Apocalipse 15
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Apre sa, mwen wè yon lòt siy nan sièl la, yon gwo siy ki pou fè moun sezi: sèt zanj ki te kenbe sèt kalamite. Se te sèt dènye kalamite yo. Apre yo, Bondye ap sispann fè kòlè. 2Apre sa, mwen wè yon bagay ki te tankou yon lanmè fèt an kristal mele ak dife. Mwen wè tou moun ki te genyen nan batay yo t'ap mennen kont bèt la, kont estati l' la, kont moun ki gen yon nimewo ki koresponn ak non l' lan. Yo tout yo te kanpe bò lanmè kristal la, yo te gen nan men yo gita Bondye te ba yo a. 3Yo t'ap chante chante Moyiz, sèvitè Bondye a, ansanm ak chante ti Mouton an Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa, tou sa ou fè, se bèl bagay! Ou menm ki wa tout nasyon, plan travay ou yo dwat, se verite yo ye. 4Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou, Mèt? Ki moun ki pou ta refize fè lwanj ou? Se ou menm sèl ki sen. Tout nasyon yo gen pou vini pou yo bese tèt yo devan ou, pou yo adore ou. Paske, yo wè aklè sa ou fè se bagay ki dwat. 5Apre sa, mwen wè kote ki apa pou Bondye nan tanp ki nan sièl la louvri. 6Sèt zanj ki te kenbe sèt kalamite yo soti nan tanp la. Yo te abiye ak yon bèl twal blan byen fin ki te klere anpil. Yo te gen sentiwon an lò mare sou lestonmak yo. 7Yonn nan kat bèt vivan yo bay sèt zanj yo sèt gode fèt an lò ki te plen ak kòlè Bondye ki vivan pou tout tan an. 8Lafimen ki t'ap soti nan gwo limiè prezans ak nan pouvwa Bondye a te plen tanp lan nèt. Pesonn pa t' kapab antre nan tanp lan toutotan sèt kalamite ki te nan men zanj yo pa t' ankò pase.
Você sabia?
O cântico e as sete pragas finais
- Apocalipse 15 começa com um sinal no céu: sete anjos com as sete pragas finais, pelas quais, segundo o texto, se completa a ira de Deus.Fontes: o próprio texto bíblico
- Junto a um mar de vidro misturado com fogo estão os que tinham vencido a besta, a sua imagem e o número do seu nome. Eles seguram harpas que vêm de Deus e cantam o cântico do servo de Deus, Moisés, e do Cordeiro.Fontes: o próprio texto bíblico
- O templo no céu, chamado tabernáculo do Testemunho, é aberto, e dele saem sete anjos vestidos de linho limpo e brilhante, cingidos com cintos de ouro. Um dos quatro seres viventes entrega-lhes sete taças de ouro cheias da ira de Deus, e a fumaça da glória e do poder de Deus enche o templo, de modo que ninguém pode entrar até que as pragas se completem.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org