Nations Bible

Rute 3

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Kèk tan apre sa, Naomi di Rit konsa: -Pa pito m' chache yon mari pou ou, pou ou ka viv ak kè poze lakay ou? 2Ou chonje Bòz, pa vre? Mèt jaden kote ou te ye ansanm ak medam yo? Bon! Ou chonje mwen te di ou se yon fanmi pre nou li ye! Bon. Koute! Aswè a, yo pral vannen lòj yo fin bat yo. 3Al benyen. Mete odè sou ou, mete pi bèl rad ou sou ou. Epi ale bò glasi a, kote y'ap vannen an. Men, pa kite Bòz konnen ou la. W'a tann li fin manje, li fin bwè diven anvan. 4Lè sa a, w'a gade byen kote li al kouche. Lè w'a wè dòmi pran l', ou va ale, w'a leve pwent dra ki kouvri pye l' yo, epi w'a kouche kouche ou la, bò kote l'. Li menm l'a di ou sa pou ou fè apre sa. 5Rit reponn li: -M'a fè tou sa ou di m' fè. 6Se konsa Rit leve vre, li ale bò glasi a, li fè sa bèlmè li te di l' fè a. 7Lè Bòz fin manje, lè li fin bwè diven, kè l' te kontan. Li al kouche bò yon pil pay lòj, epi dòmi pote l' ale. Lè sa a, Rit pwoche tou dousman, li leve pwent dra ki te kouvri pye l' yo, epi li kouche la bò kote l'. 8Nan mitan lannwit, Bòz pantan nan dòmi an. Li leve, li panche, li tou sezi wè yon fanm ki te kouche nan pye l'. 9Li mande: -Ki moun sa? Rit reponn li: -Se mwen menm, Rit. Ou se yon fanmi pre nou. Se ou ki reskonsab pou pran swen mwen. Mwen vin jwenn ou. 10Bòz di l' konsa: -benediksyon Seyè a avè ou, mafi! Sa w'ap fè la a pi konsekan pase tou sa ou te fè pou bèlmè ou la. Sa moutre ou pa soti pou ou lage fanmi an. Ou ta gen dwa al dèyè nenpòt ki jenn gason, rich osinon pòv, pou marye avè ou, men ou pa fè l'. 11Ou pa bezwen bat kò ou, tande. M'ap fè tou sa ou mande m' fè pou ou a. Tout moun konnen ou se yon fanm total. 12Se vre sa ou di a. Mwen se yon fanmi pre nou. Mwen reskonsab ou. Men, gen yon nonm ki fanmi ou pi pre pase m'. 13Ou mèt rete pase nwit lan la. Denmen maten m'a chache konnen si li vle pran reskonsablite a sou do li. Si li dakò pou li pran li, m'a byen kontan. Si li pa vle, enben, mwen fè sèman devan Bondye vivan ki nan syèl la, m'ap pran l' mwen menm. Koulye a, rete kouche la jouk denmen maten. 14Se konsa Rit kouche la nan pye l'. Men, anvan bajou kase, li leve pou moun pa wè l', paske Bòz pa t' vle pesonn konnen li te la. 15Bòz di l' konsa: -Wete dra ki vlope ou la, louvri l' atè a. Rit louvri dra a atè. Bòz vide dis mamit lòj konsa ladan l'. Li mare l', epi li ede l' mete l' sou tèt li. Apre sa, Rit tounen lavil ak pakèt la. 16Lè li rive lakay li, bèlmè a mande l': -Enben, mafi! Ki jan sa pase? Rit tanmen rakonte l' tou sa Bòz fè pou li. 17Epi li di: -Anvan m' ale, li di m' konsa ou pa ka tounen san anyen. Se konsa, li ban m' dis mamit lòj sa yo. 18Naomi di l': -Koulye a, Rit mafi, poze kò ou tann pou ou wè jan sa pral pase. Bòz p'ap bay kò l' kanpo jòdi a, tout tan li pa regle zafè sa a.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Rute na Eira

  • A debulha e a limpeza da cevada costumavam ser feitas ao entardecer, quando os ventos ajudavam a separar o grão da palha. Proprietários como Boaz passavam a noite na eira para dormir perto dos montes de cereal colhido e proteger a colheita.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Rute pediu a Boaz que estendesse a ponta de sua capa sobre ela, um gesto que simbolizava proteção e casamento segundo o costume do resgatador familiar. Boaz elogiou seu caráter e lealdade por não procurar homens mais jovens.Fontes: o próprio texto bíblico · Boaz
  • Embora Boaz fosse um parente rico de Noemi e de seu falecido filho Malom, ele explicou que havia outro familiar com parentesco mais próximo, o qual tinha a prioridade legal no dever de resgate.Fontes: o próprio texto bíblico · Boaz · Ruth

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.