Nations Bible

1 Reis 10

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò, lè rèn Séba a te tande koze a repitasyon Salomon pa non SENYÈ a, li te vini pou pase l a leprèv avèk kesyon difisil. 2Li te vini Jérusalem avèk yon trè gran kantite moun, avèk chamo ki t ap pote epis, anpil lò avèk pyè presye. Lè li te vini kote Salomon, li te pale avèk li selon tout sa ki te nan kè li. 3Salomon te reponn a tout kesyon li yo; anyen pa t kache a wa a pou l pa t eksplike li. 4Lè rèn a Séba te vin konprann tout sajès a Salomon an, kay ke li te bati a, 5manje sou tab li, kapasite sèvitè li yo, jan moun ki te sèvi tab yo te atantif, jan yo abiye, pòtè tas diven yo, ak eskalye li, kote li te monte rive lakay SENYÈ a, li te vin pa gen kouraj ankò. 6Konsa, li te di a wa a: “Rapò ke m te tande soti nan peyi mwen selon pawòl ou avèk sajès ou a te vrè. 7Men mwen pa t kwè rapò yo jiskaske mwen te rive e zye m te wè li. Epi vwala, yo pa t pale m mwatye verite. Ou depase nan sajès avèk richès rapò ke m te tande a. 8Jan mesye pa ou yo beni! Beni se sèvitè ki kanpe devan ou yo tout tan pou tande sajès ou. 9Beni se SENYÈ a, Bondye ou a, ki te pran plezi nan ou pou mete ou sou twòn Israël la. Akoz SENYÈ a te renmen Israël pou tout tan, se pou sa Li te fè ou wa, pou fè lajistis avèk ladwati.” 10Li te bay wa a san-ven talan lò, yon gran kantite epis avèk pyè presye. Fòs kantite epis sa a tankou sa ke rèn Séba a te bay a Wa Salomon an pa t janm antre ankò.

11Osi, bato a Hiram ki te pote lò ki sòti Ophir yo, te mennen fè antre soti Ophir yon gran kantite pye bwa koray avèk pyè presye. 12Wa a te fè soutyen lakay SENYÈ a avèk lakay wa a avèk bwa koray yo e osi ap yo avèk gita pou chantè yo. Bwa koray yo tankou sila yo pa t janm antre ankò, ni yo pa t janm wè jis rive jodi a.

13Wa Salomon te bay a rèn Séba tout sa ke li te dezire, tout sa ke li te mande, anplis de sa li te ba li selon bonte wayal li. Konsa, li te vire retounen nan pwòp peyi pa li a, ansanm avèk sèvitè pa li yo.

14Alò, pwa lò a ki te antre pou Salomon nan yon ane se te sis-san-swasann-sis talan lò, 15anplis de sa ki te sòti nan machann avèk byen a tout komèsan yo, tout wa pami Arab yo avèk gouvènè nan chak peyi yo. 16Wa Salomon te fè de-san gran boukliye avèk lò bat avèk sis-san sik lò nan chak gran boukliye. 17Avèk twa-san boukliye nan lò bat, ki te sèvi twa min lò sou chak boukliye e wa a te mete yo nan kay Forè Liban an. 18Anplis, wa a te fè yon gwo twòn avèk ivwa e li te kouvri li avèk lò rafine. 19Avèk sis machpye monte pou rive nan twòn nan, e yon tèt won sou twòn nan pa dèyè li, bra yo nan chak kote chèz la, e de lyon ki te kanpe akote bra yo. 20Douz lyon te kanpe la sou sis machpye yo, sou yon kote e menm jan an sou lòt la. Anyen tankou li pa t fèt nan okenn lòt wayòm. 21Tout veso a Wa Salomon pou bwè yo te fèt an lò. Tout veso nan kay Forè a Liban yo te an lò pi. Nanpwen ki te an ajan. Sa pa t konsidere kòm bagay chè nan jou a Salomon yo. 22Paske wa a te gen sou lanmè a bato a Tarsis avèk bato a Hiram yo. Yon fwa chak twazan bato a Tarsis yo te vini pote lò avèk ajan, ivwa avèk makak ak bèl zwazo pan yo.

23Konsa, Wa Salomon te vin pi gran ke tout wa sou latè yo nan richès avèk sajès. 24Tout latè t ap chache prezans a Salomon pou tande sajès li ke Bondye te mete nan kè li. 25Chak moun te pote kado li, afè an ajan avèk lò, vètman, zam, epis, cheval avèk milèt, an gran kantite ane pa ane.

26Alò, Salomon te ranmase cha avèk cheval yo. Li te gen mil-kat-san cha avèk douz-mil chevalye e li te estasyone yo nan vil cha yo avèk wa a nan Jérusalem. 27Wa a te fè ajan vin gaye toupatou tankou wòch Jérusalem. Li te fè sèd yo vin anpil tankou bwa sikomò ki rete nan ba plèn nan. 28Osi, lè Salomon te enpòte cheval yo, yo te soti an Égypte avèk Kuwe. Machann a wa yo te chache yo soti Kuwe pou yon pri. 29Yon cha te konn enpòte soti Égypte pou sis-san sik an ajan ak yon cheval pou san-senkant e pa menm mwayen an, yo te ekspòte yo a tout wa Etyen avèk wa Siryen yo.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

O Esplendor de Salomão e a Rainha de Sabá

  • Sabá é identificada com Sabá no sul da Arábia, um reino famoso no mundo antigo pelo lucrativo comércio de especiarias e aromas. A visita da rainha com uma grande caravana de camelos trazendo especiarias, ouro e pedras preciosas refletia interesses diplomáticos e a riqueza comercial de sua região.Fontes: Sheba · o próprio texto bíblico
  • Salomão aliou-se ao rei Hirão de Tiro para realizar expedições marítimas a terras distantes como Ofir e Társis. Essas frotas retornavam com mercadorias raras, incluindo madeira de almugue, marfim, pedras preciosas e ouro, enriquecendo ainda mais a corte real em Jerusalém.Fontes: Hiram · Ophir · Tarshish · o próprio texto bíblico
  • O texto bíblico descreve o elaborado trono de marfim de Salomão revestido de ouro puro, situado sobre seis degraus ladeados por doze leões esculpidos. Essa mobília extravagante e os recipientes de ouro para beber destacavam a prosperidade sem precedentes de seu reinado.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Sheba · 15.348, 44.206 · versículos 1, 4, 10, 13
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 2, 26, 27
  • Arabia · Hoje: Arabian Peninsula · 23.000, 46.000 · versículo 15
  • House of the Forest of Lebanon · Hoje: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 17, 21
  • Shephelah · 31.692, 34.875 · versículo 27
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 28, 29
  • Syria · Hoje: Aram · 33.511, 36.306 · versículo 29

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.