Nations Bible

1 Crônicas 16

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Yo te pote lach Bondye a e te plase li nan tant ke David te fè monte pou li a. Epi yo te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè devan Bondye. 2Lè David te fin fè ofrann brile ak ofrann lapè a, li te beni pèp la nan non a SENYÈ a. 3Li te separe bay a chak moun Israël, ni gason, ni fanm, yo chak yon pen avèk yon pòsyon vyann ak yon gato rezen.

4Li te chwazi kèk nan Levit yo pou pran chaj sèvis la devan lach SENYÈ a, pou selebre menm e bay remèsiman avèk lwanj a SENYÈ a, Bondye Israël la: 5Asaph, chèf la e dezyèm apre li a, Zacharie, swiv pa Jeïel, Schemiramoth, Jehiel, Matthithia, Éliab, Benaja, Obed-Édom ak Jeïel avèk lenstriman mizik yo, ap yo, gita yo; epi Asaph sou senbal gwo bwi yo, 6epi Benaja avèk Jachaziel, prèt ki t ap soufle twonpèt san rete yo devan lach akò Bondye a.

7Alò, se te nan jou sa a, David te chwazi pou premye fwa a, Asaph avèk fanmi li pou bay remèsiman a SENYÈ a.

8O bay remèsiman a SENYÈ a.

Rele non Li.

Fè zèv li yo rekonèt pami pèp yo.

9Chante a Li menm.

Chante lwanj a Li menm.

Pale tout mèvèy Li yo.

10Bay glwa a sen non Li.

Kite kè a sila k ap chache SENYÈ a

vin ranpli ak jwa.

11Chache SENYÈ a avèk fòs Li.

Chache figi Li san rete.

12Sonje zèv mèvèy ke Li te fè yo,

mèvèy Li yo ak jijman,

ki sòti depi nan bouch Li,

13O desandan Israël, sèvitè Li yo,

fis a Jacob yo, sila Li te chwazi yo!

14Li se SENYÈ a, Bondye nou an.

Jijman pa Li yo sou tout latè.

15Sonje akò Li a pou tout tan,

Pawòl ke Li te kòmande a

mil jenerasyon yo,

16akò ke li te fè avèk

Abraham nan,

sèman an ke Li te fè avèk Isaac la.

17Li te konfime sa ak Jacob kon yon règleman,

A Israël, kon yon akò ki pou tout tan,

18epi te di: “A ou menm, Mwen va bay

peyi Canaan an kon pòsyon eritaj pa w.”

19Pandan yo te piti an nonb, trè piti

e etranje, yo nan li,

20yo te mache toupatou

nan yon nasyon a yon lòt,

sòti nan yon wayòm

pou rive nan yon lòt pèp.

21Li pa t kite okenn moun oprime yo.

Li te bay repwòch a wa yo pou koz pa yo.

22Li te di “Pa touche onksyone pa M yo,

ni pa fè mal a pwofèt Mwen yo.”

23Chante a SENYÈ a, tout latè!

Pwoklame bòn nouvèl delivrans Li jou apre jou.

24Pale glwa Li pami nasyon yo,

gran mèvèy Li yo pami tout pèp yo.

25Paske gran se SENYÈ a,

e gran pou resevwa lwanj yo.

Anplis, fòk nou gen lakrent Li

plis pase tout lòt dye yo.

26Paske tout dye a pèp yo

se zidòl yo ye,

men SENYÈ a te fè syèl yo.

27Tout richès avèk majeste devan Li.

Lafòs ak lajwa lakay Li.

28Bay a SENYÈ a,

O tout fanmi yo ak tout pèp yo,

bay a SENYÈ a glwa avèk fòs!

29Bay a SENYÈ a glwa ke non Li dwe genyen an.

Pote lofrann yo vini devan L.

Adore SENYÈ a avèk tout bagay sen yo.

30Tranble devan Li, tout latè.

Anverite, lemond etabli byen solid.

Li p ap deplase menm.

31Kite syèl yo kontan e

kite lemond rejwi:

32Kite lanmè a fè gwo bwi,

avèk tout sa ki ladann!

Kite chan an ranpli ak jwa,

ak tout sa ki ladann!

33Konsa, tout bwa forè yo

va chante avèk jwa devan SENYÈ a.

Paske L ap vini pou jije latè.

34O bay remèsiman a SENYÈ a pou bonte Li,

paske lanmou dous Li a se pou tout tan.

35Di: “Sove nou,

O Bondye a delivrans nou an!

Ranmase nou pou sove nou soti nan nasyon yo,

pou bay remèsiman a non sen pa W la,

pou nou triyonfe nan lwanj Ou.”

36Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la,

Pou letènite, jis rive nan letènite a.

Tout pèp la te di: “Amen” e te louwe SENYÈ a.

37Konsa, li te kiteAsaph avèk fanmi li la devan lach akò SENYÈ a pou fè sèvis devan lach la tout tan, kon travay chak jou te egzije a; 38epi Obed-Édom avèk swasant-tuit manm fanmi li; Obed-Édom e anplis fis a Jedithun lan, avèk Hosa kon gadyen pòtay yo, 39Li te kite Tsadok, prèt la avèk fanmi pa li yo devan tabènak SENYÈ a nan wo plas ki te Gabaon an, 40pou ofri ofrann brile yo a SENYÈ a sou lotèl ofrann brile a tout tan, ni maten, ni aswè, jis selon tout sa ki ekri nan lalwa SENYÈ a, ke Li te kòmande Israël yo. 41Avèk yo, te Héman, Jeduthun ak lòt ki te dezinye pa non yo, pou bay remèsiman a SENYÈ a, akoz lanmou dous li an san fen. 42Epi avèk yo, te Héman ak Jeduthun avèk twonpèt avèk senbal pou sila ki te gen pou fè enstriman retantisan pou chan Bondye yo e fis a Jeduthun yo, pou pòtay la. 43Epi tout pèp la te pati, yo chak lakay yo e David te retounen pou beni lakay pa li a.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Adoração e ações de graças diante da arca

  • Enquanto a arca da aliança foi colocada em uma tenda em Jerusalém sob o ministério diário de Asafe e seus companheiros levitas, o tabernáculo e o altar de holocaustos permaneceram no lugar alto em Gibeom, onde o sacerdote Zadoque, Hemã e Jedutum mantinham os sacrifícios matutinos e vespertinos segundo a lei.Fontes: o próprio texto bíblico · Gibeon · Heman · Jeduthun (Ethan)
  • Davi instituiu uma ordem formal de músicos levitas com harpas, liras, címbalos e trombetas, nomeando Asafe como músico principal. Mais tarde, a tradição bíblica atribui vários salmos (Salmos 50 e 73–83) a Asafe e o reconhece como músico e vidente.Fontes: o próprio texto bíblico · Asaph (Levite)
  • Após os sacrifícios e bênçãos pela chegada da arca, Davi ofereceu uma refeição comemorativa para toda a congregação, distribuindo um pão, um bolo de tâmaras e um bolo de passas para cada homem e mulher presente.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Canaan · 32.767, 35.333 · versículos 18, 19
  • Gibeon · Hoje: El Jib · 31.847, 35.183 · versículo 39

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.