ale. Fè jan ou te di a, men fè pou mwen yon ti gato pen avè l avan, e pote l deyò ban mwen. Apre, w ap kapab fè pou ou menm ak pou gason ou an. 14Paske konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Bòl farin nan p ap vid, ni boutèy lwil la p ap vid, jis jou ke SENYÈ a voye lapli sou fas tè a.’”
15Konsa, li te ale, e te fè selon pawòl Élie yo, e li menm avèk gason an avèk Élie te manje pandan anpil jou. 16Bòl farin nan pa t fini, ni boutèy lwil la pa t vid, jan pawòl SENYÈ a te pale pa Élie a.
17Alò, li te vin rive apre bagay sa yo ke gason a fanm nan, mètrès kay la, te vin malad. Epi maladi li a te tèlman rèd ke li pa t gen souf ki rete nan li. 18Konsa, famn nan te di a Élie: “Kisa mwen gen avè w, O nonm Bondye? Ou te vin kote mwen pou fè m vin sonje inikite mwen e mete gason mwen an a lanmò!”
19Li te di a fanm nan: “Ban mwen gason ou an.” Epi li te retire li sou lestonmak li e te pote li monte nan chanm anlè kote li te rete a e li te kouche li sou pwòp kabann pa li. 20Li te rele SENYÈ a e te di: “O SENYÈ, Bondye mwen an, èske Ou osi te mennen gwo dezas sou vèv la kote mwen rete a e fè pitit li a mouri?”
21Alò, li te lonje kò li sou pitit la twa fwa e li te rele SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen priye Ou, kite lavi pitit sa a retounen nan li.”
22SENYÈ a te tande vwa Élie, lavi pitit la te retounen nan li e li te vin refè. 23Élie te pran pitit la, li te mennen li desann soti chanm anlè a, li te antre nan kay la e li bay li a manman li, epi Élie te di: “Ou wè, gason ou an vivan.”
24Konsa, fanm nan te di a Élie: “Koulye a, mwen konnen ke ou se yon nonm Bondye, e ke pawòl SENYÈ a nan bouch ou se verite.”
Você sabia?
Elias e a Seca
- O nome Querite refere-se a um desfiladeiro ou leito de torrente de inverno. Essa ravina, situada a leste do rio Jordão, serviu de refúgio isolado para Elias depois que ele entregou sua mensagem sobre a seca ao rei Acabe.Fontes: o próprio texto bíblico · Cherith · Elijah
- Zarefute, cujo nome está associado a uma oficina para refino ou fundição de metais, era uma povoação fenícia situada entre Tiro e Sidom, chamada de Sarepta no Novo Testamento. Elias encontrou abrigo ali com uma viúva necessitada durante a grande escassez.Fontes: o próprio texto bíblico · Zarephath · Sidon
- Elias é chamado de tisbita, habitante de Gileade, uma região montanhosa a leste do rio Jordão. Essa designação pode indicar que sua terra natal era uma localidade chamada Tisbe, ou derivar de um termo que significa forasteiro ou morador temporário.Fontes: o próprio texto bíblico · Tishbe · Gilead
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Gilead · Hoje: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículo 1
- Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículos 3, 5
- Sidon · Hoje: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · versículo 9
- Zarephath · Hoje: Sarepta · 33.464, 35.295 · versículos 9, 10
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org