1 Crônicas 12
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, sila yo se sila ki te vin kote David Tsiklag yo, lè li te toujou jennen akoz Saül, fis a Kish la. Yo te pami mesye pwisan ki te ede nan gè yo. 2Yo te pote banza, te voye wòch avèk fistibal ni sou men dwat, ni sou men goch, e tire flèch yo ak banza a. Se te fanmi a Saul, soti nan tribi Benjamin an. 3Chèf la te Achiézer, swivi pa Joas, fis a Schemaa a, Gibeonit lan; Jeziel ak Péleth, fis a Azmaveth yo; epi Beraca; Jéhu, Anatotit la; 4Jischmaeia, Gabaonit lan, yon mesye pwisan pami trant yo, e tèt a trant yo, epi Jérémie; Jachaziel; Jochannan'; Jozabad, Guedérait la; 5Éluzaï; Jerimoth; Bealia; Schemaria; Schephathia, Awofit la; 6Elkana, Jeschija, Azareel, Joézer ak Jaschobeam, Koreyit yo; 7ak Joéla avèk Zebadia, fis a Jerocham yo, Gedorit la.
8Soti nan Gadit yo, te antre rive kote David nan fò dezè a, mesye pwisan avèk anpil kouraj ki te fè antrenman pou fè lagè, ki te konn manyen boukliye avèk lans, avèk figi yo tankou figi a lyon, e yo vit tankou antilòp nan mòn. 9Ézer, chèf la, Abdias, dezyèm nan, Éliab, twazyèm nan, 10Mischmanna, katriyèm nan, Jérémie, senkyèm nan, 11Attaï, sizyèm nan, Éliel, setyèm nan, 12Jochanan, uityèm nan, Elzabad, nevyèm nan, 13Jérémie, dizyèm nan, Macbannaï, onzyèm nan. 14Sila yo se fis a Gad ki te kapitèn lame a; sila ki te pi piti a te egal a yon santèn moun e pifò a, a yon milye. 15Sila yo se sila ki te travèse Jourdain an nan premye mwa lè tout bò rivyè li yo t ap debòde yo. Yo te chase fè pran flit tout sila ki te nan vale yo, nan lès ak nan lwès.
16Konsa, kèk nan fis a Benjamin yo te vin rive nan fò a David la. 17David te sòti pou rankontre yo. Li te di yo: “Si se nan lapè nou vin kote mwen, pou ede m, kè m va reyini ansanm avèk nou. Men si se pou trayi mwen a advèsè mwen yo, akoz nanpwen mal nan men m, ke Bondye a zansèt nou yo gade sou sa pou deside.” 18Alò, Lespri a te vini sou Amasaï, ki te chèf a trant yo,
“Nou se pa w, O David,
Epi avèk ou, O fis a Jesse a!
Lapè, lapè a ou menm
Epi lapè avèk sila ki ede ou!
Anverite, Bondye ou a ap ede ou!”
Konsa David te resevwa yo e te fè yo kapitèn nan ekip la.
19Soti nan Manassé, osi, kèk moun te vin jwenn David lè li t ap prepare fè batay avèk Filisten yo kont Saül. Men yo pa t ede yo, paske chèf Filisten apre yo te konsilte ansanm, e te voye li ale. Yo te di: “Avèk pri a pwòp tèt nou, li kapab fè defo a mèt li, Saul.”
20Lè l te ale Tsiklag, men moun Manassé ki te parèt yo: Adnach, Jozabad, Jediaël, Micaël, Jozabad, Élihu ak Tsilthaï, chèf a dè milye nan Manassé yo. 21Yo te ede David kont bann piyajè yo, paske yo tout te mesye pwisan, plen ak kouraj e te kapitèn nan lame a. 22Paske jou apre jou, moun te vin kote David pou ede l, jiskaske te gen yon gwo lame tankou lame Bondye a.
23Alò sila yo se nonb nan divizyon ki te prepare pou fè lagè a, nonb ki te vin kote David Hébron pou vire wayòm Saul la vè li menm, selon pawòl a SENYÈ a. 24Fis a Juda ki te pote boukliye avèk lans yo te si-mil-ui-san, byen prepare pou fè lagè. 25Nan fis a Siméon yo, mesye plen ak kouraj pou fè lagè yo, sèt-mil-san. 26Nan fis a Lévi yo, kat-mil-sis-san. 27Alò, Jehojada, prens lakay Aaron an e avèk li, te gen twa-mil-sèt-san, 28anplis, Tsadok, gèrye plen ak kouraj la e lakay papa l te gen venn-de kapitèn. 29Nan fis Benjamin yo, fanmi a Saül la, twa-mil, paske jis moman sa a, pifò nan yo te rete fidèl a lakay Saul. 30Nan fis Éphraïm yo, ven-mil-ui-san mesye pwisan avèk anpil kouraj, byen koni lakay zansèt pa yo. 31Nan mwatye tribi Manassé a, diz-ui-mil ki te enskri pa non pou vin fè David wa. 32Nan fis a Issacar yo, mesye ki te konprann tan yo, avèk konesans a sa ke Israël ta dwe fè, chèf pa yo te de-san; epi tout fanmi yo te sou kòmann pa yo. 33Nan Zabulon, te gen senkant-mil moun ki te parèt nan lame a ki te konn ranje kò yo nan fòmasyon batay avèk tout kalite zam lagè pou te ede David avèk kè ki pa t divize menm. 34Nan Nephthali, te gen mil kapitèn e trant-sèt-mil ladann te gen boukliye avèk lans. 35Nan Danit ki ta kab ranje nan fòmasyon batay yo, te gen venn-tui-mil-sis-san. 36Nan Aser, te gen karant-mil ki te sòti nan lame a pou ranje yo nan fòmasyon batay la. 37Soti lòtbò Jourdain an, pa Ribenit ak Gadit yo, avèk mwatye tribi Manassé a, te gen san-ven-mil avèk tout zam lagè pou batay la.
38Tout sila yo, mesye lagè ki te konn ranje nan fòmasyon batay yo, te vini Hébron avèk yon sèl kè sensè pou fè David wa. 39Yo te la pandan twa jou. Yo t ap manje ak bwè, paske fanmi pa yo te gen tan prepare pou yo. 40Anplis, sila ki te toupre yo, menm rive lwen tankou Issacar, Zabulon ak Nephthali, yo te pote manje sou bourik yo, chamo yo, milèt yo, avèk bèf yo, gran kantite a gato farin, gato fig etranje, anpil rezen, diven, lwil, bèf avèk mouton. Vrèman, te gen lajwa an Israël.

Você sabia?
Guerreiros se unem para coroar Davi
- Mesmo quando Davi estava escondido do rei Saul em Ziclaque, guerreiros da própria tribo de Saul, Benjamim, desertaram para apoiá-lo. Esses combatentes eram conhecidos por serem ambidestros, capazes de atirar pedras com fundas e disparar flechas tanto com a mão direita quanto com a esquerda.Fontes: o próprio texto bíblico · Saul · Ziklag
- Um grupo de comandantes da tribo de Gade juntou-se a Davi no deserto após realizar uma façanha militar audaciosa. Eles atravessaram o rio Jordão no primeiro mês do ano, durante o período de cheia em que transbordava suas margens, afugentando as tropas nos vales vizinhos.Fontes: o próprio texto bíblico · Jordan
- A reunião de todas as tribos em Hebrom para aclamar Davi como rei culminou em uma celebração de três dias. Moradores de tribos do norte, como Issacar, Zebulom e Naftali, enviaram animais de carga com provisões, incluindo farinha, bolos de figo, bolos de passas, vinho, azeite e gado.Fontes: o próprio texto bíblico · Hebron · Issachar
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Gibeon · Hoje: El Jib · 31.847, 35.183 · versículo 4
- Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículos 15, 31, 37
- Hebron · Hoje: Tel Rumeida · 31.525, 35.102 · versículos 23, 38
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org