Nations Bible

Apocalipse 2

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Ekri zanj legliz ki nan lavil Efèz la. Di l' konsa: Moun ki kenbe sèt zetwal yo nan men dwat li a, moun k'ap mache nan mitan sèt gwo lanp sèt branch lò yo, men sa li voye di ou: 2Mwen konnen tou sa w'ap fè, jan ou travay di, jan ou gen pasians. Mwen konnen tou ou pa ka sipòte mechan yo: ou sonde tout moun sa yo k'ap pran pòz apòt yo. Ou dekouvri se mantò yo ye. 3Ou gen anpil pasians, ou soufri anpil poutèt mwen. Ou pa dekouraje. 4Men, men repwòch mwen gen pou m' fè ou: Koulye a ou pa renmen m' jan ou te renmen m' anvan an. 5Chonje kote ou te ye anvan ou tonbe a, tounen vin jwenn Bondye. Reprann lavi ou t'ap mennen anvan an. Si ou pa tounen vin jwenn Bondye, m'ap vini kote ou ye a, m'ap wete chandelie ou la nan plas kote l' ye a. 6Men, malgre sa, ou gen kichòy ki bon: ou pa vle wè sa bann Nikolayit yo ap fè a. Mwen menm tou, mwen pa vle wè yo. 7Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo! Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa pou yo manje nan piebwa ki bay lavi a, piebwa ki nan mitan jaden Bondye a. 8Ekri zanj legliz ki nan lavil Esmen lan. Di l' konsa: Moun ki premie a ak dènye a, li menm ki te mouri, men ki te leve soti vivan nan lanmò a, men sa l' voye di ou: 9Mwen konnen jan w'ap soufri. Mwen konnen jan ou pòv. Men, pou di vre, ou rich anpil! Mwen konnen jan moun ki swadizan jwif yo ap pale ou mal. Men, se pa jwif yo ye. Se yon bann moun Satan. 10Ou pa bezwen pè pou sa ou pral soufri ankò. Koute, Satan pral chache sonde nou tout, li pral jete anpil nan nou nan prizon. Nou pral soufri pandan dis jou. Men, kenbe fèm menm si nou gen pou n' mouri. M'a ban nou lavi pou rekonpans. 11Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. Moun ki va goumen jouk yo genyen batay la p'ap soufri dezyèm lanmò a. 12Ekri zanj legliz ki nan lavil Pègam lan. Di l' konsa: Men sa moun ki gen nepe file de bò a voye di ou: 13Mwen konnen kote ou rete a se la Satan chita. Ou pa lage m', ou pa pèdi konfians ou gen nan mwen an, menm lè yo te fè touye Antipas ki mouri poutèt mwen la nan mitan nou, nan lavil kote Satan rete a. 14Men, men repwòch mwen gen pou m' fè ou: ou gen kèk moun lakay ou k'ap swiv konsèy Balaram te bay lè li te moutre Balak sa pou l' te fè pou fè pitit Izrayèl yo tonbe nan peche, pou l' te fè yo manje viann bèt yo te ofri pou touye bay zidòl, pou l' te fè yo lage kò yo nan imoralite. 15Konsa tou, ou gen kèk moun lakay ou k'ap swiv konsèy Nikolayit yo. 16Tounen vin jwenn Bondye non. Si ou pa fè sa, talè konsa m'ap vini, m'ap goumen ak moun sa yo ak nepe k'ap soti nan bouch mwen an. 17Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'a ba yo laman ki kache a. M'ap ba yo chak yon ti wòch blan ak yon lòt non ekri sou li, yon non pesonn pa konnen esepte moun ki resevwa l' la. 18Ekri zanj legliz ki nan lavil Tiyati a. Di l' konsa: Men sa pitit Bondye a voye di ou, li menm ki gen je l' yo tankou de flanm dife, ak pie l' yo klere tankou kwiv poli. 19Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen jan ou gen renmen nan kè ou, jan ou gen konfians, jan ou fè sèvis ou byen, ak jan ou gen anpil pasians. Mwen konnen tou w'ap travay koulye a pi plis pase anvan. 20Men, men repwòch mwen gen pou m' fè ou: w'ap tolere fanm yo rele Jezabèl la k'ap pran pòz pwofèt Bondye li. L'ap detounen sèvitè m' yo, l'ap moutre yo pou yo lage kò yo nan imoralite, pou yo manje viann bèt yo te ofri pou touye bay zidòl. 21Mwen ba l' kont tan pou l' vire kite peche l' yo. Men, li pa vle kite imoralite li a. 22Se poutèt sa, mwen pral lage l' jete sou yon kabann kote li pral soufri anpil. Tout moun k'ap fè adiltè avè l' yo pral soufri anpil tou, si yo pa chanje, si yo pa kite move zak y'ap plede fè ansanm avè l' yo. 23Apre sa, m'ap fè tout pitit li yo mouri. Konsa, tout legliz yo va konnen mwen se moun ki konnen tout lide lèzòm ap fè nan tèt yo ak tout santiman yo gen nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. 24Pou nou menm, lòt manm legliz nan lavil Tiyati yo ki pa swiv move konsèy sa yo, ki pa t' aprann sa bann moun sa yo ap rele gwo sekrè Satan an, men sa m'ap di nou: Mwen p'ap ban nou lòt chay pase sa. 25Men, kenbe sa nou genyen an byen fèm jouk jou m'a tounen. 26Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, epi ki va toujou ap fè sa m' vle yo fè a jouk sa kaba, m'a ba yo pouvwa sou tout nasyon, 27menm jan Papa m' te ban m' pouvwa sa a tou. Y'a gouvènen nasyon yo ak yon baton fè, y'a kraze yo an miyèt moso tankou yon kannari yo kraze. 28M'a ba yo bèl zetwal ki klere chak maten an tou. 29Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Mensagens às Quatro Igrejas

  • Éfeso era a capital da Ásia proconsular e detinha o título romano de primeira e maior metrópole da província. Era famosa no mundo antigo pelo seu teatro ao ar livre para 50.000 espectadores e por abrigar o principal santuário e templo de Diana.Fontes: Ephesus · o próprio texto bíblico
  • Pérgamo, a principal cidade da Mísia situada perto do rio Caico, é descrita na carta como o lugar onde está o trono de Satanás. O texto elogia os crentes locais por manterem a fé mesmo quando Antipas, chamado de testemunha fiel, foi morto na cidade.Fontes: Pergamum · Antipas · o próprio texto bíblico
  • Localizada entre a Lídia e a Mísia, a cidade de Tiatira era renomada pela indústria de tinturaria, como confirmam inscrições antigas que mencionam sua guilda de tintureiros. No Novo Testamento, Lídia, uma vendedora de tecidos tingidos de púrpura, era natural dessa cidade.Fontes: Thyatira · o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Ephesus · 37.939, 27.341 · versículo 1
  • Smyrna · Hoje: Izmir · 38.419, 27.138 · versículo 8
  • Pergamum · Hoje: Pergamon · 39.132, 27.184 · versículo 12
  • Thyatira · Hoje: Akhisar · 38.920, 27.837 · versículos 18, 24

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.