Zacarias 2
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Apre sa, mwen fè yon lòt vizyon, mwen leve je m' gade. Mwen wè yon nonm avèk yon chenn pou mezire nan men l'. 2Mwen mande l': -Kote ou prale? Li reponn mwen: -Mwen pral pran mezi lavil Jerizalèm, pou m' wè ki longè ak ki lajè li genyen. 3Zanj ki t'ap pale avèk mwen an te rete kanpe. Yon lòt zanj pwoche devan l' vin jwenn li. 4Premye zanj lan di dezyèm lan: -Kouri al di jenn gason ou wè ak chenn nan men l' lan: sitèlman pral gen moun ak bèt nan lavil Jerizalèm, yo p'ap bezwen bati miray pou fèmen l'. 5Seyè a pale, li fè konnen se li menm k'ap tankou yon gwo miray dife k'ap fè wonn lavil la pou pwoteje l'. Li di: M'ap rete nan mitan lavil la ak tout pouvwa mwen. 6Men sa Seyè a di: -Ey! Nou menm mwen te gaye nan kat kwen latè yo, kouri, kouri kite peyi ki nan nò a. 7Ey! Nou menm moun Siyon ki rete lavil Babilòn yo, sove kò nou! 8Men sa Seyè ki gen tout pouvwa di: Se li menm ki voye m'. Men sa li di sou nasyon ki te piye pèp li a. Si yon moun manyen pèp la, se tankou si li te foure dwèt nan je m'. 9Mwen menm mwen pral regle ak nou. Moun nou te fè tounen esklav yo, se yo menm ankò ki pral piye nou. Lè sa a, tout moun va konnen se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m'. 10Seyè a di ankò: -Nou menm moun lavil Jerizalèm, chante! Fè kè nou kontan! Men m'ap vini pou m' rete nan mitan nou! Se mwen menm, Seyè a, ki di sa! 11Lè sa a, anpil nasyon va vin jwenn Seyè a pou yo sèvi l'. Se pèp pa li menm y'ap ye. L'a vin rete nan mitan yo. Lè sa a, n'a konnen se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m' kote nou. 12Seyè a va pran peyi Jida a pou li tankou pòsyon pa l' nan tè yo mete apa pou li a. L'a chwazi lavil Jerizalèm ankò. 13Se pou tout moun pe bouch yo devan Seyè a, paske l'ap soti kote ki apa pou li a, l'ap vin delivre nou!

Você sabia?
A Linha de Medir e a Restauração de Jerusalém
- Zacarias tem a visão de um homem segurando uma linha de medir para determinar as dimensões de Jerusalém. Um anjo anuncia que a cidade terá tantos habitantes e animais que ficará sem muralhas físicas, protegida pelo próprio Deus como um muro de fogo ao seu redor.Fontes: o próprio texto bíblico
- A profecia convoca os exilados dispersos pelo mundo a fugir da Babilônia e da terra do norte, advertindo que as nações estrangeiras que os saquearam serão despojadas.Fontes: o próprio texto bíblico · Babylon
- Além da restauração de Judá e de Jerusalém, a visão anuncia que muitas outras nações se unirão ao Senhor e se tornarão o seu povo quando ele habitar no meio deles.Fontes: o próprio texto bíblico · Jerusalem
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 2, 4, 5, 12
- Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 6, 7
- Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 7, 10
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org