Nations Bible

1 Crônicas 18

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Apre sa, li te vin rive ke David te bat Filisten yo. Li te fè yo soumèt e te pran Gath avèk vil pa li yo nan men a Filisten yo. 2Li te bat Moab e Moabit yo te vin sèvitè a David e te pote kontribisyon obligatwa yo.

3David osi te bat Hadarézer, wa Tsoba a, jis rive Hamath, e li te sòti pou ale etabli wayòm li jis rive nan Rivyè Euphrate la. 4David te pran nan men Hadarézer, mil cha avèk sèt-mil chevalye ak ven-mil sòlda a pye. David te koupe jarèt a tout cheval a cha yo, men te konsève kont pou rale san cha. 5Lè Siryen nan Damas yo te vini ede Hadarézer, wa Tsoba a, David te touye venn-de-mil òm nan Siryen yo. 6Konsa, David te fè mete ganizon sòlda pami Siryen nan Damas yo. Siryen yo te vin sèvitè a David e te pote kontribisyon obligatwa. Nenpòt kote li te ale, SENYÈ a te ede David. 7David te pran boukliye an lò yo ki te pote pa sèvitè Hadarézer yo pou te pote yo Jérusalem. 8Osi, soti Thibchath avèk Cun, vil a Hadarézer yo, David te pran yon trè gran kantite bwonz avèk sila Salomon te fè lanmè a an bwonz e pilye avèk zouti yo te fèt an bwonz.

9Alò, lè Thohu, wa Hamath la, te tande ke David te fin bat tout lame a Hadarézer a, wa Tsoba a, 10li te voye Hadoram, fis li a, kote wa David pou salye li e beni li; paske li te goumen kont Hadarézer e te bat li; paske Hadarézer t ap fè lagè avèk Thohu. Epi Hadoram te pote tout kalite bagay an lò avèk ajan ak bwonz. 11Wa David te konsakre sa yo osi a SENYÈ a, avèk ajan ak lò ke li te rache pote soti nan men a tout nasyon yo: depi nan Edom, Moab, fis a Ammon yo, Filisten yo ak Amalekit yo.

12Anplis, Abischaï, fis a Tseruja a, te bat diz-ui-mil Edomit nan Vale Sèl la. 13Epi li te mete ganizon sòlda nan Edom, e tout Edomit yo te devni sèvitè David. Epi SENYÈ a te ede David nenpòt kote li te ale.

14Konsa, David te renye sou tout Israël. Li te administre jistis avèk ladwati pou tout pèp li a. 15Joab, fis a Tseruja a, te kòmandan lame a, e Josaphat, fis a Achilud la, te achivist la; 16epi Tsadok, fis a Achithub la avèk Abimélèc, fis a Abiathar a, te prèt, e Schavscha te sekretè; 17epi Benaja, fis a Jehojada a, te chèf sou Keretyen avèk Peletyen yo; epi fis a David yo te premye chèf ansanm akote wa a.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

As conquistas e a administração de Davi

  • As vastas quantidades de bronze capturadas das cidades de Hadadezer de Zobá (Tibate e Cum), juntamente com presentes de ouro e prata dedicados pelo rei Tou de Hamate, foram usadas mais tarde por Salomão para confeccionar o Mar de bronze, as colunas e os utensílios do templo em Jerusalém.Fontes: o próprio texto bíblico · Solomon · Toi · Hadarezer
  • As campanhas militares de Davi se estenderam desde cidades filisteias como Gate, a oeste, até a região próxima ao rio Eufrates, ao norte, contra Zobá. Ao estabelecer guarnições em Damasco e Edom, Davi consolidou seu domínio e colocou os territórios vizinhos sob tributo.Fontes: o próprio texto bíblico · Gath · Zobah · Damascus
  • Entre os principais líderes militares de Davi estavam seus sobrinhos Joabe e Abisai, filhos de sua irmã Zeruia. Joabe serviu como comandante do exército, enquanto Abisai liderou a vitória decisiva sobre os edomitas no Vale do Sal.Fontes: o próprio texto bíblico · Zeruiah · Joab · Abishai

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Moab · Hoje: Moab 1 · 31.181, 35.701 · versículos 2, 11
  • Euphrates · Hoje: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículo 3
  • Damascus · 33.511, 36.306 · versículos 5, 6
  • Syria · Hoje: Aram · 33.511, 36.306 · versículos 5, 6
  • Zobah · 33.935, 36.151 · versículos 5, 9
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 7
  • Hamath · Hoje: Hama · 35.136, 36.750 · versículo 9
  • Amalek · 30.648, 34.422 · versículo 11
  • Ammon · 31.955, 35.934 · versículo 11
  • Edom · 30.746, 35.604 · versículos 11, 12, 13
  • Philistia · 31.664, 34.546 · versículo 11

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.