Apocalipse 7
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Apre sa, mwen wè kat zanj kanpe nan kat kwen latè a. Yo t'ap kenbe kat van yo pou okenn van pa t' soufle ni sou tè, ni sou lanmè, ni sou okenn piebwa. 2Lè sa a, mwen wè yon lòt zanj ki moute soti bò kote solèy leve a. Li te gen nan men l' letanp Bondye vivan an. Li rele byen fò, li pale ak kat zanj yo ki te resevwa pouvwa pou ravaje tè a ak lanmè a, li di yo: 3Poko fè ni tè a, ni lanmè a, ni piebwa yo okenn donmaj. Tann nou fin make sèvitè Bondye yo ak letanp lan sou fwon yo. 4Apre sa, yo di m' kantite moun ki te make ak letanp Bondye a sou fwon yo. Te gen antou sankarannkatmil (144.000) nan tout branch ras pèp Izrayèl la. 5Te gen douzmil (12.000) nan branch Jida a ki te make ak letanp lan, douzmil nan branch Woubenn lan, douzmil nan branch Gad la, 6douzmil nan branch Asè a, douzmil nan branch Nèftali a, douzmil nan branch Manase a, 7douzmil nan branch Simeyon an, douzmil nan branch Levi a, douzmil nan branch Isaka a, 8douzmil nan branch Zabilon an, douzmil nan branch Jozèf la, douzmil nan branch Benjamen an. 9Apre sa, mwen gade ankò, mwen wè yon gwo foul moun. Pesonn pa t' kapab konte kantite ki te gen ladan li. Se te moun tout lòt nasyon, tout kalite ras, pèp tout peyi ak tout lang. Yo te kanpe la devan fòtèy la ak devan ti Mouton an. Yo te gen rad tou blan sou yo, yo te gen fèy palmis nan men yo. 10Yo t'ap rele byen fò, yo t'ap di: Se Bondye nou an ki chita sou fòtèy la. Se li menm ansanm ak ti Mouton an ki vin delivre nou. 11Tout zanj yo kanpe, yo fè yon wonn, yo mete fòtèy la, granmoun yo ak kat bèt vivan yo nan mitan yo. Yo lage kò yo atè devan fòtèy la, yo bese tèt yo byen ba pou adore Bondye, 12yo t'ap di: Se vre wi. Lwanj, onè, bon konprann, rekonesans, respè, pouvwa ak fòs, tou sa pou Bondye nou an pou tout tan. Amèn. 13Apre sa, yonn nan granmoun yo mande mwen: Moun sa yo ki gen rad tou blan sou yo a, ki moun yo ye? Ki bò yo soti? 14Mwen reponn li: Se ou menm ki konnen wi, mèt mwen. Lè sa a, li di mwen: Se moun ki pase anba gwo pèsekisyon an. Yo lave rad yo, yo blanchi yo nan san ti Mouton an. 15Se poutèt sa, yo kanpe la devan fòtèy Bondye a, lajounen kou lannwit y'ap sèvi nan tanp li a. Moun ki chita sou fòtèy la ap toujou la pou pwoteje yo. 16Yo p'ap janm grangou, yo p'ap janm swaf dlo. Ni solèy, ni okenn lòt gwo chalè p'ap kapab boule yo. 17Paske, ti Mouton ki nan mitan fòtèy la va tankou yon gadò pou yo. La mennen yo bò sous dlo ki bay lavi a. Se Bondye menm ki va siye dlo nan je yo.

Você sabia?
As tribos seladas e a grande multidão
- Apocalipse 7 apresenta o número dos selados como 144.000, doze mil de cada uma das tribos de Israel nomeadas no capítulo. Israel era outro nome de Jacó, o segundo dos filhos gêmeos de Isaque e Rebeca; o Easton's Bible Dictionary (1897) explica o nome de Jacó como alguém que segue os calcanhares de outro, ou um suplantador.Fontes: o próprio texto bíblico · Jacob (Israel)
- Embora Rúben fosse o filho mais velho de Jacó e Lia, a lista dos selados começa com Judá e depois nomeia Rúben. A lista inclui também tanto José como Manassés; Manassés era o filho mais velho de José, e Jacó adotou a ele e a seu irmão Efraim como seus próprios filhos.Fontes: o próprio texto bíblico · Reuben · Manasseh (son of Joseph)
- Depois do selamento, a visão mostra uma multidão grande demais para ser contada, de toda nação, tribo, povo e língua, de pé diante do trono e do Cordeiro, com vestes brancas e ramos de palmeira nas mãos. Um dos anciãos diz que eles saíram da grande tribulação e lavaram as suas vestes, tornando-as brancas no sangue do Cordeiro.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org