Apocalipse 10
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Apre sa, mwen wè yon lòt zanj ki te gwonèg anpil desann soti nan sièl la. Li te vlope nan yon gwo nwaj ak yon lakansièl kouwonnen tout tèt li. Figi l' te tankou solèy la. De janm li yo te tankou de gwo flanm dife. 2Li te kenbe yon ti liv louvri nan men li. Li mete pie dwat li sou lanmè, pie gòch li sou tè fèm. 3Li pran rele byen fò tankou yon lyon k'ap gwonde. Lè li fin rele, sèt loraj yo pran gwonde reponn li. 4Fini yo fin pale, mwen tapral ekri sa yo te di a, lè m' tande yon vwa nan sièl la ki di m' konsa: Sa sèt loraj yo sot di a, se yon sekrè pou ou kenbe. Pa ekri li. 5Apre sa, zanj mwen te wè kanpe sou lanmè ak sou tè fèm lan leve men dwat li nan sièl. 6Li fè sèman sou non Bondye k'ap viv pou tout tan an, Bondye ki fè sièl la ak tou sa ki ladan l', tè a ak tou sa ki ladan li, ansanm ak lanmè a ak tou sa ki ladan li. Zanj lan di: Yo p'ap bay dèle ankò. 7Men lè setièm zanj lan va pran kònen klewon l' lan, Bondye pral fè sa li gen pou l' fè dapre plan travay li te kenbe sere nan tèt li a, jan l' te fè pwofèt ki t'ap sèvi l' yo konn sa. 8Apre sa, vwa mwen te tande sot nan sièl la pran pale avè m' ankò. Li di mwen konsa: Ale pran ti liv ki louvri nan men zanj ki kanpe sou lanmè ak sou tè fèm lan. 9Mwen pwoche bò kote zanj lan. Mwen mande l' pou l' ban m' ti liv la. Li di mwen konsa. Men li, pran l', manje li. L'ap gen yon gou anmè nan lestonmak ou. Men, nan bouch ou l'ap dous tankou siwo myèl. 10Mwen pran ti liv la nan men li. Mwen manje l', li te dous tankou siwo myèl nan bouch mwen. Men, lè m' vale l', li te anmè kou fièl nan lestonmak mwen. 11Apre sa, yo di mwen: Se pou ou fè konnen mesaj Bondye a ankò, mesaj ki pale sou anpil pèp, anpil nasyon, anpil lang ak anpil wa.

Você sabia?
O anjo, os trovões selados e o rolo
- Um anjo forte desce do céu, envolto numa nuvem, com um arco-íris sobre a cabeça, o rosto como o sol e as pernas como colunas de fogo. Traz na mão um pequeno rolo aberto e põe o pé direito sobre o mar e o pé esquerdo sobre a terra.Fontes: o próprio texto bíblico
- Quando o anjo clama como um leão que ruge, sete trovões fazem ouvir a sua voz. O narrador está prestes a escrever o que disseram, mas uma voz do céu ordena que isso seja selado e não seja escrito. De pé sobre o mar e sobre a terra, o anjo levanta a mão direita ao céu e jura por aquele que vive para todo o sempre, que criou o céu e tudo o que nele há, a terra e tudo o que nela há, e o mar e tudo o que nele há, que não haverá mais demora, mas que, nos dias em que o sétimo anjo estiver para tocar a trombeta, o mistério de Deus se cumprirá, como ele anunciou a seus servos, os profetas.Fontes: o próprio texto bíblico
- Uma voz do céu manda o narrador tomar da mão do anjo o pequeno rolo aberto. O anjo diz que o coma e avisa que será doce como mel na boca, mas amargo no estômago. O narrador o come e assim o experimenta, e depois lhe dizem que deve profetizar de novo sobre muitos povos, nações, línguas e reis.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org