1 Coríntios 8
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, konsènan bagay ki te bay kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke nou tout gen konesans. Konesans fè moun awogan, men lanmou bay bon konprann. 2Si yon moun sipoze ke li konnen yon bagay, li poko konnen jan li dwe konnen an. 3Men si yon moun renmen Bondye, Bondye konnen li.
4Konsa, konsènan manje bagay ki te ofri kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke pa gen anyen vrèman kon zidòl nan mond lan, e ke pa gen okenn Dye sof ke yon sèl, Bondye. 5Paske, menmsi genyen sa ke yo rele dye yo, swa nan syèl la oubyen sou tè a, kòm anverite gen anpil dye ak anpil senyè, 6malgre sa, nou pa gen sof ke yon Bondye Papa a. De Li menm tout bagay sòti, e nou pou Li, e yon Senyè, Jésus Kris. Pa Li menm tout bagay ye, e nou egziste pa Li.
7Sepandan, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Men kèk moun, ki abitye avèk zidòl jiska prezan, manje manje kòmsi li te sakrifye a yon zidòl, e konsyans fèb pa yo a vin souye. 8Men se pamanje k ap rekòmande nou a Bondye. Nou p ap ni pi mal si nou pa manje, ni pi bon si nou manje. 9Men fè atansyon ke libète sa a pa vini, nan yon jan o yon lòt, yon wòch pou fè sila ki fèb yo chite. 10Paske si yon moun wè ou menm, ki gen konesans, k ap manje nan yon tanp zidòl, si konsyans li fèb, l ap ankouraje manje bagay ki sakrifye a zidòl yo? 11Alò, akoz konesans pa ou, sila ki fèb vin pèdi, frè pou sila Kris la te mouri an. 12Konsa, nan peche kont frè nou yo k ap blese konsyans a sila ki fèb yo, nou peche kont Kris la. 13Pou sa a, si manje koze frè mwen an chite, mwen p ap janm manje vyann ankò, pou mwen pa koze frè mwen an chite.
Você sabia?
Comida sacrificada aos ídolos
- O capítulo começa pondo o conhecimento ao lado do amor: o conhecimento incha, mas o amor edifica. Diz que quem pensa que sabe alguma coisa ainda não conhece como convém conhecer, enquanto quem ama a Deus é conhecido por Deus.Fontes: o próprio texto bíblico
- Sobre comer comida sacrificada aos ídolos, o capítulo diz que um ídolo não é nada no mundo e que não há outro Deus senão um, embora se fale de muitos chamados deuses e senhores. Nem todos têm esse conhecimento: alguns ainda estão tão acostumados aos ídolos que comem esse alimento como se fosse sacrificado a um ídolo, e a consciência fraca deles fica contaminada.Fontes: o próprio texto bíblico
- O capítulo adverte que a liberdade pode se tornar um tropeço para os fracos. Se alguém de consciência fraca vir uma pessoa bem informada comendo no templo de um ídolo, essa pessoa pode ser encorajada a comer comida sacrificada aos ídolos. Quem escreve diz que, se o que ele come fizer seu irmão tropeçar, nunca mais comerá carne.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org