Nations Bible

1 Reis 15

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò, nan di-zuityèm ane a Wa Jéroboam, fis Nebat la, Abijam te vin wa sou Juda. 2Li te renye pandan twazan nan Jérusalem. Non manman li se te Maaca, fi a Abisalom an. 3Li te mache nan tout peche a papa li te fè devan li yo. Kè li pa t dedye nèt a SENYÈ a, Bondye li a, tankou kè a papa zansèt li a, David. 4Men pou koz David, SENYÈ a, Bondye li a, te ba li yon lanp nan Jérusalem, pou fè leve monte fis li apre li, e pou etabli Jérusalem. 5Li te fè sa paske David te fè sa ki te dwat nan zye a SENYÈ a, e li pa t vire akote de nenpòt sa ke Li te kòmande li pandan tout jou lavi li, sof ke ka a Urie a, Etyen an. 6Te gen lagè antre Roboam avèk Jéroboam pandan tout vi li. 7Alò, tout lòt zèv a Abijam avèk tout sa li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa a Juda yo? Anplis, te gen lagè antre Abijam avèk Jéroboam. 8Epi Abijam te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li nan lavil David. Asa, fis li a te devni wa nan plas li.

9Konsa, nan ventyèm ane a Jéroboam, wa Israël la, Asa te kòmanse renye kòm wa nan Juda. 10Li te renye pandan karanteyen ane Jérusalem. Non manman li se te Maaca, fi a Abisalom an. 11Asa te fè sa ki te dwat nan zye SENYÈ a tankou David, papa zansèt li a. 12Anplis, li te retire mal pwostitiye nan peyi a e li te retire tout zidòl ke zansèt li yo te fè yo. 13Anplis, li te fè retire Maaca, manman li nan pozisyon rèn nan, paske li te fè yon imaj abominab tankou yon Astarté. Asa te koupe imaj abominab li a e li te brile li nan flèv Cédron an. 14Men wo plas yo pa t retire. Malgre sa, kè Asa te dedye nèt a SENYÈ a pandan tout jou li yo. 15Li te fè antre nan kay SENYÈ a tout afè dedye pa papa li avèk tout afè dedye pa li menm; zouti fèt an ajan avèk lò.

16Alò te gen lagè antre Asa avèk Baescha, wa Israël la pandan tout jou pa yo. 17Baescha, wa Israël la, te monte kont Juda e te ranfòse Rama pou anpeche moun antre, oswa sòti kote Asa, wa Juda a. 18Asa te pran tout ajan avèk lò ki te rete nan trezò lakay SENYÈ a ak trezò lakay wa a e li te livre yo nan men a sèvitè li yo. Epi Wa Asa te voye yo bay Ben-Hadad, fis Thabrimmon an, fis a Hezjon an, wa Syrie a, ki te rete Damas la. Li te di: 19“Kite yon akò fèt antre ou menm avèk mwen, tankou antre papa ou avèk papa m. Gade byen, mwen voye ba ou yon kado ajan avèk lò. Ale kraze akò ou avèk Baescha, wa Israël la, pou li retire lame li a sou mwen.”

20Konsa, Ben-Hadad te koute Wa Asa e te voye chèf lame li yo kont vil Israël yo, li te bat yo e pran Ijjon, Dan, Abel-Beth-Maaca, tout Kinneroth la ak tout tèritwa Nephtali a. 21Lè Baescha fin tande koze sa a, li te sispann ranfòse Rama e li te vin rete Thirtsa. 22Epi Wa Asa te fè yon pwoklamasyon a tout Juda——nanpwen pèsòn ki te eksepte——-epi yo tout te pote ale tout wòch nan Rama yo avèk bwa ke Baescha te sèvi pou bati yo. Wa Asa te bati avèk yo, Guéba nan Benjamin ak Mitspa. 23Alò, tout lòt zèv Asa yo avèk tout pwisans li, tout sa li te fè ak vil ke li te bati yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa a Juda yo? Men nan tan vyeyès li, li te aflije avèk maladi nan pye li. 24Konsa, Asa te dòmi avèk zansèt pa li yo e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David la, papa li. Epi Josaphat te renye nan plas li.

25Alò, Nadab, fis a Jéroboam nan, te vin wa sou Israël nan dezyèm ane Asa a, wa Juda a e li te renye sou Israël pandan dezan. 26Li te fè mal nan zye SENYÈ a e li te mache nan chemen papa li ak nan peche avèk sila li te fè Israël peche a. 27Alò, Baescha, fis Achija a, a lakay Issacar a, te fè konplo kont Nadab, e Baescha te frape l fè l mouri nan Guibbethon, ki te apatyen a Filisten yo, pandan Nadab avèk tout Israël t ap fè syèj nan Guibbethon. 28Konsa, Baescha te touye li nan twazyèm ane Asa a, wa Juda a e li te vin renye nan plas li. 29Li te vin rive ke depi li te wa a, li te frape tout lakay Jéroboam. Li pa t kite a Jéroboam okenn moun vivan, jiskaske li te detwi yo nèt, selon pawòl ke SENYÈ a te pale pa sèvitè li a, Achija, Siloyit la. 30Akoz peche ke Jéroboam te fè yo e avèk sila, li te fè Israël peche yo, akoz pwovokasyon li avèk sila li te pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, a lakòlè.

31Alò, lòt zèv a Nadab yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo? 32Te gen lagè antre Asa avèk Baescha, fis a Achija a pandan tout jou pa yo.

33Nan twazyèm ane Asa a, wa a Juda a, Baescha, fis a Achija a, te devni wa sou tout Israël nan Thirtsa e li te renye venn-kat ane. 34Li te fè mal nan zye SENYÈ a e li te mache nan chemen Jéroboam ak nan peche pa li avèk sila li te fè Israël peche yo.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Reis de Judá e Israel

  • Asa, o terceiro rei de Judá, reinou quarenta e um anos em Jerusalém e realizou grandes reformas religiosas. Ele removeu os ídolos pagãos da terra e destituiu sua avó Maaca da posição de rainha-mãe depois que ela fez um poste sagrado detestável, o qual Asa derrubou e queimou no vale de Cedrom.Fontes: o próprio texto bíblico · Asa · Kidron
  • Para combater Baasa de Israel, que estava fortificando Ramá para bloquear Judá, o rei Asa enviou ouro e prata do templo e do palácio a Ben-Hadade, rei da Síria em Damasco. Quando Ben-Hadade atacou o norte de Israel, Baasa recuou para Tirza, permitindo que os homens de Asa desmontassem as fortificações de Ramá e usassem os materiais para edificar Geba e Mispá.Fontes: o próprio texto bíblico · Baasha · Ben-hadad · Ramah
  • Depois de reinar apenas dois anos, Nadabe, filho de Jeroboão, foi assassinado durante um cerco militar a Gibetom por Baasa, da tribo de Issacar. Ao assumir o trono, Baasa destruiu toda a descendência de Jeroboão, cumprindo a profecia de Aías, o silonita.Fontes: o próprio texto bíblico · Nadab · Baasha

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 2, 4, 10
  • City of David · 31.774, 35.236 · versículos 8, 24
  • Kidron · Hoje: Kidron River · 31.780, 35.240 · versículo 13
  • Damascus · 33.511, 36.306 · versículo 18
  • Syria · Hoje: Aram · 33.511, 36.306 · versículo 18
  • Dan · Hoje: Tel Dan · 33.249, 35.652 · versículo 20
  • Shiloh · Hoje: Khirbet Seilun · 32.056, 35.290 · versículo 29

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.