Nations Bible

Apocalipse 4

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Apre sa, mwen fè yon lòt vizyon, mwen wè yon pòt louvri nan sièl la. Vwa ki t'ap sonnen nan zòrèy mwen tankou yon klewon an, menm vwa ki t'ap pale avè m' anvan an, di m' konsa: Moute bò isit, m'a fè ou wè sa ki gen pou rive apre sa. 2Lamenm, Lespri Bondye a fè m' fè yon vizyon, mwen wè yon fòtèy nan sièl la ak yon moun chita sou li. 3Figi moun lan te klere tankou piè bijou yo rele jasp la ak sa yo rele sadwan lan. Fòtèy la menm te nan mitan yon gwo lakansièl ki te klere tankou yon piè emwòd. 4Tout arebò fòtèy la te gen vennkat lòt fòtèy ak vennkat granmoun chita sou yo. Granmoun yo te gen rad tout blan sou yo, ak yon kouwòn an lò sou tèt yo chak. 5Kout zèklè t'ap pati soti nan fòtèy la ansanm ak mizik ak kout loraj. Te gen sèt flanbo limen ki t'ap boule devan fòtèy la; se sèt Lespri Bondye yo. 6Devan fòtèy la tou te gen yon bagay ki te sanble yon lanmè an glas ki klere kou kristal. Toupre fòtèy la, te gen kat bèt vivan kanpe yonn nan chak direksyon. Yo te gen anpil je devan kou dèyè. 7Premie a te sanble ak yon lyon. Dezyèm lan te sanble ak yon jenn ti towo bèf. Twazièm lan te gen yon figi ki te sanble ak figi moun. Katriyèm lan te sanble ak yon gwo malfini k'ap vole. 8Yo chak yo te gen sis zèl. Tout kò yo se te je andedan kou deyò. Lajounen kou lannwit y'ap chante san rete: Wi, li sen, li sen, li sen vre, Bondye sèl Mèt ki gen tout pouvwa a, Li menm ki te la, ki la koulye a, ki gen pou vini an. 9Kat bèt vivan yo t'ap chante pou fè lwanj moun ki chita sou fòtèy la, pou rann li onè, pou di l' mèsi, li menm ki vivan pou tout tan an. Chak fwa yo pran chante, 10vennkat granmoun yo tonbe ajenou fas atè devan moun ki chita sou fòtèy la, yo adore moun ki vivan pou tout tan an. Yo jete kouwòn yo devan fòtèy la. Yo di: 11O Bondye, Mèt nou, ou merite pou ou resevwa lwanj, respè ak pouvwa. Se ou menm ki fè tout bagay. Si yo la, si yo gen lavi, se paske ou vle l'.

Você sabia?

O trono e a adoração

  • O capítulo começa quando o narrador olha e vê uma porta aberta no céu. A voz que ele já tinha ouvido, semelhante a uma trombeta, o chama para subir e ver o que deve acontecer depois; imediatamente ele está no Espírito e vê um trono, com alguém sentado que parece jaspe e cornalina, cercado por um arco-íris que brilha como esmeralda.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O próprio texto explica uma das imagens: as sete tochas de fogo que ardem diante do trono são os sete Espíritos de Deus. Do trono saem relâmpagos, estrondos e trovões, e diante dele há algo como um mar de vidro, límpido como cristal.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Quatro seres viventes rodeiam o trono, semelhantes a um leão, a um bezerro, a um rosto humano e a uma águia em voo. Cada um tem seis asas e está coberto de olhos, e de dia e de noite não param de proclamar santo o Senhor Deus Todo-Poderoso. Sempre que eles dão glória, vinte e quatro anciãos vestidos de branco, com coroas de ouro, prostram-se, lançam as coroas diante do trono e declaram digno aquele que está sentado, porque criou todas as coisas e pela sua vontade elas existem.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.