1 Coríntios 4
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Kite yon moun gade nou konsa, kòm sèvitè a Kris e jeran a mistè ki pou Kris yo.
2Nan ka sila a, anplis, li nesesè pou twouve jeran yo fidèl. 3Men pou mwen se yon ti bagay tou piti pou mwen ta kab jije pa nou menm, oswa nenpòt lòt tribinal moun. Anverite, mwen pa menm jije pwòp tèt mwen. 4Mwen pa konsyan de anyen kont tèt mwen. Men se pa sa ki fè m inosan, men ke sila ki jije mwen an se Senyè a. 5Pou sa pa kontinye jije avan lè, men tann jiskaske Senyè a vini pou Li kapab nan menm tan eklere nan limyè bagay ki kache nan tenèb yo, e devwale tout motif ki nan kè lèzòm. Konsa, lwanj chak moun resevwa va sòti nan Bondye.
6Alò, frè m yo, mwen te sèvi tout sa konsènan mwen menm ak Apollos kòm yon egzanp pou koz a nou menm. Selon sa mwen te di, mwen vle ou konprann ke nou pa pou ale pi lwen de sa ki nan ekriti sen yo, pou okenn nan nou pa vin ògeye anvè youn e kont yon lòt. 7Paske kilès ki kwè ke ou pi bon? Kisa nou genyen ke nou pa t resevwa? E si Nou te resevwa li, poukisa nou vante tèt nou kòmsi nou pa t resevwa l.
8Nou deja ranpli! Nou deja vin rich! Nou deja vin wa san èd nou menm! E anverite, mwen ta kontan si nou te deja wa pou nou menm ta kapab renye ansanm avèk nou. 9Paske mwen panse ke Bondye te fè nou menm kòm apot pi ba ke tout; tankou moun ki kondane a lanmò, paske nou te gen tan vin yon spektak pou mond lan, ni pou zanj yo, ni pou moun. 10Nou se moun fou pou kòz a Kris la, men ou menm, ou saj nan Kris; nou fèb, men ou menm, ou fò; ou menm, ou byen distenge, men nou menm, nou san onè. 11Jiska moman sa a nou grangou ak swaf, mal abiye, maltrete, e san kote pou nou rete. 12Konsa, nou redi di nan travay avèk pwòp men nou. Lè yo joure nou, nou beni yo. Lè nou pèsekite, nou sipòte sa. 13Lè yo pale nou mal, nou eseye antann nou. Nou devni tankou fatra a mond lan, retay nan tout bagay, menm jiska koulye a.
14Mwen pa ekri bagay sa yo pou fè nou wont, men pou avèti nou kòm pitit byeneme mwen. 15Paske si nou te gen anpil kantite pwofesè an Kris ki pa menm kab konte, menm konsa nou pa t ap gen anpil papa. Paske nan Jésus Kris, mwen te devni papa nou akoz bòn nouvèl la. 16Konsa, mwen egzòte nou, pou nou vin imitatè a mwen menm. 17Se pou rezon sa a, mwen voye bannou Timothée, ki se pitit byeneme e fidèl mwen nan Senyè a. Li va fè nou sonje chemen mwen an ki baze nan Kris, menm jan ke mwen enstwi toupatou nan tout legliz yo. 18Alò, kèk nan nou vin awogan, kòmsi mwen pa t ap vin kote nou. 19Men mwen va vini kote nou byento si Bondye vle e mwen va vin fè egzamen, pa nan pawòl a sila ki awogan yo, men nan pèz pwisans yo. 20Paske wayòm Bondye a pa fèt avèk pawòl, men avèk pwisans. 21Kisa nou dezire? Èske mwen dwe vin kote nou avèk yon baton, oswa avèk lanmou avèk lespri jantiyès?

Você sabia?
Servos, despenseiros e a advertência de um pai
- Paulo aplica estas coisas a si mesmo e a Apolo, para que os coríntios aprendam a não se orgulhar de um homem em detrimento de outro. Apolo, judeu nascido em Alexandria, eloquente e versado nas Escrituras, seguiu para Corinto, onde regou a semente que Paulo havia semeado, e seus discípulos ali se apegaram muito a ele. Um breve relato de sua vida o situa com Paulo em Éfeso quando foi escrita a primeira carta aos Coríntios.Fontes: o próprio texto bíblico · Apollos
- Paulo diz que os coríntios já têm tudo o que querem, enriqueceram e se tornaram reis sem ele e seus companheiros, e deseja que eles realmente fossem reis, para que ele e seus companheiros fossem reis com eles. Escreve que lhe parece que Deus exibiu os apóstolos no fim do cortejo, como prisioneiros destinados à morte, um espetáculo para o mundo inteiro, para os anjos e também para os homens, enquanto passam fome e sede, malvestidos, sem lar e trabalhando arduamente com as próprias mãos.Fontes: o próprio texto bíblico
- Paulo diz que enviou Timóteo, seu filho amado e fiel no Senhor, para lembrar aos coríntios o seu modo de vida em Cristo Jesus, o mesmo ensino que ele transmite em toda parte, em cada igreja. Timóteo, nome que significa honrando a Deus, era um jovem discípulo que acompanhou Paulo em muitas de suas viagens, e Paulo o chamava de seu próprio filho na fé. Esse relato nada diz do pai de Timóteo, senão que era grego, e nomeia sua mãe como Eunice e sua avó como Lóide.Fontes: o próprio texto bíblico · Timotheus
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org