Nations Bible

Zacarias 11

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Ou menm peyi Liban, louvri pòtay ou yo pou dife ka boule tout pye sèd ou yo. 2Nou menm, pye sikren yo, plenn sò nou! Paske pye sèd la tonbe. Gwo pyebwa yo fini! Nou menm, pye bwadchenn peyi Bazan yo, rele, plenn sò nou! Paske gwo rak plen bwa a kraze! 3Kote ou pase, ou tande chèf yo ap plenn! Yo fini, yo pèdi pouvwa a yo. Kote ou pase, ou tande jenn ti lyon yo ap plenn! Yo koupe tout bèl rakbwa ki sou bò larivyè Jouden yo. 4Seyè a, Bondye mwen an, di m' konsa: -Ou pral swen mouton y'ap pare pou labatwa. 5Moun k'ap achte yo a ap touye yo. Pesonn pa ka mande yo kont. Moun k'ap vann yo menm ap di: Lwanj pou Bondye! Gade jan nou rich non! Ata gadò mouton yo pa gen pitye pou yo. 6(Seyè a di: Mwen p'ap gen pitye pou moun ki rete nan peyi a. Se mwen menm ki pral lage yo nan men pwòp chèf yo ak pwòp wa yo ankò. Chèf yo pral fini ak peyi a. Mwen p'ap fè anyen pou m' wete yo anba men yo.) 7Se konsa, moun k'ap fè trafik mouton yo peye m' pou m' swen mouton y'ap pare pou labatwa yo pou yo. Mwen pran de baton. Mwen rele yonn Favè, mwen rele lòt la Tèt ansanm. Epi mwen tanmen pran swen mouton yo. 8Gadò yo ban m' degoutans. Nan yon mwa, mwen te chanje twa gadò yonn apre lòt. Yo menm tou, yo pa t' vle wè m'. 9Lè sa a, mwen di pèp la: -Mwen p'ap swen nou ankò. Sa ki pou mouri mèt mouri! Sa ki pou disparèt mèt disparèt! Sa ki rete yo menm, yonn mèt manje lòt. 10Lèfini, mwen pran baton Favè a, mwen kase l' de bout. Ki vle di, mwen kase kontra mwen menm, Seyè a, mwen te pase ak tout nasyon yo. 11Jou sa a, kontra a te kase. Moun k'ap fè trafik mouton yo te rete la ap gade m'. Yo vin konprann sa m' te fè a. Yo rekonèt se yon mesaj Seyè a t'ap ba yo. 12Mwen di yo: -Si nou vle peye m', nou mèt peye m'. Si nou pa vle tou, sa pa fè anyen. Y'a l' pran lajan an, yo peye m' trant pyès an ajan pou sa m' te fè a. 13Men, Seyè a di m' konsa: -Al bay lajan an pou yo mete l' nan kès tanp lan. Konsa, mwen pran trant pyès an ajan yo, bèl pri yo te wè pou yo te ban m' pou travay mwen te fè a, mwen mete yo nan kès tanp lan. 14Apre sa, mwen kase dezyèm baton m' lan, sa mwen te rele Tèt Ansanm lan, pou fè konnen pa gen tèt ansanm ankò ant moun Jida yo ak moun Izrayèl yo. 15Apre sa, Seyè a di m': -Pran pòz gadò ou ankò. Men, fwa sa a, yon gadò ki pa vo anyen. 16Paske mwen pral mete yon gadò pou okipe bann mouton m' yo. Men, lè yon mouton pèdi, se pa pou li sa. Si yonn egare, li pa pral chache l'. Si yonn blese, li p'ap fè anyen pou geri l'. Si yonn bouke, li p'ap fè anyen pou soutni l'. Okontrè, l'ap manje sa ki pi gra yo, l'ap fann zago tout lòt yo. 17Madichon pou move gadò a! Li kouri kite mouton yo pou kont yo. Se pou lagè fini ak pouvwa l' la. Se pou bra l' vin pòk, se pou li pa wè nan je dwat li.

Você sabia?

Os dois cajados e o verdadeiro pastor

  • O lamento inicial evoca regiões célebres da paisagem bíblica, lamentando a destruição dos magníficos cedros da cordilheira do Líbano, dos carvalhais de Basã e da densa vegetação ao longo do rio Jordão.Fontes: o próprio texto bíblico · Lebanon · Bashan · Jordan
  • Zacarias realiza um sinal profético ao pastorear um rebanho com dois cajados simbólicos, chamados Favor e União. Com o tempo, ele quebra ambos os cajados para representar a anulação de uma aliança com os povos e a quebra da fraternidade entre Judá e Israel.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Quando o profeta pede seu salário por pastorear o rebanho, recebe trinta moedas de prata. Seguindo a ordem do Senhor, ele lança esse pagamento ao oleiro na casa do Senhor.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Lebanon · 33.540, 35.584 · versículo 1
  • Bashan · 32.781, 35.935 · versículo 2
  • Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 3

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.