1 Crônicas 24
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, men divizyon a desandan a Aaron yo: fis a Aaron yo te Nadab, Abihu, Éléazar avèk Ithamar. 2Nadab avèk Abihu te mouri avan papa yo, san yo pa t genyen fis. Pou sa, Éléazar avèk Ithamar te sèvi kon prèt. 3David, avèk Tsadok, fis a Éléazar yo ak Achimélec a desandan a Ithamar yo, te divize yo selon fonksyon yo nan sèvis pa yo. 4Akoz ke te gen plis chèf nan desandan a Éléazar yo pase nan desandan a Ithamar yo, yo te divize yo konsa: sèz chèf zansèt a desandan a Éléazar yo ak uit nan desandan Ithamar yo, selon lakay zansèt pa yo. 5Konsa yo te divize pa tiraj osò, youn tankou lòt la; paske yo te sèvi kon ofisye nan sanktyè a e ofisye a Bondye, e nan desandan a Éléazar yo ak desandan a Ithamar yo. 6Schemaeja, fis a Nethaneel la, grefye pou tribi Lévi a, te enskri yo nan prezans a wa a, chèf lakay zansèt yo, Tsadok, prèt la, Achimélec, fis a Abiathar a ak chèf a lakay zansèt a prèt avèk Levit yo; youn lakay zansèt ki te pran pou Éléazar yo e youn pou Ithamar yo.
7Alò, premye tiraj osò a te tonbe pou Jehojarib; dezyèm nan pou Jedaeja; 8twazyèm nan a Harim; katriyèm nan a Seorim; 9senkyèm nan a Malkija; sizyèm nan a Mijamin; 10setyèm nan a Hakkots; uityèm nan a Abija; 11nevyèm nan a Josué; dizyèm nan a Schecania; 12onzyèm nan a Éliaschib; douzyèm nan a Jakim; 13trèzyèm nan a Huppa; katòzyèm nan a Jeschébeab; 14kenzyèm nan a Bilga; sèzyèm nan a Immer; 15di-setyèm nan a Hézir; di-zuityèm nan a Happitsets; 16diz-nevyèm nan a Pethachja; ventyèm nan a Ézéchiel; 17ven-te-inyèm nan a Jakin; venn-dezyèm nan a Gamul; 18venn-twazyèm nan a Delaja; venn-katriyèm nan a Maazia. 19Sa yo te pozisyon sèvis yo te fè lè yo te antre lakay SENYÈ a selon règleman ki te bay a yo menm pa Aaron, zansèt pa yo, jis jan ke SENYÈ a, Bondye Israël la, te kòmande li a.
20Alò, pou lòt fis a Lévi yo: nan fis Amram yo: Schubaël; nan fis a Schubaël yo: Jechdia; 21a Rechabia: selon fis a Rechabia yo: chèf Jischija. 22Selon Jitsearit yo: Schelomoth; nan fis a Schelomoth yo: Jachath. 23Fis a Hébron yo: Jerija, premye a, Amaria, dezyèm nan, Jachaziel, twazyèm nan, Jekameam, katriyèm nan. 24Selon fis a Uziel yo: Michée; epi fis a Michée yo, Shamir. 25Frè a Michée a, Jischija; nan fis a Jischija yo: Zacharie. 26Fis a Merari yo: Machli avèk Muschi; fis a Jaazija yo, Beno. 27Fis a Merari yo: pa Jaazia, Beno, Schoham, Zaccur ak Ibri. 28Pa Mahli: Éléazar ki pa t gen fis. 29Pa Kis: nan fis a Kis yo, Jerachmeel. 30Fis a Muschi yo: Machli, Éder ak Jerimoth. 31Sila yo osi te voye kon tiraj osò tankou manm fanmi pa yo, fis a Aaron yo nan prezans a David, wa a, Tsadok avèk Achimélec, chèf lakay zansèt pa yo pami prèt ak Levit yo, chèf lakay papa pa yo jis jan sa ye pou nan pi piti frè li yo.

Você sabia?
Organização dos sacerdotes e levitas
- Como os dois filhos mais velhos de Arão, Nadabe e Abiú, morreram sem filhos após oferecerem fogo estranho, apenas as linhagens de Eleazar e Itamar continuaram o sacerdócio. O rei Davi organizou esses descendentes em vinte e quatro turnos de serviço, sendo dezesseis de Eleazar e oito de Itamar.Fontes: o próprio texto bíblico · Eleazar · Ithamar · Nadab
- Para garantir a imparcialidade entre as duas linhagens, a ordem das escalas foi determinada por sorteio diante do rei Davi, de Zadoque e de Aimeleque. O escriba Semaías, um levita, registrou formalmente o nome de cada família à medida que o lote era sorteado.Fontes: o próprio texto bíblico · Zadok · Ahimelech
- Os demais clãs levitas, incluindo os descendentes de Coate e Merari, também foram organizados e designados para suas funções mediante sorteio. O processo tratou com igualdade tanto os chefes de famílias quanto seus irmãos mais jovens.Fontes: o próprio texto bíblico · Merari
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Holy Place · Hoje: on Mount Moriah · 31.778, 35.236 · versículo 5
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org