Nations Bible

Sofonias 3

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Madichon pou moun lavil Jerizalèm! Yo vire kont Bondye, yo lage kò yo nan dezòd, lèfini y'ap peze moun parèy yo. 2Yo pa t' koute Seyè a. Yo pa t' pran pinisyon Bondye a pou anyen. Yo pa t' mete konfyans yo nan Seyè a ankò, yo pa t' vin mande Bondye yo a konsèy ankò. 3Nan lavil la, chèf yo tankou lyon ki grangou. Jij yo tankou chen mawon ki soti apre solèy kouche. Yo tèlman akrèk, yo pa kite yon ti zo pou denmen maten. 4Pwofèt yo pa serye. Pesonn pa ka fye yo. Prèt yo menm pa respekte bagay ki apa pou Bondye. Yo fè lalwa Bondye a di sa yo vle. 5Men Seyè a la nan lavil la. Li pa nan patipri. Li p'ap fè lenjistis. Chak maten, li bay santans li. Depi bajou kase, li la l'ap rann jistis. Men, moun k'ap fè sa ki mal yo pa gen nen nan figi yo. 6Seyè a di: -Mwen disparèt nasyon yo. Mwen kraze gwo fò nan kwen miray ranpa yo. Mwen pa kite yon moun ap mache nan lari. Yo piye lavil yo. Yo pa kite yon moun vivan ladan yo. 7Mwen te kwè pèp mwen an ta gen yon ti krentif pou mwen. Leson an ta sèvi yo. Yo pa ta janm bliye sa m' te fè yo pase. Men, se lè sa a yo lage kò yo pi rèd nan fè sa ki mal. 8Seyè a di: -Nou mèt tann mwen! Nou mèt tann jou pou m' kanpe akize nasyon yo! Mwen fin pran desizyon mwen: m'ap sanble tout nasyon yo ak tout peyi yo pou m' fè yo santi jan m' fache, jan m' ankòlè sou yo. Paske nan kòlè mwen, mwen pral boule tout latè. 9Lè sa a, m'a chanje pawòl ki nan bouch nasyon yo. Se mwen menm yo tout yo pral lapriyè. Yo pral mete tèt yo ansanm pou yo sèvi m'. 10Moun ap soti byen lwen lòt bò larivyè peyi Letiopi yo, y'ap vin ansanm ak moun pèp mwen an ki te gaye toupatou, y'ap pote ofrann yo ban mwen. 11Jou sa a, nou menm pèp mwen an, nou p'ap bezwen wont tou sa nou te fè lè nou te vire do ban mwen an. Mwen wete tout moun ki gen lògèy nan mitan nou, tout moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Nou va sispann kenbe tèt avè m' sou mòn ki apa pou mwen an. 12Men, moun m'a kite nan lavil la se pòv malere yo ki pa kite lògèy vire tèt yo. Se anba zèl mwen y'a vin chache pwoteksyon. 13Ti ponyen moun ki va rete nan pèp Izrayèl la p'ap nan fè moun mal, yo p'ap nan bay manti, yo p'ap nan twonpe moun. Y'a manje, y'a dòmi, anyen p'ap fè yo pè. 14Nou menm, pèp Izrayèl, rele chante pou di jan nou kontan! Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele byen fò, fè fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, fè kè nou kontan, danse ak tout nanm nou! 15Seyè a wete tout moun ki t'ap fini avèk nou yo. Li bale tout lènmi nou yo ale. Seyè a, wa pèp Izrayèl la, l'a nan mitan nou. Pa gen malè ki pou rive nou ankò! 16Jou sa a, y'a di moun lavil Jerizalèm yo: Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, nou pa bezwen pè. Pa dekouraje! 17Seyè a, Bondye nou an, l'a nan mitan nou! Se yon vanyan gason. Se li menm k'ap delivre nou. Li kontan wè sa n'ap fè. L'ap mete ou kanpe ankò paske li renmen ou. W'ap fè kè l' kontan. li ap chante 18tankou lè gen fèt: Seyè a di: -Mwen wete sa ki t'ap fè nou pè a. Mwen wete wont ki te sou nou an. 19Jou sa a, m'a pini tout moun ki t'ap peze nou yo. M'a sove moun k'ap bwete yo, m'a fè moun yo te depòte yo tounen lakay yo. Nan tout peyi kote moun t'ap fè yo wont mwen pral fè yo fè lwanj pou yo, tout moun pral nonmen non yo. 20Lè sa a, m'a fè nou tounen lakay nou. Wi, m'a fè nou sanble ankò nan peyi nou an. M'a fè moun toupatou sou latè fè lwanj nou, y'a nonmen non nou. N'a wè m'a fè peyi nou an kanpe ankò. Se Seyè a menm ki di sa.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Julgamento, humildade e alegria em Jerusalém

  • Sofonias denuncia a corrupção entre as classes dominantes de Jerusalém, comparando seus príncipes a leões rugidores, seus juízes a lobos do entardecer e seus sacerdotes a violadores da lei sagrada. Em contraste, o capítulo retrata Deus como plenamente justo no meio da cidade, aplicando a sua justiça a cada manhã sem falhar.Fontes: o próprio texto bíblico
  • A profecia antecipa uma restauração global em que os povos invocam ao Senhor com lábios puros, incluindo adoradores que trazem ofertas de além dos rios de Cuxe, uma região situada ao sul do Egito. O texto enfatiza que os que permanecerem não serão soberbos, mas um remanescente manso e humilde que confia em Deus.Fontes: o próprio texto bíblico · Cush
  • Jerusalém é chamada de Filha de Sião, em referência à colina proeminente sobre a qual Davi construiu sua cidadela e que se tornou um nome simbólico para a cidade santa. Em vez de enfrentar medo e opróbrio, a comunidade é convocada a celebrar com alegria à medida que seus cativos são reunidos e restaurados.Fontes: o próprio texto bíblico · Zion · Jerusalem

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 7, 11, 14, 16
  • Cush · Hoje: Cush 1 · 16.935, 33.751 · versículo 10
  • Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 14, 16, 18

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.